Sòm
Yon melodi. Yon chante desandan Kore yo+ te konn chante. Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe nan stil Mahalat*. Se youn apre lòt pou gwoup yo chante pawòl yo. Yon maskil* Eman+, yon desandan Zera, te ekri.
2 Kite priyè m nan rive jwenn ou+.
Panche zòrèy ou* pou w tande m lè m ap rele w pou m mande w sekou+.
4 Yo deja konte m pami moun k ap desann nan twou a*+.
Mwen tounen yon moun ki pa gen moun ki pou ede l*+,
5 Yon moun yo lage nan mitan kadav,
Yon moun yo touye ki kouche nan yon kavo,
Yon moun ou pa sonje ankò,
Yon moun ou pa pran swen ankò.
6 Ou mete m nan twou ki pi fon an,
Kote ki fè nwa, nan yon gwo twou san fon.
7 Kòlè w ap peze sou mwen+,
Ou frape m avèk gwo lanm lanmè w yo. (Sela)
9 Je m vin fèb tèlman m ap soufri+.
O Jewova, se tout lajounen m ap rele w+,
M ap leve men m devan w pou m priye w.
10 Èske se pou moun ki mouri yo w ap fè mirak?
Èske moun ki mouri yo ka leve pou yo fè louwanj pou ou+? (Sela)
11 Èske moun ki nan tonm yo ka fè konnen jan w gen yon lanmou ki fidèl?
Èske moun ki kote mò yo tounen pousyè a* ka fè konnen jan w fidèl?
12 Èske moun ki nan fènwa yo ka konnen gwo mirak ou fè yo?
Èske moun ki nan peyi moun yo bliye yo ka konnen jan w jis+?
15 Depi m toupiti
M ap soufri e m ap pase toupre lanmò+.
M fin depafini akoz tout move eksperyans ou kite m fè yo.
16 Ou an kòlè anpil e kòlè sa a twòp pou mwen+.
Atak ou fè sou mwen yo fè m pè e yo fini avè m.
17 Se tout lajounen yo anvayi m tankou gwo dlo.
Yo sot nan tout direksyon* e yo ansèkle m.
18 Ou fè zanmi m yo, konpayon m yo, rete lwen m+.
Se fènwa ki tounen zanmi m.