Jonas
2 Apre sa, Jonas priye Jewova, Bondye l la, pandan l nan vant pwason an+. 2 Li di:
“Pandan mwen nan malè, mwen rele Jewova, epi li reponn mwen+.
Pandan m nan fon* Tonm nan*, mwen rele w pou m mande w sekou+.
Ou tande vwa m.
3 Lè w te lage m nan fon lanmè a, nan mitan lanmè a,
Kouran dlo yo te kouvri m+.
Tout gwo vag lanmè w yo te pase sou mwen+.
4 Epi m te di: ‘Ou fè m ale lwen pou w pa wè m.
Èske m ap janm wè tanp sakre w la ankò?’
5 Dlo te kouvri m nèt, e lavi m te an danje*+.
Pòtay nan fon lanmè yo te fèmen sou mwen.
Zèb anba lanmè yo te vlope tout tèt mwen.
6 Mwen te plonje desann jis nan pye mòn yo.
Pòtay latè yo te fèmen sou mwen pou toutan.
Men, ou fè m sot nan twou a vivan, o Jewova, Bondye m nan+.
7 Lè lavi m* t ap fini tikras pa tikras, se Jewova mwen te sonje+.
Lè sa a, priyè m te rive kote w, nan tanp ou an ki sakre+.
8 Moun ki lage kò yo nan adore zidòl ki san valè yo bliye Sila a ki demontre lanmou ki fidèl pou yo a*.
9 Mwen menm, se pou ou m ap fè louwanj e se pou ou m ap fè sakrifis.
M ap respekte ve mwen te fè a+.
Se Jewova ki bay delivrans+.”
10 Rive yon lè, Jewova te bay pwason an lòd, e pwason an t al vomi Jonas sou tè.