Labib — Tradiksyon monn nouvo a Jenèz — Sa ki gen nan liv sa a JENÈZ SA KI GEN NAN LIV SA A 1 Bondye kreye syèl la ak tè a (1, 2) Bondye prepare tè a pandan sis jou (3-31) Premye jou: limyè; Lajounen ak Lannuit (3-5) Dezyèm jou: espas (6-8) Twazyèm jou: pati tè ki sèk la ak plant (9-13) Katriyèm jou: limyè parèt nan syèl la (14-19) Senkyèm jou: pwason ak zwazo (20-23) Sizyèm jou: bèt ki viv sou tè ak moun (24-31) 2 Bondye pran repo setyèm jou a (1-3) Jewova Dye, Kreyatè syèl la ak tè a (4) Gason ak fi nan jaden Edenn nan (5-25) Lòm fèt ak pousyè (7) Pyebwa konesans Bondye te entèdi a (15-17) Bondye kreye fi (18-25) 3 Lè lòm kòmanse peche (1-13) Premye manti a (4, 5) Jewova jije rebèl yo (14-24) Bondye anonse fi a pral gen yon desandans (15) Bondye mete yo deyò nan jaden Edenn nan (23, 24) 4 Kayen ak Abèl (1-16) Desandan Kayen yo (17-24) Sèt ak Enòch, pitit gason l (25, 26) 5 Soti nan Adan rive nan Noye (1-32) Adan te vin gen plizyè pitit gason ak pitit fi (4) Enòk te mache avèk Bondye (21-24) 6 Pitit Bondye pran fi pou vin madanm yo sou tè a (1-3) Nefilim yo fèt (4) Mechanste lèzòm fè Jewova tris (5-8) Bondye mande Noye fè yon lach (9-16) Bondye anonse pral gen yon delij (17-22) 7 Yo antre nan lach la (1-10) Dlo delij la kouvri tout tè a (11-24) 8 Dlo delij la bese (1-14) Noye voye yon pijon deyò lach la (8-12) Yo soti nan lach la (15-19) Pwomès Bondye fè pou tè a (20-22) 9 Enstriksyon pou tout limanite (1-7) Lwa ki gen rapò ak san (4-6) Alyans lakansyèl la (8-17) Pwofesi pou desandan Noye yo (18-29) 10 Lis nasyon yo (1-32) Desandan Jafèt yo (2-5) Desandan Kam yo (6-20) Nimwod opoze ak Jewova (8-12) Desandan Sèm yo (21-31) 11 Gwo gwo bilding Babèl la (1-4) Jewova bwouye lang moun yo pale (5-9) Soti nan Sèm rive nan Abram (10-32) Fanmi Tera (27) Abram kite vil Ou (31) 12 Abram kite Aran pou l al Kanaran (1-9) Pwomès Bondye fè Abram (7) Abram ak Sarayi ann Ejip (10-20) 13 Abram retounen Kanaran (1-4) Abram ak Lòt separe (5-13) Bondye repete pwomès li te fè Abram nan (14-18) 14 Abram delivre Lòt (1-16) Mèlkisedèk beni Abram (17-24) 15 Alyans Bondye fè ak Abram (1-21) Yo pral maltrete desandan Abram yo pandan 400 an (13) Bondye repete pwomès li te fè Abram nan (18-21) 16 Aga ak Izmayèl (1-16) 17 Abraram ap vin papa anpil nasyon (1-8) Abram vin rele Abraram (5) Alyans sikonsizyon an (9-14) Sarayi vin rele Sara (15-17) Bondye pwomèt yo yon pitit gason, Izarak (18-27) 18 Twa zanj vizite Abraram (1-8) Bondye pwomèt l ap fè Sara fè yon pitit gason; Sara ri (9-15) Abraram sipliye Bondye pou vil Sodòm (16-33) 19 Gen zanj ki vizite Lòt (1-11) Zanj yo mande Lòt ak fanmi l pou yo kite vil la (12-22) Sodòm ak Gomò detwi (23-29) Madan Lòt vin tounen yon poto sèl (26) Lòt ak pitit fi l yo (30-38) Jan Mowab ak Amon vin egziste (37, 38) 20 Sara delivre anba men Abimelèk (1-18) 21 Izarak fèt (1-7) Izmayèl pase Izarak nan rizib (8, 9) Abraram voye Aga ak Izmayèl ale (10-21) Alyans Abraram fè ak Abimelèk (22-34) 22 Bondye mande Abraram pou l sakrifye Izarak (1-19) Benediksyon grasa desandans Abraram nan (15-18) Fanmi Rebeka (20-24) 23 Lanmò Sara ak kote yo antere l (1-20) 24 Yo chèche yon madanm pou Izarak (1-58) Rebeka al rankontre ak Izarak (59-67) 25 Abraram remarye (1-6) Lanmò Abraram (7-11) Pitit gason Izmayèl yo (12-18) Jakòb ak Ezaou fèt (19-26) Ezaou vann dwa li genyen kòm premye pitit la (27-34) 26 Izarak ak Rebeka nan Gera (1-11) Bondye fè Izarak konnen li kenbe pwomès li te fè a (3-5) Gwo diskisyon akoz pi yo (12-25) Alyans Izarak fè ak Abimelèk (26-33) Ezaou gen de madanm ki desandan Èt (34, 35) 27 Jakòb jwenn benediksyon Izarak la (1-29) Ezaou chèche jwenn benediksyon san li pa repanti (30-40) Ezaou rayi Jakòb (41-46) 28 Izarak voye Jakòb Padanaram (1-9) Rèv Jakòb te fè Betèl la (10-22) Bondye fè Jakòb konnen li kenbe pwomès li te fè a (13-15) 29 Jakòb rankontre ak Rachèl (1-14) Jakòb tonbe damou pou Rachèl (15-20) Jakòb marye ni ak Leya ni ak Rachèl (21-29) Kat pitit gason Leya fè pou Jakòb: Ribenn, Simeyon, Levi ak Jida (30-35) 30 Bila fè Dann ak Neftali (1-8) Zilpa fè Gad ak Achè (9-13) Leya fè Isaka ak Zabilon (14-21) Rachèl fè Jozèf (22-24) Jakòb vin gen anpil bèt (25-43) 31 Jakòb al Kanaran an kachèt (1-18) Laban rive jwenn Jakòb (19-35) Jakòb fè alyans ak Laban (36-55) 32 Gen zanj ki rankontre ak Jakòb (1, 2) Jakòb prepare l pou l al rankontre Ezaou (3-23) Jakòb lite ak yon zanj (24-32) Jakòb vin rele Izrayèl (28) 33 Jakòb rankontre ak Ezaou (1-16) Jakòb vwayaje al Sichèm (17-20) 34 Yo vyole Dina (1-12) Pitit gason Jakòb yo aji ak riz (13-31) 35 Jakòb voye tout fo dye jete (1-4) Jakòb retounen Betèl (5-15) Benjamen fèt, Rachèl mouri (16-20) Douz pitit gason Izrayèl yo (21-26) Izarak mouri (27-29) 36 Desandan Ezaou yo (1-30) Wa ak chèf peyi Edòm yo (31-43) 37 Rèv Jozèf yo (1-11) Jozèf ak frè l ki te jalou yo (12-24) Yo vann Jozèf kòm esklav (25-36) 38 Jida ak Tama (1-30) 39 Jozèf lakay Potifa (1-6) Jozèf reziste devan madanm Potifa (7-20) Jozèf nan prizon (21-23) 40 Jozèf esplike rèv prizonye yo (1-19) ‘Bondye konn esplike rèv’ (8) Jou fèt Farawon (20-23) 41 Jozèf esplike rèv Farawon yo (1-36) Farawon mete Jozèf nan gwo pozisyon (37-46a) Jozèf ap jere manje (46b-57) 42 Frè Jozèf yo al ann Ejip (1-4) Jozèf rankontre frè l yo e li teste yo (5-25) Frè Jozèf yo retounen lakay yo al jwenn Jakòb (26-38) 43 Dezyèm vwayaj frè Jozèf yo ann Ejip, y ale ak Benjamen (1-14) Jozèf rankontre frè l yo ankò (15-23) Jozèf manje ak frè l yo (24-34) 44 Koup ann ajan Jozèf la nan sak Benjamen (1-17) Jida sipliye Jozèf pou Benjamen (18-34) 45 Jozèf fè konnen kiyès li ye (1-15) Frè Jozèf yo retounen al chèche Jakòb (16-28) 46 Jakòb ak fanmi l al viv ann Ejip (1-7) Non moun k al ann Ejip yo (8-27) Jozèf al rankontre Jakòb nan Gochenn (28-34) 47 Jozèf al pale ak Farawon (1-12) Jozèf jere bagay yo avèk sajès (13-26) Izrayèl abite Gochenn (27-31) 48 Jakòb beni de pitit gason Jozèf yo (1-12) Efrayim jwenn pi gwo benediksyon (13-22) 49 Pwofesi Jakòb te bay anvan l mouri (1-28) Chilo ap soti nan Jida (10) Enstriksyon Jakòb bay pou antèman l (29-32) Jakòb mouri (33) 50 Jozèf antere Jakòb nan Kanaran (1-14) Jozèf asire frè l yo li padone yo (15-21) Dènye jou lavi Jozèf ak lanmò l (22-26) Lòd Jozèf bay konsènan zosman l (25)