Labib — Tradiksyon monn nouvo a Egzòd — Sa ki gen nan liv sa a EGZÒD SA KI GEN NAN LIV SA A 1 Izrayelit yo vin anpil ann Ejip (1-7) Farawon fè Izrayelit yo travay di (8-14) Fanmsaj ki gen lakrentif pou Bondye yo sove lavi (15-22) 2 Moyiz fèt (1-4) Pitit fi Farawon an adopte Moyiz (5-10) Moyiz kouri al Madyan e li marye ak Sefora (11-22) Bondye tande jan Izrayelit yo ap plenn (23-25) 3 Moyiz ak pye pikan ki gen dife ladan l lan (1-12) Jewova esplike sa non l vle di (13-15) Jewova bay Moyiz enstriksyon (16-22) 4 Twa mirak Moyiz gen pou l fè (1-9) Moyiz santi li pa kalifye (10-17) Moyiz retounen ann Ejip (18-26) Moyiz rankontre Arawon (27-31) 5 Moyiz ak Arawon devan Farawon (1-5) Yo fè pèp la travay pi di (6-18) Izrayelit yo akize Moyiz ak Arawon (19-23) 6 Bondye repete pwomès li fè pou l libere pèp la (1-13) Yo pa konn non Jewova nèt (2, 3) Liy fanmi kote Moyiz ak Arawon soti (14-27) Moyiz dwe parèt devan Farawon ankò (28-30) 7 Jewova fòtifye Moyiz (1-7) Baton Arawon an tounen yon gwo koulèv (8-13) Premye flewo: dlo tounen san (14-25) 8 Dezyèm flewo: krapo (1-15) Twazyèm flewo: moustik (16-19) Katriyèm flewo: gwo mouch (20-32) Pa gen pwoblèm nan Gochenn (22, 23) 9 Senkyèm flewo: bèt mouri (1-7) Sizyèm flewo: gwo bouton leve ni sou moun ni sou bèt (8-12) Setyèm flewo: lagrèl (13-35) Farawon dwe wè pisans Bondye (16) Yo dwe fè konnen non Jewova (16) 10 Uityèm flewo: krikèt (1-20) Nevyèm flewo: fènwa (21-29) 11 Yo anonse dizyèm flewo a (1-10) Izrayelit yo dwe mande kado (2) 12 Fèt Pak la tabli (1-28) Yo dwe pase san sou chanbrann pòt yo (7) Dizyèm flewo: Bondye touye premye pitit yo (29-32) Pèp la kite peyi Ejip (33-42) Fen 430 ane yo (40, 41) Enstriksyon pou patisipe nan fèt Pak la (43-51) 13 Premye pitit gason yo ak premye mal bèt yo se pou Jewova (1, 2) Fèt Pen san ledven (3-10) Yo bay Bondye tout premye pitit gason yo ak premye mal bèt yo (11-16) Izrayelit yo pran direksyon Lanmè Wouj (17-20) Nyaj ak dife ki gen fòm poto yo (21, 22) 14 Izrayelit yo rive bò lanmè a (1-4) Farawon pati dèyè Izrayelit yo (5-14) Izrayelit yo travèse Lanmè Wouj (15-25) Ejipsyen yo neye nan lanmè a (26-28) Izrayelit yo vin gen lafwa nan Jewova (29-31) 15 Moyiz ak Izrayelit yo chante yon chan viktwa (1-19) Miryam chante pou l reponn (20, 21) Dlo anmè tounen dlo dous (22-27) 16 Pèp la plenyen pou manje (1-3) Jewova tande y ap plenyen (4-12) Bondye ba yo zwazo ak lamàn (13-21) Pa gen lamàn jou saba (22-30) Yo konsève lamàn pou fè yo sonje (31-36) 17 Pèp la ap plenyen paske pa gen dlo nan Orèb (1-4) Dlo sot nan yon wòch (5-7) Moun Amalèk atake pèp la epi yo pèdi lagè a (8-16) 18 Jetwo ak Sefora rive (1-12) Jetwo bay Moyiz konsèy pou l nome jij (13-27) 19 Sou Mòn Sinayi (1-25) Pèp Izrayèl la t ap vin yon wayòm prèt (5, 6) Yo pirifye pèp la pou l prezante devan Bondye (14, 15) 20 Dis Kòmandman yo (1-17) Bagay estrawòdinè ki fè Izrayelit yo pè (18-21) Enstriksyon sou fason pou yo adore Bondye (22-26) 21 Lwa pou pèp Izrayèl la (1-36) Sou esklav ebre yo (2-11) Sou vyolans moun fè sou moun (12-27) Sou bèt yo (28-36) 22 Lwa pou pèp Izrayèl la (1-31) Sou vòlè (1-4) Sou dega ki fèt nan jaden (5, 6) Sou dedomajman ak dwa pwopriyete (7-15) Sou lè yon gason pran tèt yon fi (16, 17) Sou adorasyon ak jistis nan sosyete a (18-31) 23 Lwa pou pèp Izrayèl la (1-19) Sou onètete ak konduit ki jis (1-9) Sou saba ak fèt (10-19) Bondye voye zanj pou gide pèp Izrayèl la (20-26) Acha tè ak limit tèritwa (27-33) 24 Pèp la dakò respekte alyans lan (1-11) Moyiz sou Mòn Sinayi (12-18) 25 Ofrann pou tabènak la (1-9) Lach la (10-22) Tab la (23-30) Pòtlanp lan (31-40) 26 Tabènak la (1-37) Twal tant yo (1-14) Ankadreman ak sipò ki gen twou (15-30) Rido yo (31-37) 27 Lotèl pou ofri sakrifis yo konn boule nèt yo (1-8) Lakou a (9-19) Luil pou pòtlanp lan (20, 21) 28 Rad prèt yo (1-5) Efòd la (6-14) Pòch la (15-30) Ourim ak Toumim (30) Gwo rad long san manch lan (31-35) Mouchwa ki gen ti plak annò a (36-39) Lòt kalite rad pou prèt yo (40-43) 29 Yo mete prèt yo nan fonksyon yo (1-37) Ofrann pou chak jou (38-46) 30 Lotèl pou boule lansan (1-10) Resansman ak lajan moun bay pou padon peche yo (11-16) Basen an kuiv pou yo lave kò yo (17-21) Melanj espesyal pou prepare luil onksyon (22-33) Fason pou yo prepare lansan sakre a (34-38) 31 Atizan yo ranpli ak lespri Bondye (1-11) Jou saba a, yon siy ant Bondye ak pèp Izrayèl la (12-17) De wòch plat yo (18) 32 Adorasyon ti bèf annò a (1-35) Moyiz tande yon chante ki dwòl (17, 18) Moyiz kraze wòch plat ki gen kòmandman yo (19) Levit yo fidèl ak Jewova (26-29) 33 Mesaj Bondye bay pou l blame pèp la (1-6) Tant reyinyon an deyò kan an (7-11) Moyiz mande Jewova pou l fè l wè glwa li (12-23) 34 Moyiz prepare lòt wòch plat (1-4) Moyiz wè glwa Jewova (5-9) Bondye repete kèk enfòmasyon li te bay sou alyans lan (10-28) Reyon limyè sot nan figi Moyiz (29-35) 35 Enstriksyon sou saba (1-3) Ofrann pou tabènak la (4-29) Betsalèl ak Owolyab ranpli ak lespri Bondye (30-35) 36 Yo jwenn plis ofrann pase sa yo te bezwen (1-7) Konstriksyon tabènak la (8-38) 37 Yo fè Lach la (1-9) Tab la (10-16) Pòtlanp lan (17-24) Lotèl pou boule lansan (25-29) 38 Lotèl pou ofri sakrifis yo konn boule nèt yo (1-7) Basen an kuiv la (8) Lakou a (9-20) Lis bagay yo te itilize pou tabènak la (21-31) 39 Yo fè rad pou prèt yo (1) Efòd la (2-7) Pòch la (8-21) Gwo rad long san manch lan (22-26) Lòt kalite rad pou prèt yo (27-29) Ti plak annò a (30, 31) Moyiz enspekte tabènak la (32-43) 40 Yo monte tabènak la (1-33) Glwa Jewova ranpli tabènak la (34-38)