RIT
1 Twouve, nan epòk jij+ yo t ap dirije*, te vin gen yon gwo grangou nan peyi a. Epi, te gen yon mesye ki te soti Betleyèm+, nan Jida, pou l al abite kòm etranje nan zòn andeyò nan peyi Mowab+ ansanm ak madanm li ak de pitit gason li te genyen. 2 Mesye sa a te rele Elimelèk*, madanm li te rele Nawomi* e de pitit gason l yo te rele Malon* ak Kilyon*. Yo te moun Efrata, anpalan de vil Betleyèm, nan peyi Jida. Epi, yo rive nan zòn andeyò nan peyi Mowab e yo rete la.
3 Rive yon lè, Elimelèk, mari Nawomi an, vin mouri, e Nawomi te rete poukont li ak de pitit gason l yo. 4 Annapre, mesye yo te marye ak de fi ki te moun peyi Mowab, youn te rele Òpa e lòt la te rele Rit+. Yo te kontinye rete nan peyi a pandan anviwon dizan. 5 Epi, de mesye yo, Malon ak Kilyon, vin mouri tou. Konsa, Nawomi vin ret san pitit, san mari. 6 Annapre, li menm ak bèlfi l yo leve pou yo kite peyi Mowab. Paske, detan l nan peyi Mowab, li tande Jewova voye je gade pèp Li a, piske li fè yo jwenn manje*.
7 Nawomi te kite kote l te rete a ansanm ak toude bèlfi l yo. Pandan y ap mache sou wout ki mennen nan peyi Jida a, 8 Nawomi di de bèlfi l yo: “Nou chak mèt tounen kay manman nou. Mwen swete pou Jewova montre lanmou ki fidèl+ pou nou, menm jan nou te fè sa ni pou mari nou yo ki mouri kounye a, ni pou mwen. 9 Mwen swete pou Jewova fè nou chak jwenn* yon mari ak yon kote+ pou nou viv ak kè poze.” Apre sa, li bo yo, e yo pran kriye byen fò. 10 Epi, yo kontinye di l: “Non, nou pral jwenn pèp ou a avè w.” 11 Lè sa a, Nawomi di yo: “Retounen, pitit fi m yo. Poukisa pou n al avè m? Èske m ka fè pitit gason ankò ki pou ta vin mari nou+? 12 Retounen, pitit fi m yo. Nou mèt ale, paske m vin twò granmoun pou m gen yon mari. Menmsi m ta gen espwa pou m jwenn yon mari aswè a e pou m ta fè pitit gason, 13 èske nou t ap ret tann yo jiskaske yo vin gran? Èske nou t ap rete san nou pa remarye pou nou tann yo? Non, pitit fi m yo. Sa fè m mal anpil pou nou, paske Jewova vire kont mwen+.”
14 Lè yo tande sa, yo pran kriye byen fò ankò. Apre sa, Òpa bo bèlmè l, epi l ale. Men, Rit li menm rete ansanm ak bèlmè l. 15 Lè sa a, Nawomi di l: “Gade! Men bèlsè w la retounen al jwenn pèp li a ak dye l yo. Retounen ak bèlsè w la non!”
16 Men, Rit di l: “Pa fòse m kite w, pa anpeche m al avè w, paske kote w ale se la m prale, e kote w pase nuit ou se la m ap pase nuit mwen. Pèp ou a ap pèp mwen, e Bondye w la ap Bondye m+. 17 Kote w mouri se la m ap mouri, e se la y ap antere m. Se pou Jewova pini m, e se pou l pini m ankò, si se pa lanmò ki separe m avè w!”
18 Lè Nawomi wè jan Rit ensiste pou l al avè l, li sispann mande l retounen lakay li. 19 Yo toule de te kontinye wout la jiskaske yo rive Betleyèm+. Lè yo rive Betleyèm, tout moun nan vil la sezi wè yo, e medam yo t ap di: “Se pa Nawomi?” 20 Li di medam yo: “Pa rele m Nawomi*. Rele m Mara* pito, paske Toupisan an fè lavi a vin anmè anpil pou mwen+. 21 Mwen te chaje lè m t aprale, men, Jewova fè m tounen de men vid. Poukisa n ap rele m Nawomi, alòske se Jewova ki kont mwen, se Toupisan an ki lage m nan pwoblèm+?”
22 Se konsa, Nawomi te retounen sot nan peyi Mowab+, e Rit, bèlfi l la, ki moun Mowab, te ansanm avè l. Yo te rive Betleyèm nan moman rekòt lòj*+ la te kòmanse.
2 Nawomi te gen yon fanmi Elimelèk, mari l la, ki te rele Bowaz+. Misye te rich anpil.
2 Epi, Rit, moun peyi Mowab la, di Nawomi: “Tanpri, kite m ale nan jaden pou m al ranmase grap lòj* dèyè+ kèlkeswa moun ki dakò m fè sa.” Nawomi di l: “Ou mèt ale, pitit fi m.” 3 Menm kote a, l ale, l al nan jaden e li kòmanse ranmase lòj moun ki t ap rekòlte yo kite dèyè. Konsa, san l pa t konnen, li te vin antre nan pòsyon tè pa Bowaz+ la, fanmi Elimelèk+ la. 4 Se konsa, Bowaz vin sot Betleyèm, li di moun ki t ap rekòlte yo: “Jewova avèk nou!” E yo menm yo reponn: “Jewova beni w!”
5 Apre sa, Bowaz mande jennonm ki te responsab moun ki t ap rekòlte yo: “Fanmi kiyès jèn dam sa a ye?” 6 Jennonm nan reponn: “Jèn dam sa a se yon moun Mowab+ ki sot andeyò nan peyi Mowab+ ak Nawomi. 7 Li vini la a, li di m: ‘Tanpri, kite m ranmase nan grap lòj moun k ap rekòlte yo kite dèyè+ yo.’ Apre sa, li antre nan jaden an, li kanpe sou de pye l depi nan maten, e se kounye a l al fè yon ti chita anba tonèl la pou l pran yon ti repo.”
8 Apre sa, Bowaz di Rit: “Koute, pitit fi m. Pa al ranmase anyen nan lòt jaden e pa al okenn lòt kote. Rete bò kot jèn medam k ap travay avè m yo+. 9 Gade ki kote y ap fè rekòt nan jaden an, epi ale avèk yo. Mwen bay jèn mesye yo lòd pou yo pa ba w pwoblèm. Lè w swaf, ou mèt al bwè dlo nan veso ki gen dlo jèn mesye yo tire a.”
10 Lè Rit tande sa, li met ajenou e li bese tèt li jis atè, li di Bowaz: “Kòman fè se mwen ou fè favè, e poukisa w ban m enpòtans, alòske m se yon etranje+?” 11 Bowaz di l: “Yo di m tout sa w fè pou bèlmè w apre lanmò mari w, jan w kite papa w, manman w ak peyi fanmi w yo pou w vin viv nan mitan yon pèp ou pa t konnen anvan+. 12 Mwen swete pou Jewova beni w pou sa w fè a+, pou Jewova, Bondye Izrayèl la, ba w yon gwo rekonpans*, piske w vin chèche pwoteksyon anba zèl li+.” 13 Lè sa a, Rit di l: “Mwen swete w ap kontinye fè m favè, mèt mwen, paske w ban m fòs. Ou pale avè m yon fason ki ankouraje m*, byenke mwen menm, esklav ou a, mwen pa menm tankou youn nan medam k ap travay avè w yo.”
14 Lè lè a rive pou yo manje, Bowaz di l: “Pwoche pi pre pou w ka manje yon ti pen e pou w ka tranpe moso pa w la nan vinèg la.” Lè sa a, Rit chita bò kot moun k ap rekòlte yo, Bowaz lonje lòj griye ba li, li manje vant plen e li kite ladan l. 15 Apre sa, Rit leve l al ranmase lòj+. Epi, Bowaz bay jèn mesye k ap travay avè l yo lòd, li di yo: “Kite l ranmase nan grap nou kite dèyè yo, e pinga nou ba l pwoblèm+. 16 Epitou, rale kèk grap nan pake nou fin fè yo pou li, kite yo pou l ka ranmase yo, pa di anyen k ap anpeche l fè sa.”
17 Konsa, Rit kontinye ranmase lòj nan jaden an rive jis aswè+. Apre sa, li bat lòj li ranmase yo e li jwenn anviwon yon efa*. 18 Epi, li pran kantite l jwenn nan, li antre nan vil la, e bèlmè l wè sa l te ranmase a. Epitou, Rit pran manje ki te rete lè l te fin manje vant plen an+, li bay bèlmè l li.
19 Epi, bèlmè l mande l: “Ki kote w te ranmase lòj jodi a? Ki kote w te travay? Mwen swete pou Bondye beni moun ki te fè w favè a+.” Lè sa a, li fè bèlmè l konnen nan jaden ki moun li te travay, li di l: “Mwen te travay nan jaden yon mesye ki rele Bowaz.” 20 Lè Nawomi tande sa, li di bèlfi l la: “Mwen swete li jwenn benediksyon nan men Jewova ki pa janm sispann montre lanmou ki fidèl ni pou moun ki vivan ni pou moun ki mouri+!” Epi, Nawomi di l: “Mesye sa a se fanmi nou+. Se youn nan moun ki gen dwa pou l rachte nou+.” 21 Apre sa, Rit, moun peyi Mowab la, di: “Li te di m se bò kot moun k ap travay avè l yo pou m rete jiskaske yo fin rekòlte tout sa l genyen+.” 22 Nawomi di Rit, bèlfi l la: “Pitit fi m, li pi bon pou w rete bò kot jèn medam k ap travay avè l yo, pou moun pa ba w pwoblèm nan lòt jaden.”
23 Konsa, Rit kontinye rete bò kot jèn medam k ap travay ak Bowaz yo pou l ranmase lòj ak ble jiskaske rekòt lòj la+ ak rekòt ble a fini. Epi, li kontinye abite ansanm ak bèlmè l+.
3 Apre sa, Nawomi, bèlmè Rit la, di Rit: “Pitit fi m, èske m pa ta dwe chèche yon kote* pou w rete+, yon fason pou tout bagay ale byen pou ou? 2 Bon, ou konnen Bowaz, mesye ki te fè w rete bò kot jèn medam k ap travay avè l yo, se fanmi nou+, pa vre? Tande! L ap vannen lòj* sou glasi a aswè a. 3 Benyen, pase yon ti luil santi bon sou ou, byen abiye w*, epi al anba a bò glasi a. Pa fè l wè w toutotan l pa fin manje l pa fin bwè. 4 E lè w wè l al kouche, gade byen ki kote l kouche. Apre sa, al dekouvri pye l, epi kouche la. E li menm, l ap di w sa pou w fè.”
5 Lè sa a, Rit di l: “M ap fè tout sa w di m yo.” 6 Apre sa, li desann bò glasi a pou l al fè tout sa bèlmè l te di l yo. 7 Bowaz li menm manje, li bwè e kè l te kontan. Annapre, l al kouche bò kot pil lòj la. Apre sa, Rit vini tou dousman, li dekouvri pye Bowaz e li kouche la. 8 Lè l minui, Bowaz pantan nan dòmi e li pran tranble. Li leve chita, lè l gade, li wè gen yon fi ki kouche bò pye l. 9 Lè sa a, Bowaz di: “Kiyès sa a?” Rit reponn li: “Se mwen menm, Rit, sèvant ou a, e ou dwe bay sèvant ou a pwoteksyon* paske w se youn nan moun ki gen dwa pou rachte m yo+.” 10 Lè Bowaz tande sa, li di l: “Mwen swete pou Jewova beni w, pitit fi m. Sa w fè kounye a montre w gen plis lanmou ki fidèl pase sa w te fè anvan an+, piske w pa al dèyè jèn moun parèy ou, kit yo pòv kit yo rich. 11 Kounye a, pitit fi m, ou pa bezwen pè. M ap fè tout sa w di m+, paske tout moun nan vil la konnen ou se yon trè bon fi. 12 Se vre mwen gen dwa pou m rachte w+, men gen yon moun ki pi pwòch fanmi nou pase m+ ki gen plis dwa pou l rachte w. 13 Ou mèt pase nuit lan la. Si demen maten li dakò rachte w, pa gen pwoblèm, li mèt rachte w+. Men, si l pa vle rachte w, menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman, mwen menm, m ap rachte w. Ou mèt ret kouche la pou jis demen maten.”
14 Rit ret kouche bò pye l la jis li jou e Rit leve granmmaten pou pèsonn pa wè l. Epi, Bowaz di: “Mwen pa ta renmen pèsonn konnen gen yon fi ki te dòmi sou glasi a.” 15 Apre sa, li di: “Pran manto ki sou ou a, ouvri l.” Rit pran manto ki sou li a, li ouvri l. Bowaz mete sis mezi* lòj ladan l, e li ba li l pou l pot lakay li. Apre sa, Bowaz antre nan vil la.
16 E Rit ale kot bèlmè l ki mande l: “Kòman sa te pase pou ou, pitit fi m?*” Li di bèlmè l tout sa Bowaz te fè pou li. 17 Epi, li di l: “Sis mezi lòj sa a, se li ki ban mwen l. Li te di m: ‘Pa retounen al jwenn bèlmè w de men vid.’” 18 Lè sa a, Nawomi di l: “Ret tann, pitit fi m, jiskaske w konnen jan bagay yo ap fini, paske mesye sa a pap bay kò l repo toutotan l pa regle bagay sa a jodi a.”
4 Bowaz li menm monte al bò pòtay vil la+ e li chita la. Se konsa mesye Bowaz t ap pale de li a+ t ap pase, li menm ki gen dwa pou rachte dam nan. Bowaz di l: “Entèl, vini m pale w, fè yon ti chita.” Epi, mesye a vin jwenn li e li chita. 2 Apre sa, Bowaz pran dis mesye pami ansyen*+ ki nan vil la, epi li di yo: “Fè yon ti chita.” Epi yo chita.
3 Lè sa a, Bowaz di mesye ki gen dwa pou rachte+ dam nan: “Nawomi tounen sot nan peyi Mowab+ e li dwe vann tè Elimelèk+ la, fanmi nou an. 4 Se poutèt sa mwen panse fò m ta pale avè w pou m fè w konn sa e pou m di w: ‘Achte l devan moun ki rete nan vil la e devan ansyen ki nan mitan pèp la+. Si w vle achte l*, ou mèt achte l. Men, si w pa vle, fè m konnen. Se ou menm an premye ki gen dwa pou w achte l. Apre w, se mwen.’” Lè sa a, misye di l: “Mwen vle achte l+.” 5 Apre sa, Bowaz di: “Lè w achte teren an nan men Nawomi, se nan men Rit, moun peyi Mowab la, madanm defen an, w ap achte l tou, yon fason pou eritaj defen an rete sou non l+.” 6 Lè misye tande sa, li di: “Mwen pa kapab achte l, paske mwen pè pou m pa pèdi nan eritaj pa m nan. Mwen ba w dwa achte l nan plas mwen, paske mwen pa kapab achte l.”
7 Nan tan lontan, nan peyi Izrayèl, lè yon moun te gen dwa pou l rachte yon byen e li t ap bay yon lòt moun dwa sa a, men sa ki te konn fèt pou tout bagay ka regle: Moun nan te dwe retire yon grenn sandal nan pye l+ e li te dwe bay lòt moun nan li. Se konsa yo te konn montre yo dakò sou yon bagay ann Izrayèl. 8 Se sa k fè, lè mesye a te di Bowaz: “Ou mèt achte l” la, mesye a te retire yon grenn sandal nan pye l. 9 Lè sa a, Bowaz di ansyen yo ak tout moun ki te la yo: “Jodi a, nou temwen+ mwen achte tout sa ki te pou Elimelèk ak tout sa ki te pou Kilyon ak Malon nan men Nawomi. 10 Mete sou sa, mwen rachte Rit, moun peyi Mowab la, ki te madanm Malon, kòm madanm mwen, yon fason pou eritaj defen an rete sou non l+, pou non defen an pa disparèt nan mitan pèp la ak nan vil kote l moun nan. Nou temwen sa jodi a+.”
11 Lè sa a, tout moun ki te nan pòtay vil la ak ansyen yo di: “Nou temwen! Nou swete pou Jewova fè madanm k ap antre lakay ou a tankou Rachèl ak Leya ki manman pèp Izrayèl la+. Se pou w montre valè w nan Efrata+ e se pou w vin gen gwo renome* nan Betleyèm+! 12 Nou swete pou fanmi w vin menm jan ak fanmi Perès+, pitit Tama te fè pou Jida a, grasa desandans Jewova ap ba ou pa mwayen jèn dam sa a+.”
13 Se konsa, Bowaz pran Rit kòm madanm li e li antre nan relasyon avè l. Jewova pèmèt Rit vin ansent e li fè yon pitit gason. 14 Medam yo di Nawomi: “Louwanj pou Jewova ki fè w jwenn yon moun pou rachte w jodi a! Nou swete pou yo fè konn non pitit la ann Izrayèl. 15 Pitit sa a fè w reviv e l ap pran swen w nan vyeyès ou, piske se bèlfi w la ki fè l, bèlfi w ki renmen w lan+ e ki vo plis pase sèt pitit gason pou ou.” 16 Nawomi pran pitit la, li mete l sou lestomak li, e se li ki te pran swen l. 17 Apre sa, vwazin yo bay pitit la yon non. Yo di: “Yo fè yon pitit gason pou Nawomi.” Yo te rele l Obèd+. Li se papa Jese+, ki papa David.
18 Men moun ki desandan* Perès+ yo: Perès se te papa Ezwon+. 19 Ezwon se te papa Ram. Ram se te papa Aminadab+. 20 Aminadab+ se te papa Nachon. Nachon se te papa Salmon. 21 Salmon se te papa Bowaz. Bowaz se te papa Obèd. 22 Obèd se te papa Jese+, e Jese se te papa David+.
Lit.: “t ap jije”.
Sa vle di: “Bondye m nan se Wa”.
Sa vle di: “Plezi m”.
Petèt li soti nan yon mo ebre ki vle di “vin fèb; tonbe malad”.
Sa vle di: “Yon moun k ap febli; Yon moun ki rive nan fen lavi l”.
Lit.: “pen”.
Oswa: “fè nou kado”.
Sa vle di: “Plezi m”.
Sa vle di: “Anmè”.
Se yon kalite manje angren.
Se yon kalite manje angren.
Oswa: “yon rekonpans total”.
Lit.: “pale ak kè m”.
Oswa: “anviwon 7 gwo mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Lit.: “yon kote trankil”.
Se yon kalite manje angren.
Oswa: “met rad pa anlè ou genyen sou ou”.
Oswa: “ou dwe ouvè ke rad ou sou sèvant ou an”.
Si mezi sa yo te sis seya, yo te peze prèske 20 kg. Se tout sa li te ka pote sou tèt li. Gade Apendis B14.
Lit.: “Kiyès ou ye, pitit fi m?”
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “reyachte l”.
Lit.: “se pou w fè konn yon non”.
Lit.: “jenerasyon”.