BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Amòs 1:1-9:15
  • Amòs

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Amòs
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Amòs

AMÒS

1 Men mesaj Amòs*, youn nan moun ki t ap pran swen mouton nan Tekowa yo+, te resevwa dezan anvan tranblemanntè a+ nan yon vizyon konsènan Izrayèl nan epòk Ozyas te wa Jida+, ak nan epòk Jewobowam+, pitit gason Jowas+, te wa Izrayèl. 2 Li te di:

“Jewova pral gwonde nan Siyon,

E li pral fè tande vwa l byen fò nan Jerizalèm.

Patiraj kote bèje yo konn mennen mouton yo al manje yo pral nan lapenn,

E tèt Mòn Kamèl pral vin sèch+.”

 3 “Men sa Jewova di:

‘“Poutèt Damas ap plede fè rebelyon*, mwen pap chanje lide,

Paske yo te bat Galaad ak fè tankou manje angren yo bat ak planch+.

 4 Se sa k fè m ap voye yon dife sou kay Azayèl la+

E l ap boule fòtrès Bennadad yo ki byen pwoteje+.

 5 M ap kraze gwo bwa yo konn fèmen pòtay vil Damas yo+,

M ap detwi moun ki sot Bikatavenn yo

Ak moun k ap dirije* nan Bètedenn yo.

Epi, pèp Siri a pral ann egzil nan peyi Ki+.” Se sa Jewova di.’

 6 Men sa Jewova di:

‘“Poutèt Gaza ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,

Paske yo te mennen yon pakèt moun ann egzil+ e yo te lage yo nan men Edòm.

 7 Se sa k fè m ap voye yon dife sou miray Gaza a+,

E l ap boule fòtrès li yo ki byen pwoteje.

 8 M ap detwi moun ki rete Achdòd yo+

Ak moun k ap dirije* nan Achkelon an+.

M ap pini moun Ekwon yo+

E rès moun Filisti yo ap peri+.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’

 9 Men sa Jewova di:

‘Poutèt vil Ti ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,

Paske yo te mennen yon pakèt moun ann egzil e yo te lage yo nan men Edòm

E paske yo pa t sonje alyans yo te fè antanke frè a+.

10 Se sa k fè m ap voye yon dife sou miray vil Ti yo,

E l ap boule fòtrès li yo ki byen pwoteje+.’

11 Men sa Jewova di:

‘Poutèt Edòm ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,

Paske li kouri dèyè pwòp frè l ak epe+

E paske li derefize fè l mizèrikòd.

Piske l an kòlè, li kontinye dechire yo san pitye

E li ret fache avèk yo nèt+.

12 Se sa k fè m ap voye yon dife nan Teman+,

E l ap boule fòtrès Bozra yo ki byen pwoteje+.’

13 Men sa Jewova di:

‘“Poutèt desandan Amon yo ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,

Paske yo te fann vant fanm ansent ki nan Galaad yo pou yo ka gen plis tèritwa+.

14 Se sa k fè m ap met dife nan miray Raba a+,

L ap boule fòtrès li yo ki byen pwoteje,

Epi, ap gen yon gwo rèl nan jou batay la

Ak yon move tan nan jou van tanpèt la.

15 E wa desandan Amon yo pral ann egzil ansanm ak prens li yo+.” Se sa Jewova di.’

2 “Men sa Jewova di:

‘“Poutèt Mowab ap plede fè rebelyon*+, mwen pap chanje lide,

Paske li te boule zo wa Edòm nan pou fè l tounen lacho.

 2 Se sa k fè m ap voye yon dife nan Mowab,

E l ap boule fòtrès Keriyòt yo ki byen pwoteje+.

Ap gen yon gwo bri lè Mowab ap mouri.

Ap gen bri moun k ap fè lagè ansanm ak son kòn+.

 3 M ap retire chèf* la nan mitan Mowab,

E m ap touye tout prens Mowab yo ansanm ak chèf la+.” Se sa Jewova di.’

 4 Epi, men sa Jewova di:

‘Poutèt Jida ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,

Paske yo pa t respekte lwa* Jewova bay la,

E paske yo te dezobeyi kòmandman l yo+.

Men, se menm manti zansèt yo t ap suiv yo ki te fè yo pèdi wout yo+.

 5 Se sa k fè m ap voye yon dife nan Jida,

E l ap boule fòtrès Jerizalèm yo ki byen pwoteje+.’

 6 Men sa Jewova di:

‘Poutèt Izrayèl ap plede fè rebelyon+, mwen pap chanje lide,

Paske yo vann moun ki jis la pou ajan,

E yo vann moun ki pòv la pou yon pè sandal+.

 7 Yo pilonnen moun ki malere a anba pye+,

E yo pouse moun ki piti a met sou kote+.

Yon gason kouche menm fi ak papa l,

Konsa, yo sal non m ki sen.

 8 Bò chak lotèl, yo layite kò yo+ sou rad yo pran kòm garanti pou lajan yo prete moun+.

Epi, yo achte diven ak kòb yo pran kòm amann nan men moun e yo bwè l nan kay* dye yo genyen yo.’

 9 ‘Men, se mwen ki te elimine Amorit yo devan pèp mwen an+,

Yo menm ki te wo tankou pye sèd e ki te djanm tankou pye bwadchèn.

Mwen te detwi fwi yo te donnen yo ansanm ak rasin yo te gen anba yo+.

10 Mwen te fè nou kite peyi Ejip+,

E mwen te gide nou nan dezè a pandan 40 an+,

Pou n te ka pran peyi Amorit yo kòm eritaj.

11 Mwen te fè kèk nan pitit gason nou yo vin pwofèt+

E mwen te fè kèk nan jèn mesye nou yo vin Nazireyen+.

Èske se pa sa m te fè, o pèp Izrayèl?’ Se sa Jewova di.

12 ‘Men, nou te kontinye bay moun ki Nazireyen yo diven pou yo bwè+,

E nou te bay pwofèt yo lòd, nou te di yo: “Nou pa dwe pwofetize+.”

13 Se poutèt sa, m ap kraze nou kote nou ye a,

Menm jan yon charyo ki chaje manje angren kraze sa ki anba l.

14 Moun ki rapid yo pap gen okenn kote pou yo kouri ale+,

Moun ki vanyan yo pap ret fòs nan yo,

E pa gen sòlda ki nan lagè k ap sot vivan*.

15 Moun ki konn tire flèch yo pap ka ret kanpe,

Moun ki konn kouri vit yo pap chape,

E moun ki sou cheval yo pap sot vivan*.

16 Menm moun ki konn fè lagè ki pi brav yo*

Ap kouri prèske san rad sou yo jou sa a+.’ Se sa Jewova di.”

3 “Koute pawòl sa a Jewova di konsènan tout fanmi li te fè sot nan peyi Ejip la:

 2 ‘Se ou menm sèl mwen konnen nan tout nasyon ki sou tè a+.

Se poutèt sa m ap mande w regleman pou tout peche w fè yo+.

 3 Èske de moun pral fè yon wout ansanm san yo pa t fè aranjman pou yo rankontre*?

 4 Èske yon lyon ap gwonde nan yon forè si pa gen anyen pou l pran?

Èske yon jenn lyon* ap gwonde nan twou l si l pa pran anyen?

 5 Èske yon zwazo ap pran nan pèlen ki atè si yo pa tann okenn pyèj pou li*?

Èske yon pèlen ki atè ap pati si pa gen anyen ki pran ladan l?

 6 Si yo sonnen yon kòn nan yon vil, èske pèp la pap tranble?

Si gen yon malè ki rive nan vil la, èske se pa Jewova ki fè l rive?

 7 Paske, Jewova, Seyè ki Souvren an, pap fè anyen

San l pa fè pwofèt yo ki sèvitè l konnen sekrè l+.

 8 Lè yon lyon gwonde+, kiyès ki pap pè?

Jewova, Seyè ki Souvren an, pale, kiyès ki pap pwofetize*+?’

 9 ‘Anonse sa nan fòtrès Achdòd yo ki byen pwoteje

Ak nan fòtrès peyi Ejip yo ki byen pwoteje.

Di moun yo: “Rasanble pou n atake mòn Samari yo+,

Epi, gade boulvès ki gen ladan l

Ak piyay k ap fèt anndan l+.

10 Paske, moun sa yo k ap plede fè vyolans e k ap plede fè ravaj nan fòtrès yo genyen ki byen pwoteje yo,

Se moun ki pa konn fè sa ki dwat.” Se sa Jewova di.’

11 Se sa k fè, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

‘Gen yon ènmi ki pral sènen peyi a+.

L ap fè w pèdi fòs

E l ap piye fòtrès ou yo ki byen pwoteje+.’

12 Men sa Jewova di:

‘Menm jan bèje a rale de pye oswa moso zòrèy yon mouton nan bouch yon lyon,

Se konsa kèk moun ap chape nan pèp Izrayèl la,

Anpalan de moun ki chita kounye a sou bèl kabann ak bèl divan* nan Samari+.’

13 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, Bondye ki Chèf lame yo, di: ‘Tande, epi avèti moun Jakòb yo.’

14 ‘Paske, jou m ap mande Izrayèl regleman pou tout rebelyon* li fè yo+,

M ap detwi lotèl ki nan Betèl yo tou+,

M ap kase kòn lotèl la genyen yo e m ap lage yo atè+.

15 M ap kraze kay kote yo konn pase sezon fredi a ansanm ak kay yo fè pou ete yo.’

‘Kay ki fèt ak ivwa yo ap kraze+,

E gwo* kay yo pap la ankò+.’ Se sa Jewova di.”

4 “Tande pawòl sa a, nou menm gazèl bèf nan Bazan yo,

Nou menm ki nan mòn Samari a+,

Nou menm medam k ap dechèpiye malere yo+ e k ap kraze moun ki pòv yo,

Nou menm k ap di mari* nou: ‘Pote yon gwòg ban nou pou nou bwè.’

 2 Jewova, Seyè ki Souvren an, Sila a ki sen an, fè sèman*, li di:

‘“Gade! Gen jou k ap vini sou nou kote yo pral leve nou anlè ak kwòk bouche yo konn sèvi yo,

E y ap leve rès moun pami nou yo anlè ak zen yo konn kenbe pwason yo.

 3 N ap pase nan twou ki nan miray la pou nou ale, chak moun pral dwat devan l.

E y ap voye nou jete nan Hamon*.” Se sa Jewova di.’

 4 ‘Vin Betèl pou nou fè peche*+,

Vin Gilgal pou nou fè plis peche toujou+.

Pote sakrifis n ap fè yo+ nan maten,

Epi, pote yon dizyèm nan sa nou genyen yo+ sou twazyèm jou a.

 5 Kòm ofrann, boule yon pen ki gen ledven pou n di Bondye mèsi+.

Pale byen fò pou n fè konnen ofrann nou fè ak tout kè nou yo.

Paske, se sa nou renmen fè, o pèp Izrayèl.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

 6 ‘Mwen menm, mwen te fè nou grangou, e nou pa t gen manje pou n manje* nan tout vil nou yo,

E mwen te fè pa gen pen nan tout kay nou yo+.

Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.

 7 ‘Epitou, mwen te fè nou fè twa mwa san lapli anvan rekòt la+.

Mwen te fè lapli tonbe nan yon vil, men mwen pa t fè l tonbe nan yon lòt vil.

Yon pòsyon tè te jwenn lapli,

Alòske yon lòt pòsyon tè ki pa t jwenn lapli te vin sèch.

 8 Moun nan de oubyen twa vil t ap balanse de bò pou yo t al chèche dlo pou yo bwè nan yon lòt vil+,

Yo pa t jwenn dlo pou pase swaf yo.

Malgre sa, yo pa t retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.

 9 ‘Mwen te fè chalè fè jaden nou yo vin fennen e mwen te lage pichon sou yo+.

Epi, nou te vin gen anpil jaden rezen ak lòt kalite jaden,

Men, krikèt te ravaje pye fig frans nou yo ak pye oliv nou yo+.

Malgre sa, nou te toujou pa retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.

10 ‘Mwen te voye yon flewo nan mitan nou, tankou sa m te lage sou peyi Ejip la+.

Mwen te touye jèn mesye nou yo ak kout epe+ e mwen te pran cheval nou yo+.

Mwen te fè move sant ki nan kan nou yo monte nan twou nen nou+.

Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn mwen.’ Se sa Jewova di.

11 ‘Mwen te fè yon ravaj nan mitan nou

Menm jan m te fè ravaj nan Sodòm ak Gomò a+.

E nou te tankou yon bout bwa yo retire nan dife.

Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.

12 Se sa k fè mwen pral pini nou ankò, o pèp Izrayèl.

Piske se sa mwen pral fè nou,

Prepare nou pou nou jwenn ak Bondye nou an, o pèp Izrayèl.

13 Paske, se li ki te fè mòn yo+ e ki te kreye van an+.

Li di lòm sa ki nan panse l,

Li fè douvanjou vin fè nwa+,

E li mache kote ki wo sou tè a+.

Non li se Jewova, Bondye ki Chèf lame yo.”

5 “Koute pawòl sa a m ap di sou ou tankou yon chante ki tris*, o pèp Izrayèl:

 2 ‘Nasyon Izrayèl la tonbe,

Li pa ka leve ankò.

Tout moun kite peyi l la ba li.

Pa gen yon moun pou leve l.’

 3 “Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

‘Vil k al nan lagè ak 1 000 moun nan ap ret 100 moun,

E vil ki ale ak 100 moun nan ap ret 10 moun. Se sa k pral rive pèp Izrayèl la+.’

 4 “Paske, men sa Jewova di pèp Izrayèl la:

‘Chèche m pou n ka kontinye viv+.

 5 Pa chèche Betèl+,

Pa al Gilgal+ e pa travèse al Beyècheba+,

Paske, Gilgal pral ann egzil kanmenm+,

E Betèl ap vin tounen yon kote moun ap fè sa ki mal*.

 6 Chèche Jewova, epi n ap kontinye viv+.

Konsa, li pap eklate tankou yon dife sou fanmi Jozèf

Pou l boule Betèl, san pa gen pèsonn pou etenn li.

 7 Nou fè sa ki dwat vin anmè kou fyèl*,

E nou voye sa ki jis jete atè+.

 8 Sila a ki fè gwoup zetwal ki rele Kima* a ak gwoup zetwal ki rele Kesil* la+,

Sila a ki fè fènwa pwès vin tounen granmmaten,

Sila a ki fè lajounen vin fè nwa tankou lannuit+,

Sila a ki rasanble dlo lanmè yo

Pou l vide yo sou tè a+,

Non li se Jewova.

 9 L ap fè malè tonbe sou moun ki gen fòs yo bridsoukou,

Pou detwi kote ki byen pwoteje ki genyen yo.

10 Yo rayi moun k ap bay disiplin ki nan pòtay vil la,

E yo pa vle wè moun k ap pale sa ki verite+.

11 Piske nou eksplwate moun ki pòv yo, nou anfème yo tè*

E nou pran manje angren yo genyen yo kòm taks+,

Nou pap kontinye rete nan kay nou bati ki fèt ak wòch ki byen taye yo+,

E nou pap kontinye bwè diven ki fèt ak rezen ki sot nan bèl jaden rezen nou plante yo+.

12 Paske, mwen konnen nou fè anpil rebelyon*,

E peche nou fè yo grav anpil.

Nou pèsekite moun ki jis yo,

Nou pran lajan anba anba nan men moun,

E nou pa kite moun ki pòv yo jwenn jistis nan pòtay vil la+.

13 Se poutèt sa, moun ki gen bon konprann yo ap ret an silans lè sa a,

Paske se yon moman kote pral gen malè+.

14 Chèche fè sa ki byen, pa chèche fè sa ki mal+,

Pou nou ka kontinye viv+.

Lè sa a, se pou Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, avèk nou,

Jan nou di l la+.

15 Rayi sa ki mal e renmen sa ki byen+,

Se jistis ki pou genyen nan pòtay vil la+.

Petèt Jewova, Bondye ki Chèf lame yo,

Ap fè rès moun ki rete nan fanmi Jozèf yo favè+.’

16 “Se sa k fè, tande sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, di. Men sa Jewova di:

‘Moun ap rele sou tout plas piblik yo

E nan tout lari y ap di: “Woy! Woy!”

Y ap rele moun k ap travay tè yo pou yo vin montre yo nan lapenn

E y ap rele moun yo konn peye pou montre yo nan lapenn vin rele.’

17 ‘Nan chak jaden rezen, moun ap rele+,

Paske m ap pase nan mitan nou pou m pini nou.’ Se sa Jewova di.

18 ‘Malè pou moun ki anvi jou Jewova a rive+!

Bon, ki sa jou Jewova a ap vle di pou nou+?

Se pral yon jou fènwa, se pap yon jou limyè+.

19 Se pral tankou lè yon moun ap kouri pou yon lyon, epi l al bare ak yon lous,

Epi lè l antre lakay li, li apiye men l nan mi kay la, yon koulèv mòde l.

20 Èske jou Jewova a se pap yon jou fènwa, yon jou kote pa gen limyè?

Èske se pa fènwa k ap gen ladan l, san okenn limyè?

21 Mwen rayi sezon fèt nou yo, mwen pa ka wè yo+.

Epi, mwen pa pran plezi nan bon sant sakrifis nou fè nan gwo rasanbleman nou yo.

22 Menmsi nou fè sakrifis nou boule nèt pou mwen e nou fè ofrann pou mwen,

Mwen pap pran plezi nan yo+.

Mwen pap aksepte sakrifis kominyon* nou fè ak bèt ki byen gra yo+.

23 Sispann fè bri nan tèt mwen ak chante nou yo,

E mwen pa bezwen tande mizik nou fè ak enstriman akòd nou yo+.

24 Okontrè, se pou sa ki jis vin tankou dlo k ap koule+,

E se pou sa ki dwat vin tankou yon rivyè ki toujou ap koule.

25 O pèp Izrayèl, èske nou te fè sakrifis ak ofrann pou mwen

Pandan 40 an nou te pase nan dezè a+?

26 Kounye a, nou pral ann egzil ak Sakit, wa nou an, ansanm ak Kevan*,

Anpalan de estati nou te fè yo, zetwal dye nou an.

27 E m ap voye nou ann egzil byen lwen Damas+.’ Se sa Sila a ki rele Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, di+.”

6 “Malè pou moun ki byen alèz* nan Siyon yo,

Moun ki santi yo an sekirite nan mòn Samari a+,

Gwo potanta yo ki nan nasyon ki pi enpòtan pase lòt nasyon yo,

Moun pèp Izrayèl la al jwenn yo!

 2 Se pou nou travèse Kalne pou n al gade.

Kite zòn nan pou n al Amat, gwo vil la+,

Desann Gat, nan peyi moun Filisti yo.

Èske yo pi bon pase wayòm sa yo*,

Oswa èske tèritwa pa yo a pi gwo pase pa nou an?

 3 Èske nou refize sonje jou malè a+,

Epi nou fè vyolans gaye* nan mitan nou+?

 4 Nou kouche sou kabann ki fèt ann ivwa+ e nou layite kò nou sou divan+,

Pandan n ap manje vyann jenn mouton nou pran nan twoupo a ak vyann jenn bèf nou angrese yo*+.

 5 Nou konpoze yon seri chante pandan n ap jwe hap*+,

E nou envante enstriman mizik menm jan ak David+.

 6 Nou bwè diven nan gwo gode+,

E nou pase pi bon luil santi bon yo sou kò nou.

Men, nou pa enkyete nou pou* malè ki pral frape Jozèf la+.

 7 Se sa k fè n ap devan nan moun ki pral ann egzil yo+,

E moun k ap layite kò yo sou divan yo ap sispann banboche.

 8 Men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, di: ‘Mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen fè sèman sou tèt mwen*+, mwen di:

“Mwen gen repiyans pou sa ki fè Jakòb fyè a+,

Mwen rayi fòtrès li yo ki byen pwoteje+,

E m ap lage vil la ak sa l gen ladan l yo anba men ènmi l yo+.

9 “‘“Menmsi se dis moun ki rete nan yon kay, yo menm tou y ap mouri. 10 Yon moun nan fanmi yo* ap vin pran kadav yo met deyò e l ap boule yo youn apre lòt. L ap pran zosman yo nan kay la met deyò. Apre sa, l ap di moun ki nan chanm anndan kay la: ‘Èske gen lòt moun avè w ankò?’ L ap reponn li: ‘Pa gen pèsonn.’ Epi, l ap di: ‘Ret an silans. Paske se pa moman pou moun nonmen non Jewova menm.’”

11 Paske, se Jewova ki bay lòd la+,

Gwo kay yo ap kraze, y ap vin tounen yon pil dekonm

E ti kay yo ap vin tounen yon bann debri+.

12 Èske cheval ap kouri sou mas wòch?

Oubyen èske yon moun ap raboure tè ak bèf?

Paske, nou fè sa ki jis tounen yon plant ki gen pwazon,

E sa ki dwat vin bay yon bagay ki anmè kou fyèl*+.

13 Nou pran plezi nan bagay ki pa vo anyen,

Epi, nou di: “Èske se pa ak fòs pa nou nou vin gen pouvwa*+?”

14 Se poutèt sa, o pèp Izrayèl, m ap fè yon nasyon vin atake nou+,

E y ap toupizi nou soti Lebowamat*+ desann nan Vale Araba.’ Se sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, di.”

7 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, te montre m nan yon vizyon: Mwen te wè l voye yon pakèt krikèt k ap vole ansanm lè dènye semans yo* te kòmanse ap pouse. Se dènye semans yo te plante apre yo te fin koupe zèb nan patiraj wa a genyen yo. 2 Lè pakèt krikèt yo fin manje plant ki nan peyi a, mwen te di: “O Jewova, Seyè ki Souvren an, tanpri, padone moun yo+. Ki jan Jakòb ka fè chape*? Paske, li fèb+.”

3 Se sa k fè Jewova te chanje lide+. Men sa Jewova te di: “Sa pap rive!”

4 Apre sa, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, te montre m nan yon vizyon: Mwen te wè Jewova, Seyè ki Souvren an, sèvi ak dife pou l pini pèp la. Dife a te seche gwo dlo yo e li te boule yon pati nan peyi a. 5 Apre sa, mwen di: “O Jewova, Seyè ki Souvren an, tanpri, pa fè sa+. Ki jan Jakòb ka fè chape*? Paske, li fèb+.”

6 Se sa k fè Jewova te chanje lide+. Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, te di: “Bagay sa a pap rive tou!”

7 Apre sa, men sa l te montre m nan yon vizyon: Mwen te wè Jewova kanpe sou yon miray yo te sèvi ak filaplon pou yo fè l, e li te gen yon filaplon nan men l. 8 Epi, Jewova di m: “Ki sa w wè, Amòs?” Lè sa a, mwen reponn li: “Yon filaplon.” Apre sa, Jewova di m: “Men m ap egzamine pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ak yon filaplon pou m montre jan l pa dwat. Mwen pap padone yo ankò+. 9 Kote ki wo Izarak genyen yo+ ap vin vid, e y ap devaste kote ki sakre Izrayèl genyen yo+, epi m ap vin atake fanmi Jewobowam* ak yon epe+.”

10 Men mesaj Amatsya, prèt ki nan Betèl la+, te voye bay Jewobowam+, wa Izrayèl la: “Amòs ap fè konplo sou ou nan mitan Izrayèl+. Moun ki nan peyi a pa ka sipòte tout pawòl l ap di yo+. 11 Paske, men sa Amòs di: ‘Jewobowam ap mouri anba kout epe, e san mank, pèp Izrayèl la ap kite peyi l pou l al ann egzil+.’”

12 Epi, Amatsya di Amòs: “O, ou menm ki konn fè vizyon an, ale, kouri al nan peyi Jida, se la w ap travay pou w jwenn manje pou w manje*, e ou mèt pwofetize nan zòn sa a+. 13 Men, ou pa dwe pwofetize nan Betèl ankò+, paske se kote ki sakre pou wa a+ e se tanp yon wayòm.”

14 Apre sa, Amòs reponn Amatsya, li di l: “Mwen pa t yon pwofèt e mwen pa pitit pwofèt, se bèt mwen te konn gade+ e se pye fig sikomò mwen te konn okipe. 15 Men, Jewova te fè m sispann okipe bèt, e Jewova te di m: ‘Al pot pwofesi bay pèp Izrayèl la, pèp mwen an+.’ 16 Se sa k fè, kounye a, tande sa Jewova di: ‘Ou di: “Pinga w pwofetize kont pèp Izrayèl+ e pinga w preche+ kont fanmi Izarak.” 17 Se poutèt sa, men sa Jewova di: “Madanm ou ap vin tounen yon pwostitye nan vil la, e pitit gason w yo ak pitit fi w yo ap mouri anba kout epe. Y ap separe peyi w la ak yon fisèl e ou menm w ap mouri nan yon peyi ki pa pwòp, epi san mank, pèp Izrayèl la ap kite peyi l pou l al ann egzil+.”’”

8 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, montre m nan yon vizyon: Mwen wè yon pànye ki gen fwi ki bon nan sezon ete. 2 Epi, li mande m: “Ki sa w wè, Amòs?” Mwen reponn: “Yon pànye ki gen fwi ki bon nan sezon ete.” Apre sa, Jewova di m: “Pèp Izrayèl, pèp mwen an, rive nan dènye jou l. Mwen pap padone yo ankò+. 3 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Se rèl k ap gen nan plas chante yo konn chante nan tanp lan jou sa a+. Y ap voye anpil kadav jete toupatou+. Se pou gen silans!’

 4 Tande sa, nou menm k ap toupizi moun ki pòv yo

E k ap detwi moun ki gen imilite nan peyi a+,

 5 Nou menm ki di: ‘Ki lè pou fèt nouvèl lin nan fini+ pou n ka vann manje angren nou yo?

E ki lè pou jou saba a+ fini pou n ka al vann manje angren?

Lè sa a, n ap ka fè efa* yo vin pi piti

E n ap ka monte pri manje yo,

N ap ka fè fo balans pou nou twonpe moun+,

 6 Konsa, n ap ka achte moun ki nan nesesite yo pou ajan,

E moun ki pòv yo pou yon pè sandal+,

Epi n ap ka vann pati ki pa bon nan manje angren yo.’

 7 Jewova, Glwa Jakòb la, fè sèman sou tèt li+, li di:

‘Mwen pap janm bliye tout aksyon yo fè yo+.

 8 Se poutèt sa, peyi a* pral tranble,

E tout moun ki abite ladan l yo pral nan lapenn+.

Èske li pap monte tankou Rivyè Nil la?

E èske li pap monte desann tankou Rivyè Nil la nan peyi Ejip+?’

 9 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Jou sa a,

M ap fè solèy la kouche gwo midi,

E m ap fè peyi a vin fè nwa gran jounen+.

10 M ap fè jou fèt nou yo vin tounen jou lapenn+

E m ap fè tout chante nou yo tounen chante ki tris*.

M ap fè tout moun mare ren yo ak twal sak e m ap fè tèt tout moun vin chòv.

M ap fè gen lapenn tankou lè moun ap kriye pou yon sèl pitit yo genyen.

Se pa ti rèd sa pral rèd nan fen jou sa a!’

11 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Gade! Jou yo pral rive

Kote m pral voye yon grangou nan peyi a.

Se pap yon grangou paske pa gen manje, e se pap yon swaf paske pa gen dlo,

Men, se paske moun ap anvi tande pawòl Jewova+.

12 Moun pral mache tou faya sot nan yon lanmè rive nan yon lòt lanmè,

Soti nan nò al nan lès*.

Yo pral toupatou pou yo chèche pawòl Jewova a, men yo pap jwenn li.

13 Jou sa a, bèl jèn fi ki vyèj yo ap endispoze,

E se menm bagay la k ap rive jèn gason yo, akoz yo swaf.

14 Moun k ap fè sèman sou zidòl ki nan Samari yo+ k ap di:

“Mwen sèmante sou tèt dye w ap sèvi a, o Dann+!”

E k ap di: “Mwen sèmante sou tèt wout ki mennen Beyècheba a+!”,

Moun sa yo pral tonbe e yo pap leve ankò+.’”

9 Mwen te wè Jewova+ anlè lotèl la, epi li di: “Frape tèt poto yo, e kay la ap tranble. Koupe tèt poto yo, e m ap touye ti rès moun ki rete nan pèp la ak epe. Pa gen moun ki kouri k ap sove, e pa gen moun k ap eseye chape k ap reyisi chape+.

 2 Si yo fouye twou pou yo desann al kache nan Tonm nan*,

M ap pran yo kote yo ye a ak men m.

Si yo monte nan syèl la,

M ap fè yo desann sot kote yo ye a.

 3 Si y al kache sou tèt Mòn Kamèl,

Mwen pral chèche yo kote yo ye a e m ap pran yo+.

Si y al kache nan fon lanmè pou m pa ta wè yo,

M ap bay koulèv lòd mòde yo kote yo ye a.

 4 Si ènmi yo genyen yo mennen yo ann egzil,

M ap bay yon epe lòd, e l ap touye yo kote yo ye a+.

M ap fikse je m sou yo pou malè tonbe sou yo, men se pa pou m beni yo+.

 5 Paske se Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, ki touche peyi a*,

Sa fè l tranble+, e tout moun ki ret ladan l ap nan lapenn+.

Yo tout pral monte tankou Rivyè Nil la,

E y ap desann tankou Rivyè Nil la nan peyi Ejip+.

 6 ‘Li se Sila a ki fè mach eskalye l yo ki rive nan syèl la

E ki mete yon plafon* anlè tè a,

Sila a ki rasanble dlo lanmè yo

Pou l vide yo sou tè a+.

Non li se Jewova+.’

 7 Men sa Jewova di: ‘Èske nou pa menm jan ak pitit gason moun peyi Etyopi* yo pou mwen, o pèp Izrayèl?

Èske m pa t fè pèp Izrayèl la sot nan peyi Ejip+?

Èske m pa t fè moun Filisti yo sot nan zile Krèt+ e èske m pa t fè moun Siri yo sot nan peyi Ki+?’

 8 ‘Gade! Mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen fikse je m sou wayòm moun k ap fè peche yo,

Mwen pral elimine l sou tè a+.

Men, mwen pap detwi desandan Jakòb yo nèt+.’ Se sa Jewova di.

 9 ‘Paske, gade! M ap bay yon lòd.

Epi, m ap souke pèp Izrayèl la nan mitan tout nasyon yo+,

Tankou lè y ap pase manje angren nan krib

E pa gen yon ti wòch ki tonbe atè.

10 Tout moun nan pèp mwen an k ap fè peche ap mouri anba kout epe,

Yo menm k ap di: “Malè pap vin toupre nou, ni li pap tonbe sou nou.”’

11 ‘Jou sa a, m ap rebati kay* David la+ ki tonbe,

M ap repare kote ki fann yo

E m ap rebati mazi a.

M ap rebati l pou l vin menm jan l te ye lontan an+,

12 Pou yo ka pran sa k rete nan peyi Edòm+

Ansanm ak tout nasyon ki pote non m yo.’ Se sa Jewova di, li menm k ap fè bagay sa a.

13 Men sa Jewova di: ‘Gade! Gen jou k ap vini

Kote moun k ap raboure tè a ap rankontre ak moun k ap rekòlte a,

E moun k ap kraze rezen anba pye l la ap rankontre ak moun k ap plante a+.

Diven bon kalite pral degoute sot nan mòn yo+,

E diven pral koule sou tout ti mòn yo*+.

14 M ap fè moun nan pèp Izrayèl la, pèp mwen an+, ki te ann egzil yo retounen nan peyi yo.

Y ap rebati vil ki te kraze yo e y ap abite ladan yo+.

Y ap plante rezen e y ap bwè diven yo bay+.

Y ap fè jaden e y ap manje fwi yo bay+.’

15 ‘M ap plante yo nan peyi yo a,

E yo pap janm derasinen yo ankò

Nan peyi mwen ba yo a+.’ Se sa Jewova, Bondye nou an, di.”

Sa vle di: “Se yon chay” oswa “Ap pote yon chay”.

Chak fwa ekspresyon “ap plede fè rebelyon” an parèt nan chapit sa a, yon fason literal, se: “fè twa rebelyon, epi fè kat rebelyon”.

Lit.: “moun ki kenbe baton wa a”.

Lit.: “moun ki kenbe baton wa a”.

Chak fwa ekspresyon “ap plede fè rebelyon” an parèt nan chapit sa a, yon fason literal, se: “fè twa rebelyon, epi fè kat rebelyon”.

Lit.: “jij”.

Oswa: “lòd”.

Oswa: “nan tanp”.

Oswa: “k ap sove nanm yo”.

Oswa: “pap sove nanm yo”.

Oswa: “moun ki gen kè yo”.

Oswa: “san yo pa t pran randevou pou yo rankontre”.

Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.

Se kapab tou: “si yo pa met okenn manje ladan l”.

Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.

Oswa: “bèl divan ki soti Damas”.

Oswa: “tout move zak”.

Se kapab tou: “E pakèt”.

Oswa: “mèt”.

Lit.: “Jewova, Seyè ki Souvren an, fè sèman lefètke li sen”.

Yo pa fin konn sans mo ebre ki bay “Hamon” an.

Oswa: “fè rebèl”.

Lit.: “mwen te fè dan nou pwòp, san yo pa gen manje ladan yo”.

Oswa: “yon chante moun chante lè gen lanmò”.

Se kapab tou: “vin tounen yon bagay mistik”.

Oswa: “vin tankou absent”. Se yon plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò.

Petèt se zetwal yo rele Pleyad yo ki nan gwoup zetwal yo rele Towo a.

Petèt se gwoup zetwal yo rele Oryon an.

Oswa: “nou fè yo peye taks pou tè”.

Oswa: “anpil krim”.

Oswa: “ofrann lapè”.

Toule de dye sa yo kapab gen rapò ak planèt Satin moun te konn adore, e yo te pran l pou yon dye.

Oswa: “ki kè pòpòz”.

Sanble se wayòm Jida a ak wayòm Izrayèl la.

Lit.: “fè vyolans chita”.

Oswa: “jenn towo bèf yo”.

Oswa: “jwe enstriman mizik ki gen kòd”. Gade “Hap” nan Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “nou pa t vin malad akoz”.

Oswa: “sou nanm mwen”.

Lit.: “Yon frè papa l”.

Oswa: “tankou absent”. Se yon plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò.

Lit.: “nou pran kòn nan”.

Oswa: “soti nan antre Amat”.

Anpalan de mwa janvye ak mwa fevriye.

Lit.: “fè leve”.

Lit.: “fè leve”.

Anpalan de Jewobowam II, pitit gason Jowas (Jewowas). Gade Am 1:1.

Lit.: “travay pou w manje pen”.

Gade Apendis B14.

Oswa: “Se poutèt sa, tè a”.

Oswa: “tounen chante moun chante lè gen lanmò”.

Oswa: “nan direksyon solèy leve”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “touche tè a”.

Oswa: “yon plafon ki won; yon vout”.

Oswa: “moun peyi Kouch”.

Oswa: “tant; tonèl”.

Lit.: “E tout ti mòn yo pral fonn”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje