BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt 1 Korentyen 1:1-16:24
  • 1 Korentyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1 Korentyen
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Korentyen

PREMYE LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN NAN VIL KORENT YO

1 Mwen menm, Pòl, yon moun Bondye rele grasa volonte l pou m vin yon apot+ Kris Jezi, mwen met ak Sostèn, frè nou an, 2 pou m ekri kongregasyon Bondye ki nan Korent lan+. M ap ekri nou, nou menm Bondye fè vin sen ann inyon avèk Kris Jezi+, nou menm Bondye rele pou nou vin sen, ansanm ak tout moun toupatou ki met konfyans yo nan* non Jezi Kris+, Seyè nou an, li menm ki Seyè ni yo menm, ni nou menm:

3 Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.

4 Mwen toujou ap di Bondye m nan mèsi pou nou poutèt favè san parèy li fè nou an pa mwayen Kris Jezi. 5 Paske, Bondye fè nou vin rich ann inyon avèk Kris nan tout bagay grasa yon kapasite total li ban nou pou nou pale pawòl la e grasa yon konesans ki konplè+. 6 Konsa, sa parèt klè, temwayaj nou te resevwa sou Kris la+ fin pran rasin nèt nan mitan nou, 7 e sa fè nou pa manke okenn don menm, pandan n ap tann avèk enpasyans pou Jezi Kris, Seyè nou an, parèt+. 8 Bondye ap fè nou vin fèm tou jiska lafen, pou nou pa bay bò pou okenn akizasyon nan jou Jezi Kris, Seyè nou an+. 9 Bondye fidèl+, li menm ki te rele nou pou nou ini ak Pitit li a Jezi Kris, Seyè nou an.

10 Kounye a, m ap ankouraje nou, frè m yo, nan non Jezi Kris, Seyè nou an, pou nou tout gen menm pawòl, pou pa gen divizyon nan mitan nou+, men pou nou byen ini nan menm panse ak nan menm opinyon+. 11 Paske, kèk nan moun lakay Kloye yo pale m de nou, frè m yo, yo fè m konnen gen mezantant nan mitan nou. 12 Men sa m vle di: Nou chak di yon bagay. Gen nan nou ki di: “Mwen pou Pòl.” Genyen ki di: “Mwen pou Apolòs+.” Gen lòt ki di: “Mwen pou Sefas*.” E gen lòt ankò ki di: “Mwen pou Kris.” 13 Èske Kris divize? Èske se Pòl yo te kloure sou poto a pou l mouri pou nou? Oswa èske se nan non Pòl nou te batize? 14 Mwen di Bondye mèsi poutèt mwen pa t batize okenn nan nou, eksepte Krispis+ ak Gayis+. 15 Konsa, pèsonn pami nou pa ka di nou te batize nan non m. 16 Se vre, mwen te batize moun lakay Estefanas yo tou+. Kanta pou rès moun yo, mwen pa sonje si m te batize okenn nan yo. 17 Paske, Kris pa t voye m batize moun. Men, li te voye m al anonse bon nouvèl la+, san m pa sèvi ak langaj moun save, dekwa pou poto soufrans* Kris la pa vin initil.

18 Annefè, pou moun k ap peri yo, mesaj poto soufrans* lan se bagay moun sòt+, men pou nou menm k ap sove, li se pisans Bondye+. 19 Paske, men sa ki ekri: “M ap fè sajès moun ki saj yo peri, e m ap rejte entèlijans moun ki entèlektyèl yo*+.” 20 Kote moun ki saj yo? Kote espè nan Lalwa yo? Kote moun ki renmen fè diskisyon nan sistèm sa a*? Èske Bondye pa t fè sajès monn nan tounen bagay moun sòt? 21 Anfèt, piske nan sajès Bondye, monn nan, avèk sajès li genyen+, pa t rive konnen Bondye+, Bondye te pran plezi pou l sove moun ki kwè yo+, grasa sa ki sanble bagay moun sòt ki gen nan mesaj n ap preche a.

22 Paske, Juif yo ap mande siy+ e Grèk* yo ap chèche sajès. 23 Men, sa n ap preche, se Kris yo te kloure sou poto pou l mouri a. Sa lakòz Juif yo bite, e pou nasyon yo, se bagay moun sòt+. 24 Men, pou moun Bondye rele yo, kit se Juif, kit se Grèk, Kris se pisans Bondye e li se sajès Bondye+. 25 Paske, sa ki sanble yon bagay moun sòt lakay Bondye gen plis sajès pase lèzòm, e sa ki sanble yon feblès lakay Bondye pi solid pase lèzòm+.

26 Paske, frè m yo, nou ka wè sa: Nan moun Bondye te rele pami nou yo, pa gen anpil moun ki save dapre lèzòm+, ni anpil moun ki gen pouvwa, ni anpil moun ki fèt nan gran fanmi+. 27 Men, Bondye chwazi bagay sòt nan monn nan pou l ka fè moun ki saj yo wont, e Bondye chwazi bagay fèb nan monn nan pou l ka fè bagay ki solid yo wont+. 28 E Bondye chwazi bagay ki pa gen valè nan monn nan ak bagay moun meprize, bagay ki pa anyen yo, pou l ka elimine bagay ki se yon afè yo+, 29 dekwa pou okenn moun* pa fè lwanj pou tèt li devan Bondye. 30 Men, se grasa li nou ann inyon avèk Kris Jezi, li menm ki fè nou konnen sajès ki soti nan Bondye, li menm ki fè nou vin jis nan je Bondye+ e ki fè nou vin sen+, e ki libere nou grasa ranson an+, 31 dekwa pou sa ka fèt egzakteman jan sa ekri a: “Yon moun k ap fè lwanj pou tèt li, se nan Jewova* pou l fè l+.”

2 Se poutèt sa, frè m yo, lè m te vin lakay nou, mwen pa t vin enpresyone nou ak gwo pawòl+ oswa ak sajès pou m fè nou konnen sekrè sakre+ Bondye a. 2 Paske, lè m te nan mitan nou, mwen te deside pou m pa t konnen anyen, eksepte Jezi Kris, li menm yo te kloure sou poto pou l mouri a+. 3 E mwen te vin lakay nou nan feblès, nan lakrentif e avèk anpil respè. 4 Ni lè m t ap pale ni lè m t ap preche, mwen pa t itilize pawòl sajès lèzòm pou m konvenk nou, men, pawòl mwen yo te demontre pisans lespri a+, 5 dekwa pou nou pa t met lafwa nou nan sajès lèzòm, men pou nou mete l nan pisans Bondye.

6 La a n ap pale sou sajès moun ki gen matirite yo genyen+, men nou pap pale sou sajès ki gen nan sistèm sa a*, ni sou sajès chèf ki nan sistèm sa a genyen, yo menm ki gen pou yo disparèt+. 7 Men, n ap pale sou sajès Bondye ki parèt nan yon sekrè sakre+, yon sajès ki kache, yon sajès Bondye te gentan destine alavans pou glwa nou, anvan sistèm yo te vin egziste. 8 Pa gen youn nan chèf ki nan sistèm sa a* ki rive konn sajès sa a+, paske si yo te konnen l, yo pa t ap touye Seyè ki gen glwa a*. 9 Men, tankou sa ekri: “Bagay Bondye prepare pou moun ki renmen l yo, je pa wè yo, zòrèy pa tande yo, e moun pa ka imajine yo+.” 10 Paske, se nou menm Bondye fè konnen yo+ grasa lespri li+, paske lespri a fouye nan tout bagay, menm nan bagay pwofon Bondye yo+.

11 Paske, kiyès pami lèzòm ki konnen sa k nan panse yon moun, si se pa lespri moun nan? Menm jan an tou, pèsonn pa rive konnen sa k nan panse Bondye, anwetan lespri Bondye. 12 Ebyen, nou menm, se pa lespri monn nan nou te resevwa, men se lespri ki soti nan Bondye a+, yon fason pou nou ka konnen bagay Bondye ban nou ak tout kè li. 13 Bagay sa yo, nou pale yo tou, men nou pa fè sa ak pawòl ki soti nan sajès lèzòm+, men nou fè sa ak pawòl ki soti nan lespri Bondye+, pandan n ap sèvi ak pawòl ki ann akò ak lespri a pou n esplike bagay ki gen rapò ak Bondye.

14 Men, yon moun ki kite dezi l mennen l pa aksepte bagay ki gen rapò ak lespri Bondye, paske pou li, yo se bagay moun sòt, e li pa ka rive konnen yo, paske yon moun dwe gen lespri Bondye pou l ka egzamine yo. 15 Men, vrèmanvre, moun ki kite lespri Bondye gide l la egzamine tout bagay+, men li menm, okenn moun pa egzamine l. 16 Paske, “kiyès ki rive konnen sa k nan panse Jewova*, pou l ta di l sa pou l fè+?” Men nou menm, nou gen panse Kris la+.

3 Kidonk, frè m yo, mwen pa t ka pale avèk nou tankou se ak moun lespri Bondye ap dirije+, men, mwen te pale avèk nou tankou se ak moun ki kite lachè ap mennen yo, tankou se ak timoun piti+ nan Kris. 2 Mwen te ban nou bwè lèt, mwen pa t ban nou manje gwo manje, paske nou potko djanm ase. Anfèt, jis kounye a nou poko fin djanm+, 3 piske se dezi monn nan k ap mennen nou toujou+. Depi gen jalouzi ak chirepit nan mitan nou, èske se pa dezi monn nan k ap mennen nou+? Èske se pa menm jan ak moun nan monn nan n ap mache? 4 Paske, lè youn di: “Mwen pou Pòl”, epi yon lòt di: “Mwen pou Apolòs+”, èske se pa menm jan ak nenpòt moun n ap aji?

5 Dayè, ki sa Apolòs ye? Wi, ki sa Pòl ye? Yo se sèvitè+ ki ede nou vin kwayan, jan Seyè a pèmèt yo chak fè. 6 Mwen plante+, Apolòs wouze+, men se Bondye ki fè sa k plante a grandi. 7 Konsa, se pa ni moun ki plante a, ni moun ki wouze a ki yon bagay, men se Bondye ki fè l grandi a+. 8 Ebyen, moun ki plante a ak moun ki wouze a fè youn*, men yo chak ap resevwa rekonpans pa yo selon travay pa yo+. 9 Paske, nou se konpayon travay Bondye. Nou menm, nou se jaden Bondye bay kiltive, nou se kay Bondye ap bati+.

10 Selon favè san parèy Bondye ban mwen an, menm jan ak yon bòs ki fò*, mwen poze yon fondasyon+, men yon lòt moun ap bati sou li. Se pou chak moun kontinye veye ki jan l ap bati sou li. 11 Paske, pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon, apa sa ki poze a, ki se Jezi Kris+. 12 Kounye a, si yon moun bati sou fondasyon an ak lò, ak ajan, ak pyè ki gen anpil valè, epi yon lòt bati ak bwa, ak zèb sèch oswa ak pay, 13 travay chak moun ap parèt aklè. Jou eprèv la ap devwale l, paske dife ap fè l parèt aklè+, e dife a li menm pral montre kalite travay chak moun. 14 Si travay yon moun bati sou fondasyon an rete, moun sa a ap resevwa yon rekonpans. 15 Si travay yon moun boule, l ap fè yon pèt, men li menm, l ap sove. Men, si l sove, se pral tankou se nan dife l sove.

16 Èske nou pa konnen nou menm nou se tanp Bondye+, e lespri Bondye abite nan nou+? 17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye ap detwi l. Paske, tanp Bondye a sen, e tanp sa a, se nou menm+.

18 Pinga pèsonn twonpe tèt li: Si youn nan nou panse li gen sajès nan sistèm sa a*, pito l vin sòt pou l ka vin gen sajès. 19 Paske, sajès monn sa a se bagay moun sòt li ye devan Bondye. Paske, men sa ki ekri: “Li fè moun ki gen sajès yo pran nan pwòp pyèj yo+.” 20 E men sa ki ekri ankò: “Jewova* konnen rezònman moun ki gen sajès yo pa vo anyen+.” 21 Se sa k fè, pinga pèsonn chèche jwenn glwa nan men lèzòm. Paske, tout bagay se pou nou. 22 Keseswa Pòl, oswa Apolòs, oswa Sefas*+, oswa monn nan, oswa lavi, oswa lanmò, oswa bagay ki la kounye a, oswa bagay ki gen pou vini yo, yo tout se pou nou. 23 Nou menm bò kote pa nou, nou pou Kris+, e Kris bò kote pa l, li pou Bondye.

4 Yon moun ta dwe konsidere nou antanke sèvitè k ap travay anba direksyon Kris, e antanke entandan k ap jere sekrè sakre Bondye yo+. 2 Dayè, sa y ap chèche lakay yon entandan, se pou yo jwenn li fidèl. 3 Pou mwen, sa pa gen enpòtans si nou jije m oswa si lèzòm jije m nan tribinal yo. Menm mwen menm, mwen pa jije tèt mwen. 4 Paske, konsyans mwen pa repwoche m anyen. Men, sa pa fè mwen jis pou sa. Moun k ap jije m nan se Jewova*+. 5 Se sa k fè, pinga nou jije+ anyen anvan tan ki fikse a, jiskaske Seyè a vini. Se li menm ki pral fè limyè klere sou bagay sekrè k ap fèt nan fènwa yo, e ki pral fè konnen sa moun yo gen nan kè yo, e konsa, chak moun pral jwenn lwanj pa l nan men Bondye+.

6 Kounye a, frè m yo, bagay sa yo nou di yo, se sa ni mwen menm ni Apolòs+ suiv pou byen nou, yon fason pou nou ka aprann prensip ki di: “Pa ale pi lwen pase sa ki ekri”, yon fason pou nou pa gonfle ak ògèy+, e pou pa gen patipri nan mitan nou. 7 Paske, ki sa k fè w pa menm ak yon lòt moun? Wi, ki sa w genyen se pa resevwa w te resevwa l+? Anfèt, si sa w genyen an se resevwa w te resevwa l, poukisa w ap vante tèt ou kòmsi se pa resevwa w te resevwa l?

8 Èske nou deja gen tout sa nou bezwen? Èske nou deja rich? Èske nou kòmanse dirije antanke wa+ san nou? An reyalite, mwen ta renmen nou kòmanse dirije antanke wa, konsa, nou menm tou, nou ta dirije antanke wa avèk nou+. 9 Paske, selon mwen menm, sanble Bondye prezante nou menm apot yo an dènye kòm moun yo kondane pou mouri+, paske nou vin tounen yon pyès teyat devan ni monn nan+, ni zanj yo, ni lèzòm. 10 Yo pran nou pou moun sòt+ poutèt Kris, men nou menm, nou konsidere tèt nou kòm moun ki prevwayan ann inyon avèk Kris. Nou fèb, men nou menm, nou djanm. Yo onore nou, men nou menm, nou nan dezonè. 11 Jis kounye a, nou nan grangou+, nou swaf+, nou touni, yo kontinye ap bat nou*+, nou pa gen kote pou n rete, 12 e n ap travay di ak pwòp men nou+. Lè yo joure nou, nou beni yo+. Lè yo pèsekite nou, nou andire avèk pasyans+. 13 Lè yo pale nou mal, nou reponn avèk dousè*+. Nou vin tankou fatra* monn nan, tankou tout kalite rejè, jis kounye a.

14 Se pa pou m fè nou wont m ap ekri bagay sa yo, men, mwen fè sa pou m konseye nou tankou pitit mwen renmen anpil. 15 Paske, menmsi nou ta gen 10 000 moun k ap veye sou nou* nan Kris, se sèten nou pa gen anpil papa, paske se mwen menm ki vin papa nou nan Kris Jezi, grasa bon nouvèl la+. 16 Se sa k fè, m ap ankouraje nou pou nou imite m+. 17 Se pou rezon sa a m ap voye Timote ban nou, piske l se pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl. E l ap fè nou sonje metòd mwen yo* anrapò ak Kris Jezi+, metòd m ap anseye toupatou nan chak kongregasyon.

18 Gen moun ògèy yo tèlman wo, yo fè kòmsi mwen pap vin lakay nou toutbon. 19 Men, si se volonte Jewova*, mwen pap pran anpil tan pou m vin kote nou, e lè sa a, mwen pap chèche konn pawòl k ap sot nan bouch moun ki gonfle ak ògèy yo, men, m ap chèche konn pisans yo. 20 Paske, Wayòm Bondye a pa chita sou pawòl, men li chita sou pisans. 21 Ki sa nou prefere? Èske se pou m vin lakay nou ak yon baton+, oswa ak lanmou ansanm ak dousè?

5 Wi, yo rapòte gen imoralite seksyèl*+ pami nou, e yon imoralite* konsa pa menm egziste pami nasyon yo: Gen yon mesye ki ak* madanm papa l+. 2 Epi nou fyè pou sa? Okontrè, èske se pa tris pou nou ta tris pito+, dekwa pou nou ta mete moun ki fè aksyon sa a deyò nan mitan nou+? 3 Menmsi m pa la an pèsòn, mwen la ann espri, e mwen deja jije moun ki fè aksyon sa a, kòmsi m te la. 4 Konsa, lè nou reyini ansanm nan non Seyè nou an, Jezi, e nou konnen mwen avèk nou ann espri ansanm ak pisans Seyè nou an, Jezi, 5 nou dwe lage yon moun konsa bay Satan+ pou nou elimine enfliyans lachè a*, yon fason pou lespri a* ka prezève nan jou Seyè a+.

6 Vante n ap vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen yon tikras ledven fè tout pat la leve+? 7 Retire ledven ki rasi a, pou nou ka vin yon pat fre, piske anfèt, nou pa gen ledven nan nou. Paske, an reyalite, yo te sakrifye Kris+, Ti Mouton fèt Pak nou an+. 8 Kidonk, se pa ak yon ledven ki rasi, ni ak ledven malveyans, ni ak ledven mechanste pou nou fete fèt la+, men, annou fete l avèk pen ki pa gen ledven, pen senserite ak verite.

9 Nan lèt mwen an, mwen te ekri nou pou nou sispann frekante moun k ap fè imoralite seksyèl*. 10 Mwen pa t vle di pou nou pa pran kontak ditou ak moun nan monn nan+ k ap fè imoralite seksyèl*, oswa ki ava, oswa ki dechèpiyè, oubyen k ap adore zidòl. Si se ta sa, nou t ap oblije kite monn nan toutbon+. 11 Men kounye a, m ap ekri nou pou nou sispann frekante*+ nenpòt moun ki di li se yon frè, men k ap fè imoralite seksyèl*, oubyen ki ava+, oubyen k ap adore zidòl, oubyen k ap joure moun*, oubyen ki bwasonyè+, oubyen ki dechèpiyè+, e pou nou pa menm manje ak yon moun konsa. 12 An reyalite, ki sa m gen pou m wè nan jije moun ki deyò yo? Èske se pa moun ki anndan yo n ap jije, 13 tandiske Bondye ap jije moun ki deyò yo+? “Retire mechan an nan mitan nou+.”

6 Lè youn nan nou gen yon pwoblèm ak yon lòt+, ki jan l fè oze al jije avè l nan tribinal devan moun ki enjis, olye l al devan moun ki sen yo? 2 Èske se konnen nou pa konnen moun ki sen yo pral jije monn nan+? Si nou gen pou nou jije monn nan, èske se ti bagay piti nou pa ta ka jije? 3 Èske se konnen nou pa konnen nou gen pou nou jije zanj+? Alò, poukisa nou pa ta ka jije bagay ki gen nan lavi sa a? 4 Donk, si nou gen bagay nan lavi sa a pou nou jije+, èske se moun ki pa nan kongregasyon an pou nou pran kòm jij? 5 M ap pale pou m fè nou wont menm. Èske pa gen yon moun ki gen sajès nan mitan nou ki kapab fè jijman ant frè ak frè? 6 Twouve frè pral nan tribinal ak frè parèy yo, e devan ki moun ankò? Devan moun ki pa kwayan!

7 An reyalite, se deja yon echèk pou nou lè nou nan pwosè youn ak lòt. Poukisa nou pa kite yo fè nou enjistis pito+? Poukisa nou pa kite yo eksplwate nou pito? 8 Okontrè, se nou menm k ap fè moun enjistis, se nou menm k ap eksplwate moun, e se frè nou n ap fè sa.

9 Èske se konnen nou pa konnen moun ki enjis yo pap benefisye* Wayòm Bondye a+? Pa twonpe tèt nou*. Moun k ap fè imoralite seksyèl*+, moun k ap adore zidòl+, moun k ap fè adiltè+, gason ki dakò lòt gason kouche yo+, gason k ap kouche ak gason*+, 10 moun k ap vòlè, moun ki ava+, moun ki bwasonyè+, moun k ap joure moun*, moun ki dechèpiyè pap benefisye Wayòm Bondye a+. 11 Epoutan, se sa kèk nan nou te ye. Men, yo lave nou+, yo fè nou vin sen+, yo deklare nou jis+ nan non Jezi Kris, Seyè nou an, e avèk lespri Bondye nou an.

12 Mwen gen dwa pou m fè tout bagay, men se pa tout bagay ki bay avantaj+. Mwen gen dwa pou m fè tout bagay, men m pap kite anyen gen kontwòl mwen*. 13 Manje fèt pou vant, e vant fèt pou manje, men Bondye ap elimine ni youn ni lòt+. E kò a pa la pou imoralite seksyèl*, se pou Seyè a li ye+, e Seyè a pou kò a. 14 Men, grasa pisans Bondye genyen+, li leve Seyè a+, e l ap leve nou menm tou sot nan lanmò+.

15 Èske se konnen nou pa konnen kò nou se pati nan kò Kris+? Kidonk, èske mwen ta dwe pran pati nan kò Kris pou m fè yo fè yon sèl ak yon pwostitye? Jamè! 16 Èske se konnen nou pa konnen yon moun ki ini ak yon pwostitye fè yon sèl kò avè l? Paske, Bondye di: “Yo de a ap vin yon sèl chè+.” 17 Men, yon moun ki ini ak Seyè a fè yon sèl avè l nan lespri+. 18 Kouri pou imoralite seksyèl*+. Tout lòt peche yon moun ka fè pa gen rapò dirèk ak kò a, men yon moun k ap fè imoralite seksyèl peche kont pwòp kò li+. 19 Èske se konnen nou pa konnen kò nou se tanp+ lespri sen ki nan nou an, lespri sen nou resevwa nan men Bondye a+? Epitou, nou pa mèt tèt nou+, 20 paske yo te peye yon pri pou yo achte nou+. Kidonk, bay Bondye glwa+ nan kò nou+.

7 Kounye a, konsènan bagay nou te ekri yo, li pi bon pou yon gason pa manyen yon fi*. 2 Sepandan, akoz imoralite seksyèl* ki fin gaye, se pou chak gason gen pwòp madanm li+, e se pou chak fi gen pwòp mari l+. 3 Se pou mari a bay madanm li sa l dwe l la, e se pou madanm nan fè menm jan an tou pou mari l+. 4 Se pa madanm nan ki gen pouvwa sou pwòp kò l, men se mari a. Menm jan an tou, se pa mari a ki gen pouvwa sou pwòp kò l, men se madanm nan. 5 Pinga youn refize lòt, sof si nou antann nou sou sa pou yon tan nou fikse, yon fason pou nou ka konsakre tan pou nou lapriyè, e apre sa pou nou tounen ansanm ankò, dekwa pou Satan pa kontinye tante nou poutèt nou pa ka kontwole tèt nou. 6 Sepandan, lè m di sa a, se pa lòd m ap pase nou, men se pèmisyon mwen ban nou. 7 Men, mwen ta renmen pou tout moun tankou m. Men, Bondye bay chak moun don pa yo+, youn jwenn li yon jan, lòt la jwenn li yon lòt jan.

8 Kounye a, m ap di moun ki pa marye yo ak vèv yo, li pi bon pou yo si yo rete menm jan avè m+. 9 Men, si yo pa ka kontwole tèt yo, pito yo marye, paske li pi bon pou yon moun marye pase pou l kite anvi pote l ale+.

10 Men sa m ap di moun marye yo, e se pa mwen menm ki di l, se Seyè a: Yon madanm pa dwe separe ak mari l+. 11 Men, si li separe avè l, se pou l rete san l pa marye, oubyen se pou l rekonsilye ak mari l. E yon mari pa dwe kite madanm li+.

12 Men, pou lòt moun yo, men sa m ap di, wi, mwen menm, se pa Seyè a+: Si yon frè gen madanm li ki pa kwayan, e madanm nan dakò rete ak li, li pa dwe kite l. 13 E si yon madanm gen mari l ki pa kwayan, e mari a dakò rete ak li, li pa dwe kite mari a. 14 Paske, mari ki pa kwayan an vin sen parapò ak madanm li, e madanm ki pa kwayan an vin sen parapò ak frè a. Si se pa t sa, pitit nou yo pa t ap pwòp, men kounye a, yo sen. 15 Men, si moun ki pa kwayan an vle separe, li mèt separe. Nan ka sa a, frè a oswa sè a pa gen okenn obligasyon ankò. Bondye te rele nou pou nou viv anpè+. 16 Anfèt, ou menm madanm, ki jan w fè konnen si w pap sove mari w+? Oubyen, ou menm mari, ki jan w fè konnen si w pap sove madanm ou?

17 Piske Jewova* bay chak moun pòsyon pa yo, se pou chak moun rete jan Bondye te rele l la+. E se lòd sa a mwen bay nan tout kongregasyon yo. 18 Èske yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l+? Li mèt ret jan l ye a. Èske yon moun pa t sikonsi lè Bondye te rele l? Li pa bezwen fè yo sikonsi l+. 19 Sikonsi pa vle di anyen, pa sikonsi pa vle di anyen+, men, sa ki enpòtan, se obeyi kòmandman Bondye yo+. 20 Nan kèlkeswa sitiyasyon yon moun te ye lè Bondye te rele l, li mèt ret ladan l+. 21 Èske w te yon esklav lè Bondye te rele w la? Pa chaje tèt ou pou sa+. Men, si w ka vin lib, ou mèt pwofite okazyon an. 22 Paske, kèlkeswa moun ki nan Seyè a ki te esklav lè Bondye te rele l, li vin yon moun lib ki pou Seyè a+. Menm jan an tou, yon moun ki te lib lè Bondye te rele l, li vin yon esklav Kris. 23 Yo te peye yon pri pou yo achte nou+. Sispann fè tèt nou tounen esklav lèzòm. 24 Frè m yo, nan kèlkeswa sitiyasyon yon moun te ye lè Bondye te rele l, li mèt ret ladan l, toutpandan l kenbe relasyon l ak Bondye.

25 Kanta pou moun ki vyèj yo*, Seyè a pa ban m lòd pou yo, men m ap bay opinyon pa m+ antanke moun Seyè a fè mizèrikòd pou m ka fidèl. 26 Se sa k fè, mwen panse akoz sitiyasyon difisil n ap fè fas la a, li pi bon pou yon moun rete jan l ye a. 27 Èske w gen madanm? Sispann chèche separe avè l+. Èske w san madanm? Sispann chèche yon madanm. 28 Men, menmsi w ta marye, ou pa t ap peche. E si yon moun ki vyèj ta marye, moun sa a pa t ap peche. Sepandan, moun ki marye yo ap jwenn tribilasyon nan lavi yo*. Men, se epaye m ap eseye epaye nou sa.

29 Anplis, frè m yo, men sa m ap di nou: Tan ki rete a vin pi kout+. Depi kounye a, se pou moun ki gen madanm fè tankou yo pa t genyen. 30 Epitou, se pou moun k ap kriye yo tankou moun ki pap kriye. Se pou moun k ap rejwi yo tankou moun ki pap rejwi. Se pou moun k ap achte yo tankou moun ki pa posede anyen. 31 E se pou moun k ap sèvi ak monn nan tankou moun ki pap sèvi avè l nèt. Paske, monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat. 32 An reyalite, mwen pa vle nou enkyete nou ditou. Gason ki pa marye a enkyete l pou bagay Seyè a, ki jan pou l fè Seyè a plezi. 33 Men, gason ki marye a enkyete l pou bagay monn nan+, ki jan pou l fè madanm li plezi, 34 e li vin gen de okipasyon. Menm jan an tou, fi ki pa marye a ak fi ki vyèj la enkyete yo pou bagay Seyè a+, pou yo ka sen ni nan kò yo ni nan lespri yo. Sepandan, fi ki marye a enkyete l pou bagay monn nan, ki jan pou l fè mari l plezi. 35 Men, m ap di nou sa nan avantaj nou. Se pa pou m mare pye nou, men se pou m ankouraje nou pou nou fè sa ki kòrèk e pou nou toujou sèvi Seyè a san nou pa distrè.

36 Men, si yon moun panse l ap aji yon fason ki pa kòrèk lè l rete san l pa marye* e si l pa twò jèn, men sa k dwe fèt: Li mèt marye+ si se sa l vle. Li pa peche. 37 Men, si yon moun byen deside nan kè l, si li pa gen okenn nesesite, si li kontwole pwòp volonte l e si li pran desizyon nan kè l pou l rete san l pa marye*, li byen fè+. 38 Yon lòt bò, yon moun ki marye* byen fè tou, men, yon moun ki pa marye ap fè pi byen toujou+.

39 Yon fi ini ak mari l toutotan mari a vivan+. Men, si mari l ta vin mouri, li lib pou l marye ak moun li vle, men se sèlman si moun sa a nan Seyè a+. 40 Sepandan, dapre mwen menm, l ap viv ak plis kè kontan si l rete jan l ye a. E se sèten, mwen panse mwen menm tou, mwen gen lespri Bondye.

8 Kounye a, konsènan manje yo ofri bay zidòl+, nou konnen nou tout nou gen konesans sou sa+. Konesans fè moun gonfle ak ògèy, men lanmou fòtifye moun+. 2 Si yon moun panse li konnen yon bagay, li poko konnen l jan l ta dwe konnen l lan. 3 Men, si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen moun sa a.

4 Kounye a, pou kesyon manje manje yo ofri bay zidòl la, nou konnen yon zidòl pa anyen ditou+, e nou konnen se yon sèl Bondye ki genyen+. 5 Paske, menmsi gen sa yo rele dye, kit se nan syèl la, kit se sou tè a+, e se vre gen anpil “dye” ak anpil “seyè”, 6 an reyalite, pou nou menm, gen yon sèl Bondye+, se Papa a+. Se nan li tout bagay soti, e se pou li nou ye+. E gen yon sèl Seyè, se Jezi Kris. Se ak li Bondye te sèvi pou l fè tout bagay+, e se grasa li nou egziste.

7 Sepandan, se pa tout moun ki konn sa+. Men, gen kèk moun, poutèt yo te konn sèvi zidòl, lè y ap manje yon manje, yo panse manje a se yon manje moun te sakrifye bay zidòl+, e konsyans yo vin kontamine etandone li fèb+. 8 Men, se pa manje k ap fè nou vin pi pwòch Bondye+. Si nou pa manje, nou pap vin pi mal, e si nou manje, nou pap vin pi byen+. 9 Men, toujou veye pou dwa nou genyen pou nou chwazi a pa tounen, yon fason oswa yon lòt, yon obstak pou fè moun ki fèb yo peche+. 10 Paske, si yon moun wè ou menm ki gen konesans w ap manje nan tanp yon zidòl, èske sa pap enfliyanse konsyans moun sa a ki fèb pou fè l manje manje yo ofri bay zidòl? 11 Konsa, akoz konesans ou, moun ki fèb la ap peri, wi, frè w Kris te mouri pou li a+. 12 Lè nou peche konsa kont frè nou e nou blese konsyans yo ki fèb+, se kont Kris nou peche. 13 Se poutèt sa, si yon vyann fè frè m peche, mwen pap janm manje vyann ankò, dekwa pou m pa fè frè m peche+.

9 Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apot? Èske mwen pa t wè Jezi, Seyè nou an+? Èske se pa nou menm ki rezilta travay mwen nan Seyè a? 2 Menmsi pou lòt moun mwen pa yon apot, se sèten se sa mwen ye pou nou. Paske, nou se so ki pwouve mwen se yon apot nan Seyè a.

3 Men defans m ap prezante devan moun k ap jije m yo: 4 Èske nou pa gen dwa* pou nou manje e pou nou bwè? 5 Èske nou pa gen dwa fè menm jan ak lòt apot yo ak frè Seyè yo+ ak Sefas*+ pou nou ta gen yon madanm ki kwayan*+ epi pou l akonpaye nou kote nou prale? 6 Oubyen èske se Banabas+ avè m sèlman ki pa gen dwa rete san nou pa travay pou n viv? 7 Ki sòlda ki an sèvis epi pou se li menm k ap peye tèt li? Kiyès moun k ap plante yon jaden rezen epi pou l pa manje fwi jaden an bay+? Oubyen kiyès moun k ap pran swen yon twoupo epi pou l pa bwè nan lèt twoupo a?

8 Èske se selon pwennvi lèzòm m ap di bagay sa yo? Oubyen èske Lalwa pa di bagay sa yo tou? 9 Paske, men sa ki ekri nan Lwa Moyiz la: “Nou pa dwe met baboukèt pou yon towo bèf k ap bat manje angren+.” Èske se pou towo bèf yo Bondye gen sousi? 10 Èske se pa pou nou pito li di sa? An reyalite, se pou nou pawòl sa yo te ekri, paske ni moun k ap vire tè a ni moun k ap degrennen manje angren an dwe fè sa avèk espwa y ap jwenn pa yo.

11 Si se bagay ki soti nan Bondye nou simen nan mitan nou, èske sa t ap twòp si nou ta rekòlte bagay materyèl nan men nou+? 12 Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa genyen l plis toujou? Men, nou pa sèvi ak dwa* sa a+, okontrè, nou andire tout bagay, yon fason pou nou pa met okenn obstak pou bon nouvèl konsènan Kris la+. 13 Èske nou pa konnen mesye k ap fè sèvis sakre yo manje bagay ki nan tanp lan, e ni moun k ap sèvi toutan sou lotèl la, ni lotèl la, yo chak jwenn pòsyon pa yo+? 14 Menm jan an tou, Seyè a mande pou moun k ap pwoklame bon nouvèl la viv sou kont bon nouvèl la+.

15 Men, mwen pa sèvi ak okenn nan dispozisyon sa yo+. An reyalite, mwen pa ekri bagay sa yo pou sa ta vin fèt konsa pou mwen, paske mwen ta pito mouri pase pou m ta kite yon moun retire rezon m genyen pou m fè lwanj pou tèt mwen an+. 16 Se sa k fè, si m ap anonse bon nouvèl la, se pa yon rezon pou m fè lwanj pou tèt mwen, paske se yon obligasyon yo fè m. Wi, malè pou mwen si m pa t anonse bon nouvèl la+! 17 Si mwen fè sa ak pwòp volonte m, mwen gen yon rekonpans. Men, menm lè mwen fè sa kont volonte m, mwen toujou gen yon responsablite yo konfye m+. 18 Alò, ki rekonpans mwen genyen? Sèke, pandan m ap anonse bon nouvèl la, mwen kapab bay li gratis, pou m pa mal sèvi ak otorite* mwen genyen anrapò ak bon nouvèl la.

19 Paske, kwak mwen pa gen obligasyon anvè pèsonn, mwen fè tèt mwen vin esklav tout moun, pou m ka mennen mezi moun mwen kapab vin jwenn Kris. 20 Pou Juif, mwen vin tankou yon Juif, pou m ka mennen Juif yo vin jwenn Kris+. Pou moun ki anba Lalwa, mwen vin tankou yon moun ki anba Lalwa, kwak mwen menm mwen pa anba Lalwa, pou m ka mennen moun ki anba Lalwa yo vin jwenn Kris+. 21 Pou moun ki san lwa, mwen vin tankou yon moun ki san lwa, pou m ka mennen moun ki san lwa yo vin jwenn Kris+, byenke mwen pa san lwa parapò ak Bondye, men mwen anba lalwa parapò ak Kris. 22 Pou moun ki fèb, mwen vin fèb, pou m ka mennen moun ki fèb yo vin jwenn Kris+. Mwen vin tout bagay pou tout kalite moun, pou m ka fè tout sa k posib pou m sove kèk nan yo. 23 Mwen fè tout bagay pou bon nouvèl la, pou m ka pataje l ak lòt moun+.

24 Èske nou pa konnen, nan yon kous, tout moun kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon fason pou nou ka genyen l+. 25 Tout moun k ap patisipe nan yon konpetisyon* metrize yo nan tout bagay. Natirèlman, yo fè sa pou yo ka resevwa yon kouwòn ki ka depafini+, tandiske nou menm, se pou nou ka gen yon kouwòn ki pa ka depafini+. 26 Kidonk, mwen pap kouri san m pa konn kote m prale+. M ap tire kou m yo yon fason pou se pa nan lib mwen tire yo. 27 Okontrè, mwen benyen kò m+ ak kou* e mwen mennen l tankou yon esklav. Konsa, lè m fin preche lòt moun, mwen pap vin yon moun Bondye pa apwouve* yon fason oswa yon lòt.

10 Frè m yo, men sa m vle nou konnen: Tout zansèt nou yo te anba nyaj la+, yo tout te travèse lanmè a+, 2 e yo tout, etan yo t ap suiv Moyiz, yo te batize pa mwayen nyaj la ak lanmè a. 3 Yo tout te manje menm manje Bondye te bay la+, 4 e yo tout te bwè menm dlo Bondye te bay la+. Paske, yo te konn bwè dlo ki soti nan mas wòch Bondye te bay la ki t ap mache dèyè yo, e mas wòch sa a te reprezante* Kris la+. 5 Epoutan, Bondye pa t kontan ak pifò nan yo. Se poutèt sa, yo te mouri nan dezè a+.

6 Bagay sa yo sèvi nou egzanp, pou nou pa anvi move bagay, menm jan ak yo+. 7 Pinga nou sèvi zidòl, menm jan kèk nan yo te konn fè sa. Tankou sa ekri: “Pèp la chita pou l manje e pou l bwè, e yo leve pou yo pran plezi yo+.” 8 Annou pa pratike imoralite seksyèl*, menm jan kèk nan yo te fè imoralite seksyèl*, sa ki te lakòz 23 000 nan yo tonbe nan yon sèl jou+. 9 Annou pa teste Jewova+, menm jan kèk nan yo te teste l, sa ki te lakòz yo peri anba sèpan yo+. 10 Pinga nou plenyen nonplis, menm jan kèk nan yo te konn plenyen+, sa ki te lakòz yo peri anba destriktè a+. 11 Bagay sa yo ki te rive yo a se egzanp yo ye pou nou menm fen sistèm yo rive sou nou an e yo te ekri yo pou sèvi nou avètisman+.

12 Kidonk, se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe+. 13 Pa gen okenn tantasyon nou jwenn lòt moun pa konn jwenn+. Men, Bondye fidèl, li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte+. Men, lè nou jwenn tantasyon an, l ap ouvri yon chemen tou, dekwa pou nou ka andire l+.

14 Se poutèt sa, byenneme m yo, kouri pou idolatri+. 15 M ap pale avèk nou tankou se ak moun ki gen bon jijman. Egzamine sa m ap di a nou menm. 16 Koup benediksyon nou priye sou li a, èske se pa yon patisipasyon nan san Kris la li ye+? Pen nou kase a, èske se pa yon patisipasyon nan kò Kris la li ye+? 17 Piske gen yon sèl pen, nou menm, menmsi nou anpil, nou se yon sèl kò+, paske nou tout, nou manje nan sèl pen sa a.

18 Gade Izrayèl selon lachè a: Èske moun ki manje sakrifis yo pa asosye ak lotèl la+? 19 Alò, ki sa m vle di? Èske m vle di sa yo sakrifye bay zidòl se yon bagay, oubyen yon zidòl se yon bagay? 20 Non. Men, mwen di bagay nasyon yo ap sakrifye yo, se pa pou Bondye y ap sakrifye yo+, se pou demon, e mwen pa vle nou vin asosye ak demon+. 21 Nou pa ka ap bwè nan koup Jewova* epi pou n ap bwè nan koup demon. Nou pa ka ap manje sou “tab Jewova*+”, epi pou n ap manje sou tab demon. 22 Oubyen, “èske se fè n ap fè Jewova* fè jalouzi+?” Nou pa gen plis fòs pase l, pa vre?

23 Nou gen dwa fè* tout bagay, men se pa tout bagay ki bay avantaj. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay ki fòtifye moun+. 24 Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun+.

25 Manje tout sa yo vann nan mache vyann, san nou pa poze kesyon poutèt konsyans nou. 26 Paske, “tè a ak tout sa k ladan l se pou Jewova*+”. 27 Si yon moun ki pa kwayan envite nou manje, e nou vle ale, nou mèt manje nenpòt sa l mete devan nou, san nou pa poze kesyon poutèt konsyans nou. 28 Men, si yon moun di nou konsa: “Sa a se yon bagay yo te ofri kòm sakrifis”, pa manje l poutèt moun ki fè nou konn sa a, e pou konsyans pèsonn pa twouble+. 29 Mwen pap pale de konsyans pa w, men m ap pale de konsyans lòt moun nan. Paske, poukisa pou m ta kite konsyans yon lòt moun jije libète m+? 30 Si m di Bondye mèsi pou sa m ap manje a, poukisa pou yo ta kritike m pou sa m di Bondye mèsi pou li a+?

31 Kidonk, kit n ap manje, kit n ap bwè, kit n ap fè nenpòt lòt bagay, fè tout bagay pou glwa Bondye+. 32 Veye pou nou pa vin lakòz ni Juif, ni Grèk*, ni kongregasyon Bondye a peche+, 33 menm jan mwen menm, m ap eseye fè tout moun plezi nan tout bagay, toutpandan mwen pap chèche pwòp avantaj pa m+, men, m ap chèche avantaj anpil moun, dekwa pou yo ka sove+.

11 Se pou nou imite m, menm jan mwen menm, mwen imite Kris+.

2 M ap fè nou konpliman, paske nou sonje m nan tout bagay e nou byen kenbe tout sa mwen te transmèt nou. 3 Men, mwen vle nou konnen chèf* tout gason se Kris+, chèf fi se gason+, e chèf Kris se Bondye+. 4 Yon gason k ap priye oswa k ap pwofetize* ak yon bagay kouvri tèt li fè chèf li wont. 5 Yon fi k ap priye oswa k ap pwofetize+ ak tèt li san kouvri fè chèf li wont, paske se egzakteman kòmsi tèt li te kale. 6 Paske, si yon fi pa kouvri tèt li, li dwe koupe cheve l raz tou. Men, si se yon wont pou yon fi koupe cheve l raz oswa pou l kale tèt li, li dwe kouvri tèt li.

7 Paske, yon gason pa dwe kouvri tèt li, etandone li se pòtre Bondye+ e li se glwa Bondye. Men, fi se glwa gason. 8 Paske, gason pa soti nan fi, se fi ki soti nan gason+. 9 Mete sou sa, Bondye pa t kreye gason pou fi, men se fi li te kreye pou gason+. 10 Se sa k fè, poutèt zanj yo+, yon fi dwe gen yon siy sou tèt li ki montre li soumèt li.

11 Men, anrapò ak Seyè a, fi pa egziste san gason, e gason pa egziste san fi. 12 Paske, menm jan fi soti nan gason+, se konsa tou gason fèt grasa fi, men tout bagay soti nan Bondye+. 13 Gade byen pou nou wè: Èske li kòrèk pou yon fi priye Bondye ak tèt li san kouvri? 14 Nòmalman, si yon gason gen cheve long, èske se pa yon dezonè sa ye pou li? 15 Men, si se yon fi ki gen cheve long, èske se pa yon glwa sa ye pou li? Paske, Bondye bay fi cheve pou kouvri tèt li. 16 Antouka, menmsi yon moun ta vle suiv lòt koutim, nou menm nou pa gen lòt, ni kongregasyon Bondye yo nonplis.

17 Men, pandan m ap ban nou enstriksyon sa yo, mwen pa fè nou konpliman. Paske, lè nou rasanble, nou fè plis mal pase byen. 18 Pou kòmanse, mwen tande lè nou reyini nan yon kongregasyon, gen divizyon nan mitan nou. E mwen yon ti jan kwè sa m tande a. 19 Paske, se sèten pral gen klan tou nan mitan nou+, pou moun Bondye apwouve yo ka parèt aklè tou nan mitan nou.

20 Lè nou reyini yon kote, nou pa vrèman fè sa pou nou manje Soupe Seyè a+. 21 Paske, lè lè a rive pou nou manje l, gen nan nou ki gentan soupe anvan, konsa, yon moun grangou, men yon lòt sou, tèlman l bwè. 22 Èske nou pa gen kay kote pou nou manje e pou nou bwè? Oubyen, èske se respekte nou pa respekte kongregasyon Bondye a ki fè n ap fè moun ki pa gen anyen yo santi yo wont? Ki sa m ka di nou? Èske m ta dwe fè nou konpliman? Mwen pa fè nou konpliman pou jan nou aji a.

23 Paske, menm sa m te resevwa nan men Seyè a, se sa tou mwen transmèt nou: Nan nuit+ yo t apral trayi Seyè Jezi a, li te pran yon pen, 24 e apre l fin di Bondye mèsi, li kase l, epi li di: “Sa a reprezante kò m+ ki pou nou. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m+.” 25 Li te fè menm bagay la ak koup la+ tou, apre yo te fin soupe. Li di: “Koup sa a reprezante nouvo alyans lan+ ki fèt grasa san m+. Kontinye fè sa, chak fwa n ap bwè ladan l, pou nou montre nou sonje m+.” 26 Paske, chak fwa n ap manje pen sa a e n ap bwè nan koup sa a, se kontinye n ap kontinye anonse lanmò Seyè a jiskaske l vini.

27 Se sa k fè, nenpòt moun ki manje nan pen an oswa ki bwè nan koup Seyè a yon fason ki pa konvnab, l ap koupab anrapò ak kò Seyè a e anrapò ak san l. 28 Se pou yon moun byen egzamine tèt li anvan pou l wè si l diy+, e se sèlman apre sa, li mèt manje nan pen an e li mèt bwè nan koup la. 29 Paske, yon moun ki manje nan pen an e ki bwè nan koup la san l pa rive konprann sa kò a reprezante, l ap rale kondanasyon sou tèt li. 30 Se sa k fè gen anpil nan nou ki fèb e ki malad, e yon bonkou nan nou ap dòmi nan lanmò*+. 31 Men, si nou te rive konprann sa nou menm nou ye, yo pa t ap jije nou. 32 Sepandan, lè yo jije nou, se yon disiplin Jewova*+ ban nou, pou nou ka pa kondane avèk monn nan+. 33 Kidonk, frè m yo, lè nou reyini pou nou manje manje sa a, se pou youn tann lòt. 34 Si yon moun grangou, se pou l manje lakay li, dekwa pou lè nou reyini se pa pou kondanasyon nou reyini+. Men, kanta pou rès bagay yo, m ap regle yo lè m vini.

12 Kounye a, frè m yo, mwen pa ta renmen nou nan inyorans konsènan don Bondye bay yo+. 2 Nou konnen lè nou te fè pati moun ki nan nasyon yo*, yo te konn enfliyanse nou e yo te konn rale nou mennen kote yo vle pou n al adore yon seri zidòl ki pa ka pale+. 3 Se poutèt sa mwen ta renmen nou konnen pa gen pèsonn k ap di: “Jezi modi!” lè l ap pale grasa lespri Bondye, e pa gen pèsonn ki ka di: “Jezi se Seyè!” si se pa lespri sen ki fè l di l+.

4 Gen divès don, men se menm lespri a ki bay yo+. 5 Gen divès sèvis+, epoutan se yon sèl Seyè a ki genyen. 6 Gen divès travay k ap fèt, epoutan se menm Bondye a k ap fè yo tout nan tout moun+. 7 Men, lespri a ap travay nan chak moun pou byen tout moun+. 8 Paske, yon moun resevwa don pou l pale* avèk sajès grasa lespri a, yon lòt resevwa don konesans* selon menm lespri a, 9 yon lòt resevwa lafwa+ grasa menm lespri a, yon lòt resevwa don gerizon+ grasa yon sèl lespri a, 10 yon lòt menm resevwa kapasite pou l fè mirak*+, yon lòt resevwa don pou l pwofetize, yon lòt resevwa don pou l konprann pawòl enspire yo+, yon lòt resevwa don pou l pale divès lang+, e yon lòt resevwa don pou l entèprete lang+. 11 Men tout travay sa yo, se yon sèl lespri a ki fè yo. Li distribye don sa yo bay chak moun apa, jan li vle.

12 Paske, menm jan kò a se youn, alòske li gen anpil manm, e tout manm ki nan kò a, byenke yo anpil, yo fòme yon sèl kò+, se konsa sa ye tou pou Kris la. 13 Paske, se nan yon sèl lespri nou tout te batize pou n fè yon sèl kò, kit se Juif kit se Grèk*, kit se esklav kit se moun ki lib, e yo te fè nou tout resevwa yon sèl lespri a.

14 Paske, an reyalite, kò a pa gen yon sèl manm, men li gen anpil manm+. 15 Si pye a ta di: “Poutèt mwen pa yon men, mwen pa fè pati kò a”, sa pa t ap fè l pa fè pati kò a poutèt sa. 16 E si zòrèy la ta di: “Poutèt mwen pa yon je, mwen pa fè pati kò a”, sa pa t ap fè l pa fè pati kò a poutèt sa. 17 Si tout kò a se te je, ki kote nou t ap tande? Si tout kò a se te zòrèy, ki kote nou t ap pran sant? 18 Men, Bondye bay chak manm yo plas yo nan kò a, jan sa fè l plezi.

19 Si tout manm yo te menm, èske t ap gen yon kò? 20 Men, gen anpil manm, epoutan gen yon sèl kò. 21 Je a pa ka di men an: “Mwen pa bezwen w.” Oubyen tou, tèt la pa ka di pye yo: “Mwen pa bezwen nou.” 22 Okontrè, menm manm ki parèt pi fèb nan kò a nesesè. 23 Dayè, pati nan kò a nou panse ki gen mwens onè yo, se yo menm nou bay plis onè+. Konsa, pati nan kò nou ki pa prezantab yo, nou ba yo plis konsiderasyon, 24 tandiske, pati nan kò nou ki prezantab yo pa bezwen anyen. Poutan, Bondye ranje kò a yon fason pou l bay pati ki manke onè a pi plis onè, 25 dekwa pou pa gen divizyon nan kò a, men pou manm li yo gen sousi youn pou lòt+. 26 Si yon manm ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l+. E si yon manm jwenn glwa, tout lòt yo rejwi avè l+.

27 Anfèt, nou se kò Kris+, e nou chak, nou se yon manm+. 28 Bondye mete divès manm nan kongregasyon an: premyèman, apot yo+; dezyèmman, pwofèt yo+; twazyèmman, anseyan yo+; apre sa, moun ki konn fè mirak*+; ansuit, moun ki gen don gerizon+, moun k ap ede lòt moun, moun ki gen kapasite pou yo dirije+, ak moun ki pale divès lang+. 29 Èske se tout moun ki apot? Èske se tout moun ki pwofèt? Èske se tout moun ki anseyan? Èske se tout moun ki konn fè mirak*? 30 Èske se tout moun ki gen don gerizon? Èske se tout moun ki gen don pou yo pale nan lòt lang+? Èske se tout moun ki entèprèt*+? 31 Kontinye fè efò* pou nou jwenn don ki pi enpòtan yo+. Men, mwen pral montre nou yon chemen estrawòdinè+.

13 Si m pale nan lang lèzòm ak nan lang zanj, men mwen pa gen lanmou, mwen vin tounen yon gong k ap sonnen, oswa yon senbal k ap fè bri. 2 Si mwen gen don pou m pwofetize, si m konprann tout sekrè sakre yo e mwen gen tout konesans+, si mwen tèlman gen lafwa mwen ka deplase mòn, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen*+. 3 Si mwen bay tout sa m posede pou m nouri lòt moun+, e si mwen bay lavi m pou m fè lwanj pou tèt mwen, men mwen pa gen lanmou+, sa pa itil mwen anyen.

4 Lanmou+ gen pasyans+ ak byenveyans+. Lanmou pa jalou sò moun+, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li+, 5 li pa aji yon fason ki endesan*+, li pa chèche pwòp enterè l+, li pa fè kòlè fasil+. Li pa note bagay mal yo fè l+. 6 Li pa pran plezi nan sa ki mal+, men li pran plezi nan sa ki verite. 7 Li sipòte tout bagay+, li kwè tout bagay+, li espere tout bagay+, li andire tout bagay+.

8 Lanmou pa janm fayi. Men, kit se don pou moun pwofetize, don pou moun pale nan lòt lang* oswa don pou moun resevwa konesans, y ap disparèt. 9 Paske nou gen yon konesans ki pa konplè+, e nou pwofetize* yon fason ki pa konplè. 10 Men, lè sa ki konplè a rive, sa ki pa konplè a ap disparèt. 11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou timoun, mwen te konn reflechi tankou timoun, mwen te konn rezone tankou timoun. Men kounye a mwen vin granmoun, mwen elimine sa ki gen rapò ak timoun. 12 Paske kounye a, nou pa wè klè*, se kòmsi se nan yon glas an metal n ap gade, men lè sa a, nou pral wè tankou si se te fasafas. Konesans mwen genyen kounye a pa konplè, men lè sa a, m ap gen yon konesans ki egzak* menm jan yo konnen m yon fason ki egzak. 13 Men kounye a, men twa bagay k ap rete: lafwa, esperans, lanmou. Men, sa ki pi enpòtan pami yo, se lanmou+.

14 Fè tout sa nou kapab pou nou demontre lanmou. Sepandan, kontinye fè efò* pou nou jwenn don Bondye bay yo, men se sitou pou nou ka pwofetize*+. 2 Paske, yon moun k ap pale nan yon lòt lang pa pale pou lèzòm, men li pale pou Bondye, paske pèsonn pa konprann+, byenke l ap fè moun konnen sekrè ki sakre+ grasa lespri a. 3 Sepandan, moun k ap pwofetize a sèvi ak sa l ap di pou l fòtifye moun, pou l ankouraje yo e pou l konsole yo. 4 Moun k ap pale nan yon lòt lang nan fòtifye tèt li, men moun k ap pwofetize a fòtifye kongregasyon an. 5 Se sa k fè, mwen ta renmen nou tout pale lòt lang, men+, mwen ta pi renmen nou pwofetize+. An reyalite, moun k ap pwofetize a pi itil pase moun k ap pale nan lòt lang nan, amwenske moun nan tradui* sa l di a, dekwa pou l ka fòtifye kongregasyon an. 6 Men kounye a, frè m yo, si m ta vin pale nan yon lòt lang ak nou, ki sa sa t ap itil nou? Amwenske mwen ta ban nou yon revelasyon+ oswa yon konesans+ oswa yon pwofesi oswa yon ansèyman.

7 Ann pran egzanp bagay ki pa gen vi ladan yo, ki ka sèvi pou jwe mizik, tankou flit oswa hap*. Si moun pa ka distenge nòt yo, ki jan y ap fè konnen ki mizik y ap jwe ak flit la oswa ak hap la? 8 Paske, si twonpèt la bay yon siyal ki pa klè, kiyès k ap prepare yo pou y al nan lagè? 9 Menm jan an tou, si nou pa sèvi ak lang nou pou nou di pawòl ki fasil pou moun konprann, kòman moun ap fè konnen sa n ap di a? Anfèt, se nan lib n ap pale. 10 Gendwa gen tout kalite son nan lang moun pale nan monn nan, epoutan pa gen youn nan yo ki pa gen sans. 11 Paske, si m pa konprann lang yon moun pale, m ap vin yon etranje pou moun k ap pale a, e moun k ap pale a ap yon etranje pou mwen. 12 Konsa, nou menm tou, piske nou vrèman anvi gen don lespri a bay yo, chèche gen anpil don k ap fòtifye kongregasyon an+.

13 Se sa k fè, se pou moun k ap pale nan yon lòt lang nan priye pou l ka tradui* sa l di a+. 14 Paske, si m ap priye nan yon lang, se don lespri a ban mwen an k ap priye, men lespri pa m pap fè anyen. 15 Ki sa k dwe fèt menm? Ebyen, m ap priye ak don lespri a ban mwen an, men m ap priye ak lespri m tou. M ap chante louwanj ak don lespri a ban mwen an, men m ap chante louwanj ak lespri m tou. 16 Si w pa fè l konsa, epi w ap bay louwanj ak don lespri a ba ou a, ki jan moun ki pa gen twòp konesans ki nan mitan w lan ap kapab di “Amèn” pou di ou di Bondye mèsi a, piske li pa konn sa w ap di a? 17 Se vre, ou di Bondye mèsi yon bèl fason, men ou pa fòtifye lòt moun nan. 18 Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pale nan plis lang pase nou tout. 19 Men, nan yon kongregasyon, mwen ta prefere di senk mo avèk lespri m*, pou m ka enstwi lòt moun yo tou*, pase pou m ta di 10 000 mo nan yon lòt lang+.

20 Frè m yo, pinga nou vin timoun piti nan fason nou konprann+. Se pou nou vin tibebe anrapò ak mechanste+. Epi, se pou nou vin granmoun nan fason nou konprann+. 21 Men sa ki ekri nan Lwa a: “‘M ap sèvi ak lang etranje yo ansanm ak bouch yo pou m pale ak pèp sa a, e menm lè sa a y ap refize koute m.’ Se sa Jewova* di+.” 22 Kidonk, pale nan lòt lang se pa yon siy pou moun ki kwayan, men se yon siy pou moun ki pa kwayan+. Tandiske, pwofesi se pa pou moun ki pa kwayan, men se pou moun ki kwayan. 23 Donk, si tout kongregasyon an reyini yon kote e tout moun ap pale nan lòt lang, epi gen moun ki pa gen twòp konesans oubyen ki pa kwayan ki vin parèt, èske yo pap di nou pèdi tèt nou? 24 Men, si nou tout ap pwofetize, epi gen yon moun ki pa kwayan oubyen yon moun ki pa gen twòp konesans ki vin parèt, l ap santi pawòl nou tout ap reprimande l, e pawòl nou tout ap pouse l byen egzamine tèt li. 25 Lè sa a, sekrè li gen nan kè l yo ap vin parèt aklè. Lè sa a, l ap pwostène, l ap adore Bondye, e l ap di: “Bondye vrèman pami nou+.”

26 Frè m yo, ki sa k dwe fèt menm? Lè nou reyini ansanm, yon moun ap di yon sòm, yon lòt ap anseye, yon lòt ap bay yon revelasyon, yon lòt ap pale nan yon lòt lang e yon lòt ap tradui sa k ap di+. Fè tout bagay pou youn fòtifye lòt. 27 E si gen moun k ap pale nan lòt lang, pa dwe gen plis pase de oubyen twa moun, e yo dwe fè sa youn apre lòt. Epitou, yon moun dwe tradui* sa y ap di a+. 28 Men, si pa gen moun pou tradui*, moun nan dwe ret an silans nan kongregasyon an, e se pou l pale ak tèt li e ak Bondye. 29 Anplis de sa, se de oubyen twa pwofèt+ ki pou pale, e se pou lòt moun yo chèche konprann sans sa y ap di a. 30 Men, si yon lòt moun ki chita la gen yon revelasyon, se pou moun ki t ap pale a fè silans. 31 Paske, nou tout ka pwofetize youn apre lòt, pou tout moun ka aprann e pou tout moun ka jwenn ankourajman+. 32 E pwofèt yo dwe gen kontwòl sou don pou yo pwofetize lespri a ba yo a. 33 Paske, Bondye pa yon Bondye dezòd, men se yon Bondye lapè+.

Menm jan sa ap fèt nan tout kongregasyon moun ki sen yo, 34 se pou fi yo ret an silans nan kongregasyon yo, paske yo pa gen dwa pou yo pale+. Okontrè, se pou yo soumèt+, jan Lwa a di l la. 35 Si gen yon bagay yo vle aprann, se pou yo poze mari yo kesyon lè yo lakay yo, paske se yon wont pou yon fi ap pale nan kongregasyon an.

36 Èske se nou menm ki te vin ak pawòl Bondye a, oswa èske se nou menm sèlman ki te resevwa l?

37 Si yon moun panse li se yon pwofèt, oswa si li panse lespri a ba l yon don, li dwe rekonèt bagay mwen ekri nou yo se kòmandman Seyè a yo ye. 38 Men, si yon moun meprize yo, Bondye ap meprize l*. 39 Kidonk frè m yo, kontinye fè efò pou nou jwenn don pou nou pwofetize a+, epoutan, pa anpeche moun pale nan lòt lang+. 40 Men, se pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd+.

15 Frè m yo, m ap fè nou sonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou menm tou nou te aksepte a+, bon nouvèl nou menm tou nou rete fèm ladan l lan. 2 Se grasa bon nouvèl mwen te anonse nou an n ap sove tou, akondisyon nou kenbe l fèm. Amwenske se pou granmesi nou te vin kwayan.

3 Paske, pami bagay ki pi enpòtan yo, mwen transmèt nou sa mwen menm tou mwen te resevwa: Kris te mouri pou peche nou ann amoni ak Ekriti yo+. 4 Yo te antere l+, e Bondye te leve l+ sou twazyèm jou a+ ann amoni ak Ekriti yo+. 5 E li te parèt devan Sefas*+, ansuit devan 12 apot yo+. 6 Apre sa, li te parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan+. Pifò nan yo avèk nou jiska prezan, men gen kèk nan yo k ap dòmi nan lanmò. 7 Apre sa, li te parèt devan Jak+, ansuit devan tout apot yo+. 8 Men, apre yo tout, li te parèt devan m tou+, tankou se ta devan yon moun ki fèt anvan lè.

9 Paske, mwen se pi piti nan apot yo, e mwen pa merite pou yo rele m apot, paske mwen te konn pèsekite kongregasyon Bondye a+. 10 Men, se grasa favè san parèy Bondye a mwen vin sa m ye a. E favè san parèy li te fè m nan pa t pou granmesi, okontrè, mwen travay pi di pase yo tout. Sepandan, se pa mwen menm ki t ap travay, men se favè san parèy Bondye a ki avè m. 11 Men, kit se mwen menm, kit se yo menm, se fason sa a n ap preche e se konsa nou vin kwè.

12 Bon, si n ap preche Kris te leve sot nan lanmò+, kòman fè gen kèk moun pami nou k ap di moun mouri pap resisite? 13 Si se vre moun mouri pap resisite, ebyen Kris pa t leve. 14 E si Kris pa t leve, se sèten se pou granmesi n ap preche, e se pou granmesi nou gen lafwa tou. 15 Anplis de sa, se fo temwayaj n ap bay sou Bondye+, paske, si vrèmanvre moun mouri pap leve, nou fè manti sou Bondye lè nou di li te leve Kris+, alòske li pa t leve l. 16 Paske, si moun mouri pa gen pou yo leve, Kris pa t leve tou. 17 Anplis de sa, si Kris pa t leve, lafwa nou pa itil anyen, e peche nou yo toujou la+. 18 Epitou, moun ki te ann inyon ak Kris e k ap dòmi nan lanmò yo peri+. 19 Si se pou lavi sa a sèlman nou met espwa nou nan Kris, yo mèt pran lapenn pou nou plis pase tout moun.

20 Men kounye a, Kris leve sot nan lanmò, li menm ki resisite an premye* pami moun k ap dòmi nan lanmò yo+. 21 Paske, etandone se yon moun ki fè gen lanmò+, se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon+. 22 Paske, menm jan nan Adan tout moun mouri+, se konsa tou nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi+. 23 Men, chak moun nan pozisyon pa l: Kris an premye+, apre sa, moun ki pou Kris yo, pandan prezans li+. 24 Apre sa, se va lafen, lè l remèt Bondye li a, ki Papa l, Wayòm nan, lè l fin elimine tout gouvènman ak tout otorite ansanm ak tout pisans+. 25 Paske, li dwe gouvène antanke wa jiskaske Bondye mete tout ènmi yo anba pye l+. 26 Dènye ènmi li gen pou l elimine a se lanmò+. 27 Paske, Bondye fè “tout bagay soumèt anba pye l+”. Men, lè li di ‘tout bagay soumèt anba l’ la+, li klè Sila a ki fè tout bagay soumèt anba l la pa ladan l+. 28 Men, lè tout bagay fin soumèt anba l, lè sa a, Pitit la li menm tou pral soumèt anba Sila a ki te fè tout bagay soumèt anba l la+, pou Bondye ka tout bagay pou tout moun+.

29 Si se pa t sa, ki sa moun ki batize pou yo mouri yo konprann y ap fè la a+? Si moun mouri pap janm leve, pou ki rezon moun sa yo ap batize pou yo mouri? 30 Pou ki rezon tou nou an danje tout tan+? 31 Chak jou m ap fè fas ak lanmò. Sa m di a se yon bagay ki sèten, menm jan se sèten, frè m yo, nou fè kè m kontan nan Kris Jezi, Seyè nou an. 32 Si mwen batay ak bèt sovaj nan Efèz+, menm jan gen lòt moun ki fè sa, ki sa sa itil mwen? Si moun mouri pa gen pou yo leve, “ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri+.” 33 Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen*+. 34 Retounen nan bonsans nou ann amoni ak sa ki jis, epi pa pratike peche, paske gen nan nou ki pa gen konesans sou Bondye. M ap pale konsa pou m fè nou wont.

35 Men, gen moun k ap di: “Ki jan moun ki mouri yo gen pou yo leve? Wi, ak ki kalite kò y ap tounen+?” 36 Ou genlè pa konprann anyen! Sa w simen an, si l pa mouri anvan, li pap leve*. 37 E kanta pou sa w simen an, se pa plant* ki pral devlope a ou simen, men se yon senp grenn, li ka yon grenn ble oubyen nenpòt lòt semans. 38 Men, Bondye ba l yon kò jan sa fè l plezi, e li bay chak semans pwòp kò pa l. 39 Tout chè pa menm. Moun gen yon kalite chè, betay yo gen yon lòt kalite chè, zwazo yo gen yon lòt kalite chè, e pwason yo gen yon lòt kalite chè. 40 Gen kò nan syèl la+, gen kò sou tè a+. Men, kò ki nan syèl yo gen glwa pa yo, e kò ki sou tè yo gen glwa pa yo. 41 Solèy la gen glwa pa l, lalin nan gen glwa pa l, e zetwal yo gen glwa pa yo+. An reyalite, yon zetwal pa gen menm glwa ak yon lòt zetwal.

42 Se konsa rezirèksyon moun ki mouri yo ye tou. Sa ki mouri a* ka dekonpoze, sa ki leve a pa ka dekonpoze+. 43 Li mouri nan dezonè, li leve nan laglwa+. Li mouri nan feblès, li leve nan pisans+. 44 Se yon kò fizik ki mouri, se yon kò espirityèl ki leve. Si gen yon kò fizik, gen yon kò espirityèl tou. 45 Se sa k fè, men sa ki ekri: “Adan, premye moun nan, te vin tounen yon moun* ki vivan+.” Dènye Adan an vin tounen yon espri ki bay lavi+. 46 Sepandan, se pa kò espirityèl la ki te la an premye, men se kò fizik la. Kò espirityèl la vin annapre. 47 Premye moun nan soti nan tè a, e li fèt ak pousyè+. Dezyèm nan soti nan syèl la+. 48 Jan sila a ki te fèt ak pousyè a te ye a, se konsa moun ki fèt ak pousyè yo ye tou. E jan sila a ki al nan syèl la ye a, se konsa moun ki pral nan syèl yo ye tou+. 49 E menm jan nou pòtre sila a ki te fèt ak pousyè a+, se konsa tou n ap pòtre sila a ki al nan syèl la+.

50 Men, m ap di nou sa, frè m yo, kò ki fèt ak chè ak san pa ka fè pati* Wayòm Bondye a, e kò ki ka dekonpoze pap resevwa pouvwa pou l pa ka dekonpoze. 51 Gade! M ap di nou yon sekrè sakre: Se pa nou tout ki pral dòmi nan lanmò, men nou tout ap chanje+, 52 nan yon moman, nan yon batje, pandan dènye kout twonpèt la. Paske, twonpèt la pral sonnen+ e moun ki mouri yo pral leve ak yon kò ki pa ka dekonpoze, e n ap chanje. 53 Paske, sa ki ka dekonpoze a dwe chanje pou l vin pa ka dekonpoze+, e sa ki ka mouri a dwe chanje pou l vin pa ka mouri+. 54 Men, lè sa ki ka dekonpoze a chanje pou l vin pa ka dekonpoze, wi, lè sa ki ka mouri a chanje pou l vin pa ka mouri, lè sa a, pawòl ki nan Ekriti yo ki di: “Lanmò anglouti pou toutan+” an ap reyalize. 55 “Lanmò, kote viktwa w la? Lanmò, kote pikan w lan+?” 56 Pikan ki bay lanmò a, se peche+, e pisans peche a soti nan Lalwa*+. 57 Men, mèsi Bondye, paske li ban nou laviktwa grasa Jezi Kris, Seyè nou an+!

58 Kidonk, frè byenneme m yo, se pou nou vin fèm+, san nou pa brannen, se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè+ nan travay Seyè a, paske, anrapò ak Seyè a, nou konnen nou pap travay pou granmesi+.

16 Kounye a, konsènan lajan n ap ranmase pou moun ki sen yo+, fè menm jan mwen te mande kongregasyon ki nan Galasi yo fè a. 2 Premye jou nan chak semèn, se pou nou chak mete yon ti bagay apa, selon mwayen nou, dekwa pou se pa lè m vini an n ap ranmase lajan. 3 Men lè m vini, m ap voye mesye nou di m nou chwazi nan lèt n ap voye+ pou mwen yo al pote don nou bay ak tout kè nou an Jerizalèm. 4 Sepandan, si l nesesè pou m ale tou, m a akonpaye yo.

5 Men, m ap vin jwenn nou lè m fin travèse Masedwàn, paske mwen gen pou m travèse Masedwàn+. 6 E petèt m ap rete avèk nou, oubyen m ka menm pase sezon fredi a avèk nou, konsa n ap ka akonpaye m mete m nan wout pou m al kote m prale a. 7 Paske, mwen pa ta renmen vin wè nou kounye a pou m annik pase m ale, men m swete pase yon bon ti tan avèk nou+, si Jewova* pèmèt sa. 8 Men, m ap rete Efèz+, pou jis fèt Pannkòt la. 9 Paske, gen yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ki ouvri pou mwen+, men gen anpil opozan.

10 Si Timote+ vini, fè yon jan pou l pa gen okenn krent lè l nan mitan nou, paske se travay Jewova* l ap fè+, menm jan avè m. 11 Kidonk, pinga pèsonn meprize l. Voye l ale anpè pou l ka vin kote m, paske mwen menm ak frè yo ap tann li.

12 Kounye a, konsènan Apolòs+, frè nou an, se pa ti sipliye mwen te sipliye l pou l al jwenn nou ansanm ak frè yo. Li pa t gen entansyon ale kounye a, men, l ap vini lè l jwenn okazyon.

13 Rete je klè+. Kenbe fèm nan lafwa+. Mete gason sou nou*+. Vin djanm+. 14 Tout sa n ap fè, se pou nou fè l ak lanmou+.

15 Kounye a, men ankourajman m ap ban nou, frè m yo: Nou konnen moun lakay Estefanas yo se premye fwi Akayi bay, e nou konnen yo toujou devwe pou yo sèvi moun ki sen yo, 16 ebyen, se pou nou kontinye soumèt devan moun konsa e devan tout moun k ap kolabore e k ap travay di+. 17 Men, mwen rejwi dèske Estefanas+ ak Fòtinatis ak Akayikis la bò kote m, paske yo fè m pa santi si nou pa la. 18 Paske, yo te soulaje ni lespri m, ni lespri nou. Donk, se pou nou apresye moun konsa.

19 Kongregasyon ki ann Azi* yo voye salye nou. Akila ak Priska ansanm ak kongregasyon ki lakay yo a+ voye salye nou ak tout kè yo nan Seyè a. 20 Tout frè yo voye salye nou. Se pou youn salye lòt ak yon bo ki demontre lanmou.

21 Men salitasyon pa m, mwen menm Pòl, mwen ekri ak pwòp men m.

22 Si yon moun pa gen afeksyon pou Seyè a, se pou malediksyon tonbe sou li. O Seyè nou an, vini non! 23 Mwen swete pou favè san parèy Seyè Jezi a ansanm avèk nou. 24 Mwen swete pou lanmou m avèk nou tout, ann inyon ak Kris Jezi.

Lit.: “tout moun toupatou ki rele”.

Yo rele l Pyè tou.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “e m ap mete entèlijans moun ki entèlektyèl yo sou kote”.

Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Sanble sa fè referans ak tout moun ki pa Juif e ki pale grèk.

Lit.: “chè”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “yo pa t ap kloure Seyè ki gen glwa a sou yon poto”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “gen yon sèl objektif”.

Oswa: “yon kontremèt ki gen sajès”.

Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Yo rele l Pyè tou.

Gade Apendis A5.

Oswa: “yo kontinye ap maltrete nou”.

Lit.: “nou sipliye”.

Oswa: “dechè”.

Oswa: “10 000 pwofesè”.

Lit.: “fason m yo”.

Gade Apendis A5.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “ki gen”.

Lit.: “pou destriksyon lachè a”.

Oswa: “pou mantalite kongregasyon an”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pou nou sispann mele ak”.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “k ap di moun move pawòl”.

Lit.: “eritye”.

Oswa: “Pa bay tèt nou manti”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “gason k ap fè sèks ak gason”.

Oswa: “moun k ap di move pawòl”.

Oswa: “gen pouvwa sou mwen”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Anpalan de relasyon seksyèl ak yon fi.

Se fòm pliryèl mo grèk pòneya a yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Oswa: “Kanta pou moun ki pa janm marye yo”.

Lit.: “nan chè yo”.

Oswa: “ki pa kòrèk anrapò ak vijinite l”.

Oswa: “pou l kenbe vijinite l”.

Oswa: “yon moun ki bay vijinite l nan maryaj”.

Lit.: “otorite”.

Yo rele l Pyè tou.

Oswa: “yon sè kòm madanm”.

Lit.: “otorite”.

Oswa: “dwa”.

Oswa: “Tout atlèt”.

Oswa: “mwen pini kò m; mwen bay kò m gwo disiplin”.

Oswa: “yon moun Bondye diskalifye”.

Oswa: “mas wòch sa a se te”.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Oswa: “Nou gen pèmisyon fè”.

Gade Apendis A5.

Sanble sa fè referans ak tout moun ki pa Juif e ki pale grèk.

Mo grèk la siyifi “tèt” tou. Nan tout chapit sa a, li vle di ni “chèf”, ni “tèt”.

Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.

Sanble lanmò y ap pale la a se pa yon lanmò toutbon, men se pèdi yon moun pèdi relasyon li gen ak Bondye.

Gade Apendis A5.

Anpalan de moun ki pa kwayan.

Oswa: “pou l bay mesaj”.

Lit.: “resevwa pawòl konesans”. Sanble sa fè referans ak konesans moun nan genyen grasa yon mirak.

Lit.: “fè aksyon ki pisan”.

Sanble sa fè referans ak tout moun ki pa Juif e ki pale grèk.

Lit.: “fè aksyon ki pisan”.

Lit.: “fè aksyon ki pisan”.

Oswa: “moun ki tradiktè”.

Oswa: “Kontinye chèche avèk dilijans”.

Oswa: “mwen pa itil anyen”.

Oswa: “li pa malelve”.

Sa vle di pale nan lòt lang grasa yon mirak.

Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.

Oswa: “nou pa wè byen”.

Oswa: “ki konplè”.

Oswa: “kontinye chèche avèk dilijans”.

Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.

Oswa: “entèprete”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “entèprete”.

Oswa: “avèk entèlijans mwen”.

Oswa: “pou m ka anseye lòt moun yo aloral tou”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “entèprete”.

Oswa: “entèprete”.

Se kapab tou: “si yon moun pa konprann sa, l ap kontinye rete nan pa konprann li an”.

Yo rele l Pyè tou.

Lit.: “ki premye fwi”.

Oswa: “bon prensip yo genyen”.

Lit.: “li pap vin vivan”.

Lit.: “se pa kò”.

Lit.: “Sa yo plante a”.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “pa ka eritye”.

Oswa: “e Lalwa bay peche pisans li genyen an”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Oswa: “Mete kouraj sou nou”.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje