BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Galat 1:1-6:18
  • Galat

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Galat
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Galat

LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN NAN GALASI YO

1 Mwen menm, Pòl, yon moun ki pa apot dapre desizyon lèzòm ni grasa yon moun, men ki apot grasa Jezi Kris+ ak Bondye, Papa a+, ki te leve l sot nan lanmò, 2 wi, mwen menm ansanm ak tout frè yo, m ap ekri kongregasyon ki nan Galasi yo:

3 Nou swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris. 4 Li te bay tèt li pou peche nou+, pou l ka delivre nou anba sistèm mechan*+ ki la kounye a, ann amoni ak volonte Bondye nou an ki Papa nou+. 5 Glwa pou li pou tout tan gen tan. Amèn.

6 Mwen sezi poutèt nou kite y ap rale nou vit konsa* pou nou abandone Sila a ki te rele nou ak favè san parèy Kris la, pou yon lòt kalite bon nouvèl+. 7 Pa gen lòt bon nouvèl. Men, gen kèk moun k ap boulvèse nou+ e ki vle kòwonp bon nouvèl sou Kris la. 8 Men, menmsi se youn nan nou oswa yon zanj nan syèl la ki ta vin anonse nou yon bagay ki pa menm ak sa nou te anonse nou kòm bon nouvèl la, se pou malediksyon tonbe sou li. 9 Tankou nou sot di sa la a, m ap redi sa ankò kounye a: Nenpòt moun ki anonse nou yon bagay ki pa menm ak sa nou te aksepte kòm bon nouvèl la, se pou malediksyon tonbe sou li.

10 Anfèt, èske se lòm m ap eseye konvenk kounye a, oubyen Bondye? Oubyen, èske se lòm m ap chèche fè plezi? Si mwen t ap fè lòm plezi toujou, mwen pa t ap esklav Kris. 11 Paske, mwen vle nou konnen, frè m yo, bon nouvèl mwen te anonse nou an pa soti nan lèzòm+. 12 An reyalite, se pa nan men lòm mwen te resevwa l, e se pa anseye yo te anseye m li nonplis, men se Jezi Kris li menm ki te revele m li.

13 Siman nou te tande jan m te konn aji lontan lè m te nan jidayis la+, jan m te konn* pèsekite kongregasyon Bondye a anpil e jan m te konn ravaje l+. 14 Mwen te fè plis pwogrè nan jidayis la pase anpil moun menm nasyon avè m ki te nan laj mwen, piske mwen te pi zele lontan pase yo pou tradisyon zansèt mwen yo+. 15 Men, lè Bondye, ki te retire m nan vant manman m, e ki te rele m grasa favè san parèy li a+, te wè li bon 16 pou l sèvi avè m pou l fè moun konnen Pitit li a, yon fason pou m ka anonse nasyon yo+ bon nouvèl ki gen rapò ak Pitit sa a, mwen pa t kouri al chèche konsèy nan men pèsonn*. 17 Mwen pa t monte Jerizalèm nonplis pou m al kot moun ki te apot anvan m yo, men mwen t al ann Arabi, e apre sa mwen te retounen Damas+.

18 Twazan apre, mwen monte Jerizalèm+ pou m al vizite Sefas*+, e mwen pase 15 jou avè l. 19 Men, mwen pa t wè okenn lòt apot, eksepte Jak+, frè Seyè a. 20 Kounye a, konsènan bagay m ap ekri nou yo, m ap di nou sa devan Bondye: Mwen pap bay manti.

21 Apre sa, mwen t al nan kèk zòn nan Siri ak nan Silisi+. 22 Men, kongregasyon nan Jide yo, ki ann inyon ak Kris, pa t konnen m. 23 Yo te sèlman konn tande moun ap di: “Mesye ki te konn pèsekite nou an+ e ki t ap ravaje kongregasyon yo*+ ap anonse bon nouvèl la kounye a.” 24 Konsa, yo t ap bay Bondye glwa poutèt mwen.

2 Epi, 14 an apre, mwen te monte Jerizalèm ankò ansanm ak Banabas+, e mwen te mennen Tit avè m tou+. 2 Mwen te monte apre m te fin resevwa yon revelasyon, e an prive, mwen te prezante mesye ki enpòtan yo bon nouvèl m ap preche pami nasyon yo yon fason pou m asire m se pa pou granmesi mwen t ap kouri nan kous la ni se pa pou granmesi mwen te kouri ladan l. 3 Sepandan, menm Tit+ ki te avè m, yo pa t oblije l sikonsi+, byenke li se Grèk. 4 Men, pwoblèm sa a te vin parèt akoz fo frè ki te fofile tou dousman nan mitan nou+, e ki te glise kò yo pou yo espyone nou parapò ak libète+ nou genyen ann inyon ak Kris Jezi a, yon fason pou yo ka fè nou vin esklav nèt+. 5 Nou pa t lage bay moun sa yo, nou pa t soumèt devan yo+, non, pa menm pou yon moman*, dekwa pou nou ka rete atache ak verite ki nan bon nouvèl la.

6 Men, kanta pou mesye sa yo ki te parèt kòm moun ki enpòtan+, pou mwen menm, yo pa t vin ak anyen ki nouvo. Dayè, kèlkeswa sa yo te ye anvan, sa pa gen okenn efè sou mwen, piske aparans moun pa enpresyone Bondye. 7 Okontrè, lè yo wè yo te konfye m bon nouvèl la pou moun ki pa sikonsi yo+, menm jan yo te konfye Pyè li pou moun ki sikonsi yo, 8 paske Sila a ki te bay Pyè kapasite li bezwen pou l travay antanke apot pou moun ki sikonsi yo te ban m kapasite tou pou m fè menm jan an pou moun ki nan nasyon yo+, 9 wi, lè Jak+, Sefas* ak Jan te vin konnen favè san parèy Bondye te ban m nan+, mesye sa yo, ki sanble se pilye kongregasyon an yo ye, te bay Banabas avè m+ lanmen pou yo montre yo dakò pou n al preche nasyon yo, pandan yo menm y ap preche moun ki sikonsi yo. 10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje moun ki pòv yo. Se sa menm mwen fè bonjan efò pou m fè tou+.

11 Men, lè Sefas*+ te vin Antyòch+, mwen te di l fasafas mwen pa dakò sa l fè a, paske sa klè, li pa t aji byen. 12 Paske, anvan mesye Jak+ te voye yo te rive, li te konn manje avèk moun ki nan nasyon yo+ byen pwòp. Men, kou mesye yo rive, li sispann fè sa e li rale kò l sou yo, paske li te pè moun ki nan gwoup moun ki sikonsi yo+. 13 Lòt Juif yo fè menm jan an tou, yo antre nan jwèt la*, yo menm rale Banabas nan jwèt* yo a. 14 Men, lè m wè yo pa t ap mache ann amoni ak verite ki nan bon nouvèl la+, mwen di Sefas* devan yo tout: “Si ou menm, byenke w se Juif, ou pap viv tankou Juif, men w ap viv tankou moun ki nan nasyon yo, ki jan w fè ap oblije moun ki nan nasyon yo pou yo viv selon koutim Juif yo+?”

15 Nou menm ki Juif natif natal, ki pa menm ak moun ki nan nasyon yo k ap pratike peche, 16 nou konnen se pa paske yon moun fè sa Lalwa mande ki fè yo deklare l jis, men se sèlman grasa lafwa+ li gen nan Jezi Kris+. Se sa k fè nou mete lafwa nou nan Kris Jezi, pou yo ka deklare nou jis poutèt nou gen lafwa nan Kris, men se pa poutèt nou fè sa Lalwa mande. Paske, yo pap deklare okenn moun* jis poutèt li fè sa Lalwa mande+. 17 Kounye a, si nou menm, pandan n ap chèche pou yo deklare nou jis grasa Kris, yo ta konsidere nou peche kont lalwa, èske sa vle di se Kris k ap ankouraje nou fè peche? Jamè! 18 Si menm bagay mwen te kraze yo mwen rebati yo ankò, mwen montre mwen se yon moun k ap dezobeyi Lalwa. 19 Paske, mwen mouri anrapò ak Lalwa+, pou m ka vin vivan anrapò ak Bondye. 20 Kounye a, yo kloure m ansanm ak Kris sou poto a+. Se pa mwen menm ankò k ap viv+, men se Kris k ap viv ann inyon avè m. Wi, lavi m ap viv kounye a, m ap viv li grasa lafwa mwen genyen nan Pitit Bondye a+ ki renmen m e ki livre tèt li pou mwen+. 21 Mwen pa rejte favè san parèy Bondye a*+. Paske, si se Lalwa ki fè moun vin jis, ebyen se pou granmesi Kris te mouri+.

3 O moun Galasi, nou menm ki san konprann, kiyès ki mete nou anba move enfliyans sa a+, nou menm yo te prezante Jezi Kris aklè devan nou, li menm yo te kloure sou yon poto+? 2 Yon sèl bagay mwen ta renmen mande* nou: Èske nou te resevwa lespri a paske nou te fè sa lalwa mande, oswa paske nou te mete lafwa nan sa nou te tande yo+? 3 Ki jan nou fè san konprann konsa a? Lè nou te kòmanse, nou te met konfyans nou nan lespri a*, èske kounye a, pou fini, se nan lachè n ap met konfyans nou*+? 4 Èske se pou granmesi nou te andire tout soufrans sa yo? Mwen pa kwè sa. 5 Donk, sila a ki pèmèt nou jwenn lespri a e ki fè yon seri aksyon ki pisan+ nan mitan nou an, èske li fè sa poutèt nou fè sa lalwa mande, oswa poutèt nou mete lafwa nan sa nou te tande yo? 6 Se menm jan an tou, Abraram “te mete lafwa nan Jewova*, e sa te fè Li konsidere l kòm yon moun ki jis+”.

7 Se sèten, nou konnen se moun ki gen lafwa yo ki pitit Abraram+. 8 Depi byen lontan, Ekriti yo te montre Bondye t ap deklare moun ki nan nasyon yo jis grasa lafwa yo. Bondye te fè Abraram konnen bon nouvèl sa a davans, lè l te di l: “Grasa ou tout nasyon yo ap jwenn benediksyon+.” 9 Se sa k fè, depi kounye a, moun ki gen lafwa yo ap resevwa benediksyon menm jan ak Abraram, ki te gen lafwa+.

10 Tout moun ki mete konfyans yo nan fè sa Lalwa mande, yo anba yon malediksyon, paske men sa ki ekri: “Malediksyon pou tout moun ki pa pèsevere nan tout sa ki ekri nan woulo Lalwa a e ki pa fè yo+.” 11 Anplis de sa, li klè Bondye pa deklare pèsonn jis grasa lalwa+, paske, men sa ki ekri: “Moun ki jis la ap kontinye viv grasa lafwa li genyen+.” 12 Lèfini, Lalwa pa mande pou yon moun gen lafwa. Okontrè, “tout moun ki obeyi sa Lalwa mande yo ap viv grasa yo+”. 13 Kris te rachte nou+, e konsa, li libere nou+ anba malediksyon Lalwa te mete sou nou an, lè li te vin malediksyon nan plas nou, paske men sa ki ekri: “Malediksyon pou nenpòt moun yo pann sou yon poto+.” 14 Se yon fason pou nasyon yo ka rive resevwa benediksyon Abraram nan grasa Kris Jezi+, dekwa pou nou ka jwenn lespri Bondye te pwomèt la+ grasa lafwa nou.

15 Frè m yo, m ap pran yon egzanp sou yon bagay moun abitye: Depi yon alyans antre an vigè, menmsi se alyans yon moun fè, pèsonn pa ka anile l, ni yo pa ka ajoute anyen sou li. 16 Anfèt, se Abraram ak desandans*+ li a yo te fè pwomès yo. Yo pa di: “Ak desandans* ou yo”, kòmsi se yon pakèt desandans, men yo di: “Ak desandans* ou a”, anpalan de yon sèl, ki se Kris+. 17 Anplis de sa, men sa m di: Bondye te fè alyans lan anvan, e apre 430 an+, li te bay Lalwa, men, sa pa t anile alyans lan, ki te toujou an vigè, e pwomès la pa t elimine. 18 Paske, si eritaj la te chita sou lalwa, li pa t ap chita sou pwomès la ankò. Men, avèk bonte, Bondye te bay Abraram li grasa yon pwomès+.

19 Kidonk, poukisa yo te bay Lalwa? Yo te vin ajoute l pou l fè peche parèt aklè+, jiskaske desandans* yo te fè pwomès la vini+. E yo te sèvi ak zanj+ pou transmèt li pa mwayen yon medyatè+. 20 Lè se yon sèl moun ki konsène, pa bezwen gen medyatè, e lè Bondye t ap fè pwomès la, se li menm sèl ki te konsène. 21 Si se konsa, èske lalwa kont pwomès Bondye yo? Jamè! Paske, si yon lwa yo te bay te ka bay lavi, yo t ap konsidere yon moun jis sou baz lalwa. 22 Men, Ekriti yo te fè tout moun ansanm vin prizonye peche, dekwa pou moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi yo ka resevwa pwomès Bondye a.

23 Men, anvan lafwa te rive, yo te kenbe nou anba lalwa, yo te fè nou vin prizonye ansanm, e nou t ap tann lafwa ki te gen pou parèt la+. 24 Konsa, Lalwa te vin tounen yon gid* k ap mennen nou bay Kris+, pou Bondye ka deklare nou jis grasa lafwa+. 25 Men kounye a, piske lafwa rive+, nou pa anba kontwòl yon gid ankò+.

26 Anfèt, nou tout, nou se pitit Bondye+ grasa lafwa nou nan Kris Jezi+. 27 Paske, nou tout ki te batize nan Kris, nou abiye nou ak Kris+. 28 Pa gen ni Juif ni Grèk+, ni esklav ni moun ki lib+, ni gason ni fi+, paske nou tout fè yon sèl ann inyon ak Kris Jezi+. 29 Anplis, si nou se byen Kris, nou se desandans*+ Abraram toutbon, nou se eritye+ dapre yon pwomès+.

4 Kounye a, men sa m di: Toutotan eritye a se yon timoun piti, pa gen okenn diferans ant li menm ak yon esklav, byenke li se mèt tout bagay. 2 Se sou kont moun k ap okipe l yo ak moun ki responsab kay la li ye, jiskaske jou papa l te fikse a rive. 3 Menm jan an tou, nou menm, lè nou te timoun piti, nou te toujou esklav bagay timoun piti ki gen nan monn nan+. 4 Men, lè tan an te rive nan dènye limit li, Bondye te voye Pitit li a, ki te soti nan vant yon fi+ e ki te vin viv anba lalwa+, 5 pou l rachte moun ki anba lalwa yo+ pou l ka libere yo, dekwa pou Bondye ka adopte nou kòm pitit li+.

6 Ebyen, paske nou se pitit Bondye, li voye lespri+ Pitit li a genyen an nan kè nou+, e lespri a rele byen fò: “O Papa*, Papa+!” 7 Konsa, ou pa yon esklav ankò, men ou se yon pitit. E si w se yon pitit, ou se yon eritye tou, grasa Bondye+.

8 Epoutan, lè nou pa t konnen Bondye, nou t ap travay kòm esklav pou sa yo ki pa dye vre. 9 Men, kòm kounye a nou vin aprann konnen Bondye, oubyen pito, kòm kounye a Bondye vin konnen nou, kòman nou fè retounen nan bagay timoun piti sa yo ankò, bagay ki pa itil e ki san valè+, e kòman nou fè vle rekòmanse travay pou yo kòm esklav+? 10 Nou fidèl nan obsève jou, mwa+, sezon* ak ane. 11 Mwen pè pou nou, yon fason oswa yon lòt, pou se pa pou granmesi mwen te travay di pou nou.

12 Frè m yo, m ap sipliye nou, vin menm jan avè m, paske mwen menm tou, mwen te menm jan avèk nou+. Se pa anyen mal nou te fè m. 13 Anplis de sa, nou konnen se yon maladi m te genyen ki te ban m okazyon anonse nou bon nouvèl la premye fwa a. 14 E byenke maladi m nan te yon eprèv pou nou, nou pa t meprize m, nou pa t montre nou gen repiyans*. Men, nou te resevwa m tankou yon zanj Bondye, tankou Kris Jezi. 15 Bon, kote kè kontan nou te genyen an? Paske, men temwayaj m ap bay: Si sa te posib, nou t ap rache je nou ban mwen+. 16 Kidonk, èske mwen tounen ènmi nou poutèt mwen di nou laverite? 17 Yo chofe pou yo rale nou al jwenn yo, men se pa nan yon bon entansyon. Yo vle separe nou avèk mwen pou nou ka chofe pou n al jwenn yo. 18 Sepandan, se t ap yon bon bagay pou nou si gen moun ki ta chofe toutan pou yo rale nou al jwenn yo pou yon bon koz, e ki pa ta fè sa lè mwen la avèk nou sèlman, 19 timoun mwen yo+, nou menm mwen gen tranche pou nou ankò jiskaske Kris fin fòme* nèt nan nou. 20 Mwen ta renmen kapab la ansanm avèk nou kounye a menm pou m pale yon lòt jan avèk nou, paske mwen pa konprann sa k ap pase nou.

21 Di m non, nou menm ki vle rete anba lalwa, nou pa tande sa Lalwa di? 22 Pa egzanp, selon sa ki ekri, Abraram te gen de pitit gason. Youn, se sèvant li a+ ki te fè l pou li, e lòt la, se fi ki pa t esklav la ki te fè l pou li+. 23 Men, pitit sèvant lan te fèt fason nòmal pitit konn fèt*+, tandiske pitit fi ki pa t esklav la te fèt grasa yon pwomès+. 24 Bagay sa yo gen yon sans senbolik, paske de medam sa yo reprezante de alyans, e youn nan alyans yo te fèt sou Mòn Sinayi+. Tout moun ki te anba alyans sa a te esklav, e Aga reprezante alyans sa a. 25 Donk, Aga reprezante Sinayi+, yon mòn ki ann Arabi, e sitiyasyon pa l sanble ak sitiyasyon Jerizalèm ki la jodi a, paske li nan esklavaj ak pitit li yo. 26 Men, Jerizalèm anwo a lib, e se li ki manman nou.

27 Paske, men sa ki ekri: “Ou mèt kontan, ou menm, madanm ki pa ka fè pitit la. Pale byen fò epi rele ak kè kontan, ou menm, madanm ki pa gen doulè tranche a! Paske, pitit madanm mari l rejte l la pi plis pase pitit madanm ki gen mari a+.” 28 Ebyen, frè m yo, nou se pitit pwomès la, menm jan ak Izarak+. 29 Men, menm jan nan epòk sa a pitit ki te fèt fason nòmal pitit konn fèt la* te kòmanse pèsekite pitit ki te fèt grasa lespri a+, se konsa sa ye kounye a+. 30 Epoutan, ki sa pasaj ki nan Ekriti a di? Li di: “Voye sèvant lan ak pitit gason l lan ale, paske pitit sèvant lan pa gendwa vin eritye ansanm ak pitit gason fi ki pa esklav la+.” 31 Konsa, frè m yo, nou pa pitit yon sèvant, men nou se pitit fi ki pa t esklav la.

5 Se pou n te ka jwenn yon libète konsa Kris te libere nou. Se poutèt sa, kenbe fèm+, e pa kite yo mete nou anba jouk esklavaj ankò+.

2 Gade! Mwen menm Pòl, m ap di nou sa: Si nou fè yo sikonsi nou, Kris pap gen okenn itilite pou nou+. 3 M ap repete sa pou tout moun ki fè yo sikonsi yo, m ap fè yo konnen yo nan obligasyon pou yo fè tout sa Lalwa mande+. 4 Nou separe ak Kris, nou menm k ap chèche pou yo deklare nou jis grasa lalwa+. Nou pa nan favè san parèy li a ankò. 5 Nou menm bò kote pa nou, se avèk enpasyans n ap tann jistis nou espere grasa lespri a, paske nou gen lafwa. 6 Paske, pou moun ki ann inyon ak Kris Jezi, sikonsi pa sikonsi, sa pa gen okenn valè+, men, sa ki gen valè, se lafwa k ap travay grasa lanmou.

7 Nou t ap kouri nan kous la trè byen+. Kiyès ki anpeche nou kontinye obeyi verite a? 8 Se pa Sila a ki te rele nou an ki eseye konvenk nou pou nou pa fè sa. 9 Yon tikras ledven fè tout pat la leve+. 10 Mwen gen asirans, nou menm ki ann inyon ak Seyè a+, nou pap panse yon lòt jan. Men, moun k ap ban nou pwoblèm nan+, kèlkeswa moun li ye a, l ap jwenn kondanasyon li merite a. 11 Kanta pou mwen menm, frè m yo, si m toujou ap preche an favè sikonsizyon, poukisa m ap jwenn pèsekisyon toujou? Nan ka sa a, poto soufrans* lan+ pa t ap yon obstak ankò. 12 Poukisa mesye sa yo k ap eseye boulvèse nou yo pa tou fè chatre yo*?

13 Frè m yo, yo te rele nou pou nou ka gen libète. Sèlman, pa sèvi ak libète sa a kòm yon ankourajman pou nou satisfè dezi lachè+, men se pou nou youn sèvi lòt avèk amou+. 14 Paske, tout Lalwa jwenn akonplisman l* nan yon sèl kòmandman: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou+.” 15 Men, si youn kontinye ap mòde lòt, e si youn kontinye ap devore lòt+, fè atansyon pou youn pa elimine lòt+.

16 Sepandan, men sa m di: Kontinye viv selon lespri a+, e nou pap akonpli okenn dezi lachè+. 17 Paske, lachè, nan dezi li genyen, kont lespri, e lespri kont lachè. Bagay sa yo opoze youn ak lòt, e konsa, menm sa nou ta vle fè, nou pa fè yo+. 18 Anplis de sa, si se lespri a k ap gide nou, nou pa anba lalwa.

19 Zèv lachè yo parèt aklè: se imoralite seksyèl*+, konduit ki pa pwòp, konduit derespektan*+, 20 idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri*+, rayisman, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, fè klan, 21 anvye sò moun, bwè pou sou+, banbòch ak lòt bagay menm jan an. Kanta pou bagay sa yo+, m ap avèti nou, jan m te deja avèti nou an, moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye* Wayòm Bondye a+.

22 Men, fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte+, lafwa, 23 dousè, metriz+. Pa gen lwa ki kont bagay sa yo. 24 Anplis de sa, moun ki pou Kris Jezi yo kloure lachè ansanm ak pasyon l yo ak dezi l yo sou poto a+.

25 Si n ap viv selon lespri a, annou kontinye mache nan lòd tou selon lespri a+. 26 Pinga nou chèche pase pou pi bon+, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt+, e pou youn ap rayi sò lòt.

6 Frè m yo, menmsi yon moun fè yon fo pa san l pa rann li kont, nou menm ki gen matirite, eseye redrese moun sa a avèk dousè+. Men, se pou nou chak veye tèt nou+ dekwa pou nou menm tou, nou pa sibi tantasyon+. 2 Se pou youn kontinye pote fado lòt+, e konsa, n ap fè sa lalwa Kris la mande+. 3 Paske, si yon moun panse li se yon bagay alòske li pa anyen+, se pwòp tèt li l ap twonpe. 4 Men, se pou chak moun egzamine sa l fè+, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun+. 5 Paske, chak moun ap pote pwòp chay* pa l+.

6 Epitou, se pou moun yo anseye pawòl la* pataje tout bon bagay avèk moun ki bay ansèyman sa a*+.

7 Pa twonpe tèt nou: moun pa ka pase Bondye nan jwèt. Paske, kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou+. 8 Paske, yon moun ki simen pou chè li, chè li ap fè l rekòlte destriksyon, men yon moun ki simen pou lespri a, lespri a ap fè l rekòlte lavi ki pap janm fini an+. 9 Donk, annou pa sispann fè sa ki byen, paske lè lè a rive, n ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale*+. 10 Kidonk, toutotan nou gen okazyon* pou sa, annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki fanmi nou nan lafwa.

11 Gade jan m ekri gwo nan lèt m ap ekri nou ak pwòp men m nan.

12 Se tout moun sa yo ki vle fè moun plezi* k ap chèche fòse nou sikonsi. Sèl rezon ki fè yo fè sa se pou moun pa pèsekite yo pou poto soufrans* Kris la. 13 Paske, moun ki fè yo sikonsi yo, menm yo menm, yo pap fè sa Lalwa mande+, men, yo vle nou vin sikonsi dekwa pou yo ka gen rezon pou yo vante tèt yo anrapò ak chè nou. 14 Men, mwen swete pou m pa janm vante tèt mwen, eksepte pou poto soufrans* Jezi Kris+, Seyè nou an. Se grasa li, pou mwen, monn nan mouri*, e pou monn nan, mwen mouri. 15 Paske, kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, sa pa anyen+, men, sa ki yon bagay, se si moun nan vin yon nouvo kreyati+. 16 Mwen swete pou tout moun k ap mache nan lòd selon prensip sa a, wi, pou Izrayèl Bondye a gen lapè ak mizèrikòd+.

17 Apati jodi a, pinga pèsonn ban m pwoblèm, paske mwen pote mak yon esklav Jezi sou kò mwen+.

18 Frè m yo, mwen swete pou favè san parèy Jezi Kris, Seyè nou an, ansanm avèk mantalite nou demontre a. Amèn.

Oswa: “anba tan mechan”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “y ap retire nou vit konsa”.

Lit.: “jan m te konn fè eksè nan kontinye”.

Lit.: “al chèche konsèy nan men chè ak san”.

Yo rele l Pyè tou.

Lit.: “ravaje lafwa a”.

Lit.: “pou inèdtan”.

Yo rele l Pyè tou.

Yo rele l Pyè tou.

Oswa: “yo te antre nan ipokrizi a”.

Oswa: “nan ipokrizi”.

Yo rele l Pyè tou.

Lit.: “okenn chè”.

Oswa: “Mwen pa mete favè san parèy Bondye a sou kote”.

Lit.: “mwen ta aprann nan men”.

Lit.: “Nou te kòmanse nan lespri”.

Lit.: “se nan lachè n ap vin konplè”.

Gade Apendis A5.

Lit.: “semans”.

Lit.: “semans”.

Lit.: “semans”.

Lit.: “semans”.

Mo grèk la vle di yon moun k ap siveye yon timoun oswa k ap pwoteje l.

Lit.: “semans”.

Lit.: “Abba”. Se yon mo ki soti nan lang ebre oswa nan lang arameyen timoun te konn itilize lè y ap pale ak papa yo pou montre afeksyon ak respè yo gen pou yo.

Sa vle di tan ki rezève pou fèt.

Oswa: “nou pa t krache sou mwen”.

Oswa: “fin pran fòm”.

Lit.: “te fèt selon lachè”.

Lit.: “ki te fèt selon lachè a”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Sa vle di yo t ap vin pa kalifye ankò pou yo obeyi Lalwa yo fè konnen y ap soutni an.

Se kapab tou: “tout Lalwa rezime”.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont”. Mo grèk la se aseljeya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “maji”.

Lit.: “pap eritye”.

Oswa: “pwòp responsablite”.

Oswa: “yo anseye pawòl la aloral”.

Oswa: “bay ansèyman sa a aloral”.

Oswa: “si nou pa abandone”.

Lit.: “nou gen tan ki fikse”.

Oswa: “ki vle byen parèt”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “yo kloure monn nan sou poto pou l mouri”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje