BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Efezyen 1:1-6:24
  • Efezyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Efezyen
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Efezyen

LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN NAN VIL EFÈZ YO

1 Mwen menm, Pòl, yon apot Kris Jezi grasa volonte Bondye, m ap ekri moun ki sen ki nan vil Efèz yo+ ansanm ak moun ki fidèl ann inyon avèk Kris Jezi yo:

2 Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.

3 Louwanj pou Sila a ki Bondye Jezi Kris, Seyè nou an, e ki Papa li. Paske, grasa lespri sen l, li ban nou tout kalite benediksyon nan syèl la, poutèt nou ann inyon avèk Kris+. 4 Li te chwazi nou pou nou ann inyon avèk li* depi anvan monn nan te fonde*, pou nou ka vin sen e pou nou ka vin san tach+ devan l nan lanmou. 5 Li te chwazi nou+ davans pou l adopte nou kòm pitit li+ grasa Jezi Kris, selon bon plezi l e selon volonte l+, 6 pou li ka jwenn louwanj poutèt favè san parèy li a ki gen glwa+, favè li ban nou pa mwayen byenneme l la+. 7 Piske Pitit li a te peye ranson an, nou libere grasa san li+, wi, nou jwenn padon pou fot nou yo+, selon richès favè san parèy Bondye a.

8 Favè san parèy sa a li fè nou an, li fè l vin anpil grasa tout sajès ak bon konprann* li ban nou 9 lè li fè nou konnen sekrè sakre+ sou volonte l. Se selon bon plezi l li te deside 10 jere bagay yo nan dènye limit tan fikse yo pou l reyini tout bagay ansanm nan Kris, bagay ki nan syèl la ak bagay ki sou tè a+. Wi, se nan li, 11 e se ann inyon avèk li Bondye te chwazi nou tou kòm eritye+, piske Bondye te chwazi nou davans selon objektif li genyen, li menm ki fè tout bagay ann amoni ak volonte l, 12 yon fason pou l ka jwenn louwanj ak glwa nan nou, nou menm ki met espwa nou nan Kris an premye. 13 Men, nou menm tou, apre nou te fin tande pawòl verite a, bon nouvèl sou delivrans nou an, nou te met espwa nou nan li tou. Grasa li, apre nou te fin kwè, Bondye te poze yon so+ sou nou tou, anpalan de lespri sen li te pwomèt la, 14 ki se yon garanti davans* sou eritaj nou an+, pou libere nou menm ki se byen Bondye+, grasa yon ranson+, pou nou ka fè louwanj pou glwa li.

15 Se poutèt sa, mwen menm tou, depi lè m te tande pale de lafwa nou genyen nan Seyè Jezi ak lanmou nou demontre pou tout moun ki sen yo, 16 mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou. Mwen toujou sonje nou nan priyè m, 17 dekwa pou Sila a ki Bondye Jezi Kris, Seyè nou an, Sila a ki Papa ki gen glwa a, ka ban nou yon lespri ki gen sajès, e pou l ka ede nou konprann bagay li revele yo, toutpandan n ap vin gen yon konesans egzak sou li+. 18 Li ouvri kè nou e nou vin wè, dekwa pou nou ka konnen pou ki esperans li te rele nou e ki richès li rezève kòm eritaj pou moun ki sen yo nan laglwa+, 19 e pou nou ka konnen ki jan kokennchenn pisans li an ki nan nou menm ki kwayan+, se yon pisans ki estrawòdinè. Kokennchenn pisans sa a parèt nan aksyon li fè ak fòs li ki pisan, 20 aksyon li te fè pou Kris lè li te leve l sot nan lanmò e lè li te fè l chita adwat li+ nan syèl la, 21 nan yon pozisyon ki pi wo lontan pase tout gouvènman, tout otorite, tout pisans, tout dominasyon ak tout non ki genyen+, nonsèlman nan sistèm sa a*, men tou nan sa ki gen pou vini an. 22 Epitou, li fè tout bagay soumèt anba pye l+, e li mete l alatèt tout bagay pou kongregasyon an+, 23 ki se kò Kris+ e ki ranpli ak kalite l yo, li menm ki ranpli tout bagay nan tout moun.

2 Anplis, Bondye te ban nou lavi, malgre nou te mouri nan fot nou ak nan peche nou+. 2 Te gen yon epòk, se nan bagay sa yo nou t ap mache, selon sistèm monn sa a*+, selon chèf k ap dirije mantalite monn nan ki tankou lè ki toutotou nou+, chèf k ap dirije lespri+ k ap aji kounye a nan moun ki dezobeyisan yo. 3 Wi, te gen yon lè nou tout te pami yo e nou te konn aji ann amoni avèk dezi nou gen nan chè nou+. Nou te konn fè yon seri bagay ni chè nou ni lide nou te vle nou fè+, e depi lè nou fèt, nou te merite sibi* kòlè+ Bondye, menm jan ak lòt moun yo. 4 Men, Bondye gen anpil mizèrikòd+, e piske li renmen nou anpil+, 5 li te ban nou lavi ansanm ak Kris, menm lè nou te mouri nan fot nou yo+. Se grasa favè san parèy la nou te sove. 6 Epitou, li resisite nou ansanm ak Kris Jezi, e li fè nou chita ansanm avè l nan syèl la, ann inyon ak Kris Jezi+, 7 dekwa pou nan sistèm k ap vini yo* li ka demontre richès estrawòdinè favè san parèy li a nan fason li aji byen avèk nou* ann inyon ak Kris Jezi.

8 Se favè san parèy sa a ki fè nou te sove grasa lafwa+. E sa pa sot nan nou. Okontrè, se yon kado Bondye bay. 9 Non, sa pa sot nan travay moun fè+, yon fason pou pèsonn pa gen dekwa pou l vante tèt li. 10 Se Bondye ki fè nou*. Li te kreye nou+ ann inyon ak Kris Jezi+ pou nou ka fè yon bon travay, yon travay Bondye te deside davans pou nou fè.

11 Se poutèt sa, sonje yon lè, moun ki sikonsi nan lachè ak men lòm te konn rele nou menm, ki moun nasyon selon lachè yo, “moun ki pa sikonsi”. 12 Lè sa a nou te san Kris, nou te separe ak nasyon Izrayèl la, e piske nou te etranje, nou pa t nan alyans yo a, yon alyans ki gen rapò ak pwomès la+, nou t ap viv nan monn nan san esperans e san Bondye+. 13 Men, kounye a, ann inyon ak Kris Jezi, nou menm ki te lwen yon lè, nou vin pre, grasa san Kris. 14 Paske, li fè nou vin anpè+, li menm ki fè de gwoup yo vin fè yon sèl+, li menm ki detwi miray ki te nan mitan yo a e ki te separe yo a+. 15 Ak chè li, li aboli sa k te fè yo ènmi an, anpalan de Lalwa, ki gen kòmandman ak dekrè ladan l, dekwa pou l fè de gwoup yo vin yon sèl gwoup tounèf+, ann inyon avèk li, e pou l fè yo vin anpè, 16 e dekwa pou l ka rekonsilye de pèp yo nèt ak Bondye grasa poto soufrans lan*+, pou yo vin yon sèl kò. Paske, avèk kò li, li te elimine sa k te fè yo ènmi an+. 17 Epi li vini, e li pwoklame bon nouvèl lapè a ni pou nou menm ki te lwen, ni pou moun ki te pre yo. 18 Paske, se li menm ki fè nou menm de pèp yo nou kapab pwoche alèz bò kot Papa a grasa yon sèl espri.

19 Donk, nou pa etranje ankò, ni nou pa moun ki soti nan lòt peyi+, men nou gen menm sitwayènte+ ak moun ki sen yo, e nou se manm fanmi Bondye+. 20 E yo bati nou tankou yon kay sou apot yo ak pwofèt yo ki sèvi fondasyon+, tandiske Kris Jezi li menm se wòch ki nan kwen fondasyon an+. 21 Tout konstriksyon an, ki byen kole ansanm+, ap grandi ann inyon avèk li pou l vin yon tanp sakre pou Jewova*+. 22 Nou menm tou, y ap bati nou ansanm, ann inyon avèk li, pou nou tounen yon kote pou Bondye abite pa mwayen lespri li+.

3 Se poutèt sa, mwen menm Pòl, mwen nan prizon+ pou Kris Jezi, nan enterè nou menm, moun ki nan nasyon yo. 2 Reyèlman, nou tande Bondye ban m jere+ favè san parèy li a pou nou, 3 ki vle di li fè m konnen sekrè sakre a grasa yon revelasyon, jan m sot ekri kèk mo sou sa pi wo a. 4 Donk, lè nou li sa, nou ka wè nan ki pwen mwen konprann sekrè sakre+ ki gen rapò ak Kris la. 5 Nan jenerasyon ki pase yo, yo pa t fè lèzòm konnen sekrè sa a, jan lespri a fè apot li yo ak pwofèt li yo, yo menm ki sen, konnen l kounye a+. 6 Men sekrè a: Moun ki nan nasyon yo gen pou yo vin eritye ansanm avèk nou, pou yo vin manm menm kò avèk nou+, e pou yo patisipe avèk nou nan pwomès la, ann inyon avèk Kris Jezi, grasa bon nouvèl la. 7 Mwen te vin yon sèvitè sekrè sa a, selon favè san parèy Bondye fè m grasa fason pisans li aji+.

8 Se mwen menm, yon moun ki pi piti pase pi piti nan tout moun ki sen yo+, yo bay favè san parèy sa a+, pou m ka anonse nasyon yo bon nouvèl sou richès Kris la, yon richès moun pa ka mezire, 9 e pou m ka fè tout moun wè jan Bondye jere sekrè sakre a+, yon sekrè ki te rete kache nan li depi digdantan, li menm ki kreye tout bagay. 10 Sa te fèt konsa, dekwa pou, kounye a, pa mwayen kongregasyon an+, gouvènman ak otorite ki nan syèl la ka rive konnen divès aspè ki gen nan sajès Bondye+. 11 Sa fèt selon objektif etènèl li etabli a ki gen rapò ak Kris Jezi+, Seyè nou an. 12 Grasa li, nou alèz pou n pale, e nou ka pwoche alèz bò kote Bondye avèk konfyans+, grasa lafwa nou nan Kris*. 13 Se sa k fè mwen mande nou pou nou pa bay legen akoz tribilasyon m ap sibi pou nou yo, paske yo se yon glwa pou nou+.

14 Se poutèt sa mwen met ajenou devan Papa a, 15 li menm ki pèmèt tout fanmi ki nan syèl la e ki sou tè a egziste*, 16 pou m priye l, li menm ki gen anpil glwa a, pou l fòtifye moun nou ye pa anndan an avèk pisans+ grasa lespri li, 17 pou l ka fè Kris abite nan kè nou ansanm ak lanmou+ grasa lafwa nou. Mwen swete pou nou vin anrasinen+ nan fondasyon an+ e pou nou vin byen chita sou li. 18 Konsa, n ap ka konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè laverite nèt, ansanm ak tout moun ki sen yo, 19 e n ap ka konnen lanmou Kris demontre a+, yon lanmou ki depase konesans, dekwa pou nou ka ranpli ak tout bèl kalite Bondye bay.

20 Bondye, selon pisans li k ap aji nan nou+, ka vrèman fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine+. 21 Glwa pou li pa mwayen kongregasyon an e pa mwayen Kris Jezi, nan tout jenerasyon, pou tout tan gen tan. Amèn.

4 Se sa k fè, mwen menm ki se yon prizonye+ pou Seyè a, m ap sipliye nou pou nou mache yon fason ki konfòm+ ak apèl nou te resevwa a, 2 avèk yon imilite+ ak yon dousè ki konplè, avèk pasyans+, toutpandan youn ap sipòte lòt nan lanmou+, 3 e toutpandan n ap fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a+. 4 Gen yon sèl kò+ e gen yon sèl lespri+, menm jan yo te rele nou pou nou vin gen yon sèl esperans+. 5 Gen yon sèl Seyè+, yon sèl lafwa, yon sèl batèm. 6 Gen yon sèl Bondye ki Papa nou tout, ki sou tèt nou tout, ki aji nan nou tout e ki nan nou tout.

7 Men, nou chak resevwa favè san parèy la selon jan Kris mezire kado li bay la+. 8 Paske, men sa ki di: “Lè li monte anwo a, li mennen anpil prizonye avèk li, e li bay gason kòm kado+.” 9 Bon, ki sa ekspresyon “li monte” a vle di? Sa vle di li te desann tou nan zòn ki pi ba yo, sètadi, sou tè a. 10 Sila a ki te desann nan se li menm tou ki monte+ pi wo pase tout syèl ki genyen+, pou l ka fè tout bagay vin konplè.

11 E li bay kèk ladan yo kòm apot+, kèk kòm pwofèt+, kèk kòm moun k ap evanjelize*+, kèk kòm bèje ak anseyan+, 12 pou redrese* moun ki sen yo, pou fè travay ki gen rapò ak sèvis Bondye, pou konstriksyon kò Kris la+, 13 jiskaske nou tout nou rive fè yon sèl* nan lafwa ak nan konesans egzak sou Pitit Bondye a, pou nou fin grandi nèt*+, jis nou rive nan nivo Kris ye a, pou nou vin konplè, menm jan avè l. 14 Konsa, nou pap tankou timoun ankò, pou n ap fè ale vini tankou se lanm lanmè k ap balanse nou, pou tout van ansèyman+ ap pote nou ale adwat agoch poutèt n al koute moun ki sèvi ak trik ak riz pou twonpe nou. 15 Men, etan n ap di laverite, annou grandi nan tout bagay grasa lanmou, ann amoni ak sila a ki se tèt la, anpalan de Kris+. 16 Grasa li, tout kò a+ byen kole ansanm, e li fèt pou l kolabore ansanm grasa tout jwenti k ap founi sa ki nesesè. Lè chak manm fonksyone nòmalman, sa vin pèmèt kò a devlope pou l bati tèt li nan lanmou+.

17 Donk, men sa m ap di nan Seyè a, e men sa m ap temwaye nan li, sèke nou pa dwe kontinye mache menm jan nasyon yo ap mache+, dapre panse yo ki pa itil anyen+. 18 Lespri yo nan fènwa e yo lwen lavi ki soti nan Bondye a, akoz inyorans ki nan yo e akoz kè yo ki ensansib. 19 Kesyon moralite a, yo pa gen sa menm ankò e yo lage kò yo nan konduit derespektan*+ pou yo fè tout kalite salte avèk vorasite.

20 Men, se pa yon moun konsa nou te aprann Kris te ye, 21 si vrèmanvre nou te tande l k ap pale e si li te anseye nou ann amoni ak laverite ki nan li a. 22 Yo te aprann nou pou nou voye ansyen pèsonalite a*+ jete, pèsonalite ki ann akò ak konduit nou te genyen anvan an, e ki vin kòwonpi selon dezi li genyen ki chaje twonpri+. 23 E nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an*+, 24 e nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a+ ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande.

25 Donk, piske kounye a nou kite afè bay manti a, se pou nou chak di pwochen nou laverite+, paske nou se manm yon sèl kò+. 26 Menmsi nou an kòlè, pinga nou peche+. Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè+, 27 e pa kite jwen pou Dyab la*+. 28 Se pou moun k ap vòlè a sispann vòlè, men se pou l travay di pito, pou l fè bon travay ak men l+, dekwa pou l ka gen kichòy pou l pataje ak moun ki nan nesesite+. 29 Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou+, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo+. 30 Epitou, pa fè lespri sen Bondye lapenn+. Se avèk li yo te mete yon so sou nou+ pou jou liberasyon nou grasa ranson an+.

31 Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou+ ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun+ e sispann fè kèlkeswa mechanste a+. 32 Men, se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen kè sansib ak tandrès+, se pou youn padone lòt ak tout kè l, menm jan Bondye padone nou ak tout kè l grasa Kris+.

5 Kidonk, se pou nou imite Bondye+, antanke pitit li renmen, 2 e se pou nou kontinye mache nan lanmou+, menm jan Kris tou te renmen nou+ e li te bay tèt li pou nou kòm yon ofrann e kòm yon sakrifis pou Bondye, yon sakrifis ki tankou yon pafen santi bon+.

3 Depi se imoralite seksyèl*, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou+, etandone sa pa konvnab pou moun ki sen+. 4 Se menm bagay la pou konduit ki fè moun wont, pawòl ki san valè, blag betiz+. Bagay sa yo pa konvnab. Men okontrè, nou dwe lapriyè pou nou di Bondye mèsi+. 5 Paske, nou konn sa, nou rekonèt sa nou menm, ni moun k ap fè imoralite seksyèl*+, ni moun ki nan salte, ni moun ki ava+, sa vle di yon moun ki nan idolatri, pap gen eritaj nan Wayòm ki pou Kris ak Bondye a+.

6 Pa kite pèsonn twonpe nou ak pawòl ki pa gen sans, paske se akoz bagay nou sot di la yo kòlè Bondye ap vini sou moun ki dezobeyisan yo. 7 Se sa k fè, pinga nou annafè ak yo. 8 Se vre, gen yon lè se fènwa nou te ye, men kounye a nou se limyè+ ann inyon ak Seyè a+. Se pou nou kontinye mache tankou pitit limyè, 9 paske limyè pwodui tout kalite bonte ak jistis ak verite+. 10 Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi+, 11 epi se pou nou sispann patisipe nan travay ki pa pwodui anyen, travay ki gen rapò ak fènwa+. Okontrè, se pou nou fè tout moun wè sa yo ye. 12 Paske, bagay y ap fè an kachèt yo, se yon wont pou moun menm pale sou sa. 13 Limyè fè tout bagay yo kondane parèt klè, paske tout bagay ki parèt klè se limyè. 14 Se poutèt sa, li di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi, leve pami mò yo+, e Kris ap klere w+.”

15 Donk, byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. 16 Se pou nou byen sèvi ak tan nou*+, paske jou yo makawon. 17 Se sa k fè, sispann aji tankou moun ki pa gen bonsans, men kontinye chèche konprann sa volonte Jewova* ye+. 18 Epitou, pa soule tèt nou ak bwason ki gen alkòl+, sa mennen nan debòch*, men kontinye ranpli nou ak lespri. 19 Se pou youn pale ak lòt* avèk sòm ak louwanj pou Bondye ansanm ak chan espirityèl. Chante+, epi fè mizik+ nan kè nou pou Jewova*+. 20 Se pou nou toujou remèsye+ Bondye nou an, ki Papa nou, pou tout bagay, nan non Jezi Kris, Seyè nou an+.

21 Se pou youn soumèt devan lòt+ nan lakrentif pou Kris. 22 Se pou madanm yo soumèt devan mari yo+, tankou yo soumèt devan Seyè a. 23 Paske, yon mari se chèf madanm li+, menm jan Kris se chèf kongregasyon an+, ki se kò li, e li se yon sovè pou li. 24 Wi, menm jan kongregasyon an soumèt devan Kris, konsa tou, madanm yo dwe soumèt devan mari yo nan tout bagay. 25 Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou+, menm jan Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li+ 26 pou l ka fè l vin sen, pou l ka lave l ak dlo pawòl Bondye a+ pou l fè l vin pwòp, 27 pou l ka fè kongregasyon an vin bèl anpil nan je l, san l pa gen ni tach, ni pli, ni okenn bagay ki sanble ak sa+, men, pou l sen, e pou l san defo+.

28 Konsa tou, mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. Yon gason ki renmen madanm li, se tèt li l renmen, 29 paske, pa gen moun ki janm rayi pwòp kò l*. Men, li nouri l e li ancheri l, menm jan Kris fè pou kongregasyon an, 30 paske nou se manm kò li+. 31 “Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l e li pral atache* ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè+.” 32 Sekrè sakre sa a+ gran. Kounye a, m ap pale konsènan Kris ak kongregasyon an+. 33 Sepandan, nou chak dwe renmen madanm nou+ menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l+.

6 Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou+ ann inyon ak Seyè a, paske se yon bagay ki jis. 2 “Onore papa nou ak manman nou+.” Sa a se premye kòmandman ki mache ak yon pwomès: 3 “Pou tout bagay ka mache byen pou ou, e pou w ka rete lontan sou tè a.” 4 E nou menm papa, pa tingting pitit nou pou fè yo fache+, men kontinye leve yo nan disiplin+ Jewova* ak nan avètisman* li bay+.

5 Nou menm esklav, se pou nou obeyi moun* ki mèt nou yo+, avèk krent e avèk anpil respè, ak yon kè sensè, menm jan nou obeyi Kris. 6 Nou pap fè sa sèlman lè gen je k ap gade nou, kòmkwa se lèzòm n ap fè plezi*+, men n ap fè sa tankou esklav Kris k ap fè volonte Bondye ak tout nanm* yo+. 7 Se pou nou fè travay nou ak tout nou menm, tankou se pou Jewova*+, e non pa pou lèzòm, 8 paske nou konnen kèlkeswa byen yon moun fè, l ap jwenn rekonpans nan men Jewova*+, kit li se yon esklav, kit li se yon moun ki lib. 9 Epitou, nou menm mèt, se pou nou kontinye aji menm jan an avèk yo, e kite kesyon fè menas la, paske nou konnen Sila a ki Mèt ni yo menm ni nou menm nan se nan syèl la li ye+, e li pa gen patipri.

10 Pou fini, kontinye pran pisans+ nan Seyè a ak nan fòs li ki pisan. 11 Abiye nou ak tout ekipman konba+ Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv* Dyab la. 12 Paske, nou nan yon konba*+, men se pa kont lèzòm, ki fèt ak chè ak san, se kont gouvènman yo, kont otorite yo, kont sila yo ki chèf monn nan, yo menm k ap dirije fènwa sa yo, e kont espri mechan yo+ ki nan syèl la. 13 Se poutèt sa, pran tout ekipman konba Bondye bay la+, yon fason pou nou ka reziste lè jou mechanste yo rive, e pou nou ka kenbe fèm apre nou fin fè tout bagay nou te dwe fè yo.

14 Kidonk, kenbe fèm, epi mare laverite nan ren nou tankou se yon sentiwon+. Mete pwotèj pwatrin jistis la sou nou+. 15 Mete bagay nan pye nou pou nou pare pou nou anonse bon nouvèl lapè a+. 16 Anplis tout bagay sa yo, se pou nou pran gwo boukliye lafwa a+. Se avè l n ap kapab etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou+. 17 Epitou, aksepte kas delivrans lan+ ak epe lespri a, sètadi pawòl Bondye a+, 18 toutpandan n ap kontinye priye nan tout okazyon ak tout kalite priyè+ ak siplikasyon, ann amoni ak lespri a+. Pou nou ka fè sa, se pou nou toujou rete je klè e se pou nou toujou sipliye pou tout moun ki sen yo. 19 Priye pou mwen tou, pou m ka jwenn pawòl pou m di lè m ouvri bouch mwen, yon fason pou m ka pale avèk kran lè m ap fè konnen sekrè sakre bon nouvèl la+. 20 Se pou sa m ap travay kòm yon anbasadè+ ki nan chenn, yon fason pou m ka pale konsènan bon nouvèl la avèk kran, jan mwen dwe fè sa.

21 Kounye a, Tichik+, frè byenneme m nan, yon sèvitè fidèl nan Seyè a, ap fè nou konn tout bagay, yon fason pou nou menm tou, nou ka gen nouvèl mwen, pou nou konnen ki jan m ye+. 22 Se pou sa menm m ap voye l kote nou, pou nou ka konnen ki jan nou ye, e pou l ka konsole kè nou.

23 Mwen swete pou frè yo gen lapè ak lanmou ansanm ak lafwa ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Seyè a, Jezi Kris. 24 Mwen swete pou favè san parèy la avèk tout moun ki renmen Jezi Kris, Seyè nou an, ak yon lanmou ki pap janm fini.

Sa vle di avèk Kris.

Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.

Oswa: “ak bonsans”.

Oswa: “yon vèsman (avalwa); yon garanti pou sa ki gen pou vini an”.

Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “selon fason monn sa a ye”.

Lit.: “nou te pitit”.

Oswa: “nan tan k ap vini yo”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nan fason li fè nou favè”.

Oswa: “Nou se rezilta travay li”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Lit.: “nan li”.

Oswa: “tout fanmi ki nan syèl la e ki sou tè a vin gen non yo genyen an”.

Oswa: “moun k ap anonse bon nouvèl la”.

Oswa: “pou fòme”.

Oswa: “nou rive ini”.

Oswa: “pou nou gen matirite”.

Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont”. Mo grèk la se aseljeya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “ansyen moun nan”.

Oswa: “renouvle fòs k ap fè lespri nou aji a”. Lit.: “renouvle lespri panse nou”.

Oswa: “pa kite plas pou Dyab la”.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “Se pou nou achte tan ki fikse a”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “nan konduit deregle”.

Se kapab tou: “Se pou nou pale ak tèt nou”.

Gade Apendis A5.

Lit.: “pwòp chè l”.

Oswa: “pral rete”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “nan enstriksyon; nan konsèy”.

Lit.: “obeyi chè”.

Lit.: “Se pa pou moun ka wè nou, tankou moun k ap fè moun plezi”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Oswa: “kont plan”.

Lit.: “yon lit”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje