BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt 2 Tesalonisyen 1:1-3:18
  • 2 Tesalonisyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 2 Tesalonisyen
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Tesalonisyen

DEZYÈM LÈT PÒL TE EKRI KRETYEN NAN VIL TESALONIK YO

1 Mwen menm, Pòl, ansanm ak Silven* ak Timote+, m ap ekri kongregasyon ki nan vil Tesalonik la ki ann inyon ak Bondye, Papa nou an, e ak Seyè a, Jezi Kris:

2 Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Seyè a, Jezi Kris.

3 Se yon devwa pou nou pou n toujou di Bondye mèsi pou nou, frè nou yo. Dayè, se nòmal, paske lafwa nou ap grandi anpil, e lanmou nou chak ak lanmou nou tout ap ogmante youn pou lòt+. 4 Se sa k fè, nou menm, nou fyè de nou+ pami kongregasyon Bondye yo, paske, nan tout pèsekisyon nou jwenn ak nan difikilte* nou rankontre*+, nou andire e nou demontre lafwa. 5 Se yon prèv ki montre jijman Bondye jis, e sa fè wè nou diy pou nou antre nan Wayòm Bondye a, Wayòm nou vrèman ap soufri pou li a+.

6 Paske, an reyalite, se yon bagay ki jis nan je Bondye pou l fè moun k ap fè nou pase anba tribilasyon yo jwenn tribilasyon tou+. 7 Men, nou menm ki jwenn tribilasyon, l ap ban nou soulajman ansanm avèk nou, nan moman Seyè Jezi+ ap parèt nan syèl la avèk zanj pisan li yo+ 8 nan yon gwo flanm dife, lè l ap vin fè vanjans sou moun ki pa konnen Bondye yo e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an+. 9 Santans moun sa yo pral jwenn nan se yon destriksyon etènèl+ k ap retire yo devan Seyè a e yo pap wè pisans estrawòdinè l la ankò, 10 nan moman l ap vini pou yo ba l glwa ansanm ak moun ki sen yo, e pou tout moun ki demontre yo gen lafwa yo gade l nan jou sa a avèk admirasyon, paske nou met lafwa nan temwayaj nou te bay la.

11 Se pou sa menm nou toujou ap priye pou nou, pou Bondye nou an ka konsidere nou diy pou apèl li fè a+, e pou l sèvi ak pisans li pou l reyalize tout bon bagay ki fè l plezi yo nèt e pou l konplete travay lafwa nou pouse nou fè a. 12 Se yon fason pou non Jezi, Seyè nou an, ka jwenn glwa pa mwayen nou menm, e pou nou ka jwenn glwa ann inyon avèk li, ann amoni ak favè san parèy Bondye nou an ak favè san parèy Jezi Kris, Seyè a.

2 Sepandan, frè nou yo, konsènan prezans Jezi Kris, Seyè nou an+, e konsènan rasanble nou pral rasanble bò kote l+, n ap mande nou 2 pou nou pa kite lespri nou twouble fasil, ni pou nou pa boulvèse akoz yon pawòl ki sanble soti nan Bondye*+, oubyen akoz yon pawòl nou swadizan voye di oswa akoz yon lèt nou swadizan voye, kòmkwa jou Jewova* a+ la deja.

3 Pa kite pèsonn pran tèt nou* nan okenn fason, paske jou sa a pa gendwa rive anvan apostazi a+ vini, anvan moun k ap fè sa ki ilegal la+, pitit destriksyon an, parèt aklè+. 4 Li se yon opozan, e li monte tèt li pi wo pase tout swadizan dye ki genyen oswa bagay moun adore*. Konsa, li chita nan tanp Bondye a, e li montre aklè li se yon dye. 5 Èske nou pa sonje mwen te konn di nou bagay sa yo lè mwen te ansanm avèk nou?

6 E konsa kounye a, nou konnen kiyès k ap aji tankou yon obstak, dekwa pou moun k ap fè sa ki ilegal la pa parèt aklè anvan lè l. 7 Se vre, ilegalite sa a, ki se yon mistè, deja ap travay+, men se sèlman jiskaske moun k ap aji tankou yon obstak kounye a vin pa la ankò. 8 Lè sa a, vrèmanvre, sila a ki san lwa a ap vin parèt aklè, li menm Seyè Jezi ap elimine ak souf bouch li+, li menm l ap aneyanti ak prezans li k ap parèt aklè+. 9 Men, prezans sila a ki san lwa a se travay Satan+, e li fè sa ak tout kalite mirak*, ansanm ak siy ak mèvèy ki chita sou manti+, 10 epi ak tout kalite bagay ki pa jis ak tout kalite blòf+ pou moun k ap peri yo, kòm yon pinisyon, poutèt yo pa t aksepte renmen laverite pou yo te ka sove. 11 Se poutèt sa, Bondye kite yo pran nan blòf, pou yo ka vin kwè nan manti+, 12 dekwa pou yo ka jije yo tout poutèt yo pa t kwè nan laverite, men yo te pran plezi nan sa ki pa jis.

13 Sepandan, se yon devwa pou nou pou n toujou di Bondye mèsi poutèt nou, frè nou yo Jewova* renmen, paske Bondye chwazi nou depi okòmansman+ pou nou ka sove. Li fè nou vin sen+ grasa lespri l poutèt nou gen lafwa nan laverite. 14 Se pou nou ka sove ki fè li rele nou pa mwayen bon nouvèl n ap anonse a, yon fason pou nou ka vin gen glwa Jezi Kris, Seyè nou an, genyen an+. 15 Kidonk, frè nou yo, kenbe fèm+ e rete kole sou bagay nou te anseye nou yo+, kit se voye nou te voye di nou sa, kit se nan lèt nou te voye ban nou. 16 Anplis de sa, se pou Jezi Kris li menm, wi, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou+ e ki ban nou yon konsolasyon etènèl ak yon bèl esperans+ grasa favè san parèy la, 17 konsole kè nou, e se pou yo fè nou vin fèm* nan tout bon aksyon n ap fè ak nan tout bon pawòl n ap di.

3 Anfen, frè nou yo, kontinye priye pou nou+, pou pawòl Jewova* a ka kontinye gaye byen vit+ e pou l ka kontinye jwenn glwa, jan sa deja ap fèt nan mitan nou, 2 e pou nou ka delivre anba moun ki malveyan e ki mechan+, paske lafwa se pa yon byen tout moun genyen+. 3 Men, Seyè a fidèl, l ap fòtifye nou e l ap pwoteje nou anba Mechan an. 4 Anplis de sa, men konfyans nou gen nan Seyè a konsènan nou menm: Nou konnen n ap fè sa nou te ban nou lòd fè yo, e n ap kontinye fè yo. 5 Se pou Seyè a kontinye dirije kè nou nan bon direksyon an, sètadi pou nou gen lanmou pou Bondye+ e pou nou andire+ pou Kris.

6 Kounye a frè nou yo, men enstriksyon nou ban nou nan non Jezi Kris, Seyè nou an: Se pou nou pran distans nou ak tout frè k ap mache yon fason dezòdone+ e ki pap mache selon enstriksyon nou* te resevwa nan men nou+. 7 Paske, nou menm nou konnen fason nou dwe imite nou+, paske nou pa t konpòte nou yon fason dezòdone nan mitan nou, 8 ni nou pa t manje manje pèsonn gratis*+. Okontrè, nou te travay di e nou te redi lajounen kou lannuit pou nou pa t mete yon chay lou sou do okenn nan nou+. 9 Se pa dwa nou pa genyen+, men se vle nou vle bay tèt nou kòm egzanp pou nou imite+. 10 Dayè, lè nou te avèk nou, men lòd nou te konn ban nou: “Si yon moun pa vle travay, li pa fèt pou l manje tou+.” 11 Paske, nou tande gen kèk moun k ap mache yon fason dezòdone nan mitan nou+, ki pap fè okenn travay, men k ap mele nan sa k pa gade yo+. 12 N ap bay moun sa yo lòd ak konsèy nan Seyè a, Jezi Kris, pou yo okipe zafè yo e pou yo manje manje yo travay pou li+.

13 Kanta pou nou menm, frè nou yo, pa dekouraje nan fè sa ki byen. 14 Epi, si yon moun pa obeyi pawòl nou di nan lèt sa a, pran prekosyon ak moun sa a*, e sispann frekante l+, pou l ka vin wont. 15 Epoutan, pa konsidere l tankou yon ènmi, men kontinye avèti l+ tankou yon frè.

16 Kounye a, se pou Seyè lapè a li menm ban nou lapè toutan, nan tout sans+. Mwen swete pou Seyè a avèk nou tout.

17 Men salitasyon pa m, mwen menm Pòl, mwen ekri ak pwòp men m+. Sa a se yon siy nan chak lèt, se konsa mwen ekri.

18 Mwen swete pou favè san parèy Jezi Kris, Seyè nou an, ansanm avèk nou tout.

Yo rele l Silas tou.

Oswa: “nan tribilasyon”.

Oswa: “nou fè fas”.

Oswa: “akoz yon espri”. Gade “Lespri” nan Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Oswa: “Pa kite pèsonn sedui nou”.

Oswa: “bagay moun onore”.

Lit.: “tout kalite aksyon ki pisan”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “pou yo fòtifye nou”.

Gade Apendis A5.

Se kapab tou: “yo”.

Oswa: “manje manje pèsonn san peye”.

Lit.: “mete yon mak sou moun sa a”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje