BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt 1 Timote 1:1-6:21
  • 1 Timote

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1 Timote
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Timote

PREMYE LÈT PÒL TE EKRI TIMOTE A

1 Mwen menm, Pòl, yon apot Kris Jezi, sou lòd Bondye, Sovè nou an, e sou lòd Kris Jezi, espwa nou an+, 2 m ap ekri w, Timote*+, bonjan pitit mwen+ nan lafwa:

Mwen swete pou w gen favè san parèy, mizèrikòd ak lapè, ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Kris Jezi, Seyè nou an.

3 Menm jan lè m te prèt pou m al Masedwàn mwen te ankouraje w ret Efèz, m ap mande w menm bagay la kounye a, yon fason pou w ka bay kèk moun enstriksyon pou yo pa anseye yon lòt doktrin, 4 ni pou yo pa okipe lejann+ ak rechèch k ap fèt sou lis non zansèt. Bagay sa yo pa itil anyen+, men se fè y ap fè moun di yon seri bagay yo pa ka bay prèv pou yo olye pou yo transmèt yon bagay ki soti nan Bondye k ap fòtifye lafwa moun. 5 Vrèmanvre, objektif enstriksyon* sa a se pou nou ka gen yon lanmou+ ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki klè ak nan yon lafwa+ ki san ipokrizi. 6 Gen kèk moun ki kite bagay sa yo, y al antre kò yo nan pawòl san sans+. 7 Yo vle anseye+ lalwa, men yo pa konprann ni sa y ap di, ni sa y ap fè deklarasyon fèm sou yo.

8 Nou konnen Lalwa se yon bon bagay, depi yon moun suiv li jan l dwe fè sa*. 9 Paske, men sa nou konnen: Yo pa fè lwa pou moun ki jis, men yo fè l pou moun ki san lwa+ e ki rebèl, pou moun ki pa gen respè pou Bondye e k ap pratike peche, pou moun ki pa fidèl*, pou moun ki pa respekte bagay ki sakre, pou moun k ap touye papa yo, pou moun k ap touye manman yo, pou moun k ap touye moun, 10 pou moun k ap fè imoralite seksyèl*, pou gason k ap kouche ak gason*, pou kidnapè, pou mantè, pou moun ki pa respekte sèman yo fè* e pou moun k ap fè tout lòt bagay ki opoze ak ansèyman ki pwofitab la+, 11 ansèyman ki ann amoni ak bon nouvèl glorye Bondye ki gen kè kontan an te konfye m nan+.

12 Mwen gen Kris Jezi, Seyè nou an, rekonesans, li menm ki ban m pisans, paske li chwazi m pou sèvis li+ poutèt li wè m fidèl, 13 byenke lontan mwen te yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan+. Sepandan, yo fè m mizèrikòd, paske mwen te nan inyorans e mwen t ap aji san lafwa. 14 Men, mwen resevwa favè san parèy Seyè nou an, favè ki te vin anpil, e mwen resevwa lafwa ak lanmou pa mwayen Kris Jezi. 15 Men yon pawòl nou ka fè konfyans e ki merite pou nou aksepte l totalman: Kris Jezi te vin nan monn nan pou l sove pechè+, e pami moun sa yo, se mwen ki pi mal+. 16 Men, yo fè m mizèrikòd yon fason pou Kris Jezi ka montre tout pasyans li pa mwayen mwen menm, moun ki pi mal la. Li fè m sèvi egzanp pou moun ki pral met lafwa yo nan li, pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an+.

17 Se pou Wa letènite a+, li menm ki pa ka mouri+, ki envizib+, li menm sèl ki Bondye+, jwenn onè ak glwa pou tout tan gen tan. Amèn.

18 Mwen ba w enstriksyon* sa a, Timote, pitit mwen, selon sa ki te anonse sou ou davans, dekwa pou w ka kontinye mennen bèl konba a grasa bagay sa yo+, 19 pou w toujou gen lafwa ak yon konsyans ki klè+, yon seri bagay kèk moun rejte, e sa fè lafwa yo fè nofraj. 20 Imene+ ak Aleksann pami moun sa yo, e mwen lage yo bay Satan+ pou yo ka aprann pa blasfeme, grasa disiplin yo resevwa.

2 Se sa k fè, toudabò, mwen ankouraje tout moun pou yo fè siplikasyon, priyè, demann ak remèsiman pou tout kalite moun, 2 pou wa e pou tout moun ki nan gwo pozisyon*+, yon fason pou nou ka kontinye mennen yon vi ki kalm e ki trankil, nan yon atachman total pou Bondye, avèk tout diyite nou+. 3 Se yon bagay ki bèl e ki agreyab nan je Bondye, Sovè nou an+, 4 ki vle pou tout kalite moun sove+ e ki vle yo gen yon konesans egzak sou laverite. 5 Paske, gen yon sèl Bondye+ e gen yon sèl entèmedyè+ ant Bondye ak lèzòm+, yon moun, Kris Jezi+, 6 ki te bay tèt li pou tout moun* kòm yon ranson egalego+. Sa a se temwayaj yo dwe bay nan tan ki fikse pou sa a. 7 Se poutèt temwayaj sa a+ yo te chwazi m kòm predikatè ak apot+, sa vle di, yo te chwazi m pou m anseye nasyon yo+ sou lafwa ak laverite. Sa m di a se verite, mwen pap bay manti.

8 Se poutèt sa, mwen vle pou mesye yo priye tout kote yo ye, pou yo leve men yo anlè avèk fidelite+, san kòlè+, san diskisyon+. 9 Menm jan an tou, medam yo dwe fè bèbèl ak tèt yo ak abiman ki kòrèk*. Yo dwe fè sa yon fason ki montre respè* e avèk bonsans*. Yo pa dwe fè sa ak yon seri stil cheve trese, oswa ak lò, oubyen ak pèl, oswa ak rad ki koute chè anpil+, 10 men, y ap fè sa jan medam ki di yo gen atachman pou Bondye yo dwe fè sa+. Yo dwe fè bon aksyon, e se sa k ap fè yo bèl.

11 Se pou fi yo aprann an silans*, nan yon soumisyon total+. 12 Mwen pa pèmèt fi anseye, ni mwen pa pèmèt yo gen otorite sou gason, men se pou yo ret an silans*+. 13 Paske se Adan ki te fèt an premye, Èv te fèt annapre+. 14 Epitou, se pa Adan yo te twonpe, men se fi a yo te twonpe nèt+, e konsa, li vin tonbe nan dezobeyisans. 15 Sepandan, si fi yo fè pitit+, sa ap yon pwoteksyon, depi yo kontinye rete nan lafwa ak nan lanmou, e depi yo rete sen, avèk bonsans*+.

3 Pawòl sa a merite pou moun fè l konfyans. Si yon moun ap chèche vin siveyan+, se yon bèl travay li ta renmen genyen. 2 Se poutèt sa, yon siveyan dwe san repwòch, li dwe gen yon sèl madanm, li dwe modere nan tout bagay, li dwe gen bonsans*+, li dwe gen lòd, li dwe renmen akeyi moun+, li dwe gen kapasite pou l anseye+. 3 Li pa dwe yon bwasonyè+, li pa dwe vyolan*, men li dwe rezonab+. Li pa dwe renmen fè kont+, li pa dwe renmen lajan+, 4 li dwe yon moun ki dirije* pwòp kay li yon fason ki kòrèk, ki kenbe pitit li nan soumisyon ak nan diyite+. 5 (Paske, si yon moun pa konn ki jan pou l dirije* pwòp kay li, ki jan l ap fè pran swen kongregasyon Bondye a?) 6 Li pa dwe yon moun ki fèk konvèti+, pou l pa vin gonfle ak ògèy, e pou l pa tonbe anba menm kondanasyon ak Dyab la. 7 Anplis de sa, moun ki deyò yo ta dwe bay bon temwayaj sou li*+, dekwa pou l pa tonbe nan dezonè* ak nan pyèj Dyab la.

8 Menm jan an tou, sèvitè ministeryèl* yo dwe serye, yo pa dwe gen de lang*, yo pa dwe lage kò yo nan bwè anpil bwason ki gen alkòl, yo pa dwe ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon+, 9 yo dwe kenbe sekrè sakre lafwa a ak yon konsyans ki klè+.

10 Anplis de sa, se pou yo teste yo anvan pou wè si yo kapab*. Apre sa, yo mèt sèvi kòm sèvitè ministeryèl, depi yo pa gen akizasyon sou do yo+.

11 Menm jan an tou, medam yo dwe serye, yo pa dwe nan fè medizans+, yo dwe modere nan abitid yo, yo dwe fidèl nan tout bagay+.

12 Se pou sèvitè ministeryèl yo gen yon sèl madanm, se pou yo dirije pitit yo ak kay yo yon fason ki kòrèk. 13 Paske, mesye ki fè sèvis yo yon fason ki kòrèk ap vin gen yon bèl repitasyon, e y ap vin alèz anpil pou yo pale konsènan lafwa yo nan Kris Jezi.

14 M ap ekri w bagay sa yo, byenke mwen espere sa pap pran anpil tan pou m vin jwenn ou, 15 dekwa pou, si m mize, ou ka konnen ki jan w dwe konpòte w nan kay Bondye a+, kongregasyon Bondye vivan an, ki se yon pilye ak yon sipò pou laverite. 16 Wi, fòk nou admèt sekrè sakre atachman pou Bondye a gran: ‘Li te parèt nan lachè+, yo te deklare l jis antanke espri+, li te parèt devan zanj yo+, yo te preche l pami nasyon yo+, yo te kwè nan li nan monn nan+, yo te resevwa l anwo a avèk glwa.’

4 Sepandan, pawòl Bondye enspire a* di aklè, nan tan k ap vini yo, kèk moun ap abandone lafwa, y ap koute pawòl blòf ki sanble soti nan Bondye*+ ak ansèyman demon, 2 akoz ipokrizi yon seri moun k ap bay manti+, ki gen konsyans yo make tankou se ak yon fè cho. 3 Y ap entèdi moun marye+, e y ap bay lòd pou moun pa manje yon seri manje+, alòske se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun+ ki gen lafwa e ki konnen laverite yon fason egzak yo manje lè yo fin di Bondye mèsi+. 4 Anfèt, tout sa Bondye kreye bon+, e yon moun pa dwe refize anyen+, depi l di Bondye mèsi pou li, 5 paske pawòl Bondye a ak priyè ki fèt sou li a fè l vin sen.

6 Lè w bay frè yo konsèy sa yo, w ap vin yon bon sèvitè Kris Jezi, yon sèvitè ki nouri ak pawòl ki fòtifye lafwa e ki fè pati bèl ansèyman w ap suiv pazapa a+. 7 Men, rejte lejann ki dezonore Bondye+, lejann tankou sa granmoun fi yo konn rakonte yo. Yon lòt bò, fè antrènman nan objektif pou w gen atachman pou Bondye. 8 An reyalite, fè egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay. Men, atachman pou Bondye itil pou tout bagay, piske li gen pwomès ni pou lavi kounye a, ni pou lavi k ap vini an+. 9 Nou kapab fè pawòl sa a konfyans e li merite pou nou aksepte l totalman. 10 Se pou rezon sa a n ap travay di e n ap lite+, paske nou mete esperans nou nan yon Dye ki vivan, ki se yon Sovè+ pou tout kalite moun+, sitou pou moun ki fidèl yo.

11 Kontinye bay enstriksyon sa yo e kontinye anseye yo. 12 Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn. Okontrè, se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo, nan pawòl ou, nan konduit ou, nan lanmou w, nan lafwa w ak nan vi pwòp w ap mennen an. 13 Annatandan m vini, kontinye konsantre w sou lekti an piblik+, sou egzòtasyon* ak ansèyman w ap bay. 14 Pa neglije don w genyen an, don w te resevwa grasa yon pwofesi, lè gwoup ansyen yo te poze men yo sou ou a+. 15 Reflechi* sou bagay sa yo, plonje nèt ladan yo, yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè. 16 Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay+. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w+.

5 Pa kritike yon granmoun gason yon fason ki di+. Okontrè, sipliye l tankou se te papa w. Sipliye jèn mesye yo tankou se te frè w. 2 Sipliye granmoun fi yo tankou se te manman w. Sipliye jèn medam yo tankou se te sè w, san okenn move lide.

3 Pran swen* vèv ki vèv toutbon yo*+. 4 Men, si yon vèv gen pitit oswa pitit pitit, se pou pitit sa yo aprann demontre atachman pou Bondye anvè moun lakay yo anvan+, e se pou yo kontinye bay paran yo ak gran paran yo sa yo dwe yo+, paske se yon bèl bagay nan je Bondye+. 5 Yon fi ki vèv toutbon e ki lage san anyen, se nan Bondye li met espwa l+, e li pèsevere nan siplikasyon ak nan lapriyè lajounen kou lannuit+. 6 Men, yon vèv ki lage kò l nan plezi, se yon vèv ki mouri byenke l vivan. 7 Kidonk, kontinye ba yo enstriksyon* sa yo pou yo ka san repwòch. 8 Se sèten, si yon moun pa bay moun ki sou kont li sa yo gen bezwen, sitou moun lakay li, li nye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa+.

9 Yo dwe mete non yon vèv sou lis si li gen 60 an pou pi piti, si l te gen yon sèl mari, 10 si l gen repitasyon yon moun ki fè sa ki byen+, pa egzanp, si l te leve pitit li byen+, si l te konn resevwa etranje+, si l te konn lave pye moun ki sen yo+, si l te konn ede moun ki nan detrès+ e si l te chofe pou l fè tout bon aksyon.

11 Men, pa mete vèv ki pi jèn yo sou lis la, paske lè anvi seksyèl yo genyen vin kanpe ant yo menm ak Kris, yo vin vle marye. 12 Lè sa a, se yon kondanasyon yo resevwa, paske yo pa respekte premye deklarasyon yo te fè ki montre yo gen lafwa*. 13 Anmenmtan tou, yo pran abitid rete san yo pap fè anyen, y ap plede mache kay moun. E yo pa annik rete san yo pap fè anyen, men tou, y ap fè tripotay, y ap mele nan zafè moun+, y ap pale bagay yo pa ta dwe pale. 14 Se sa k fè, mwen vle pou jèn vèv yo marye+, pou yo fè pitit+, pou yo okipe kay yo, pou yo pa bay opozan yo okenn okazyon pou yo kritike nou. 15 Anfèt, gen kèk ladan yo ki deja vire al suiv Satan. 16 Si yon fi ki kwayan gen fanmi l ki vèv, se pou l ede yo, yon fason pou chay la pa tonbe sou kongregasyon an. Konsa, kongregasyon an ap ka ede fi ki vèv toutbon yo*+.

17 Ansyen k ap byen dirije yo+ merite yon onè doub+, sitou sa yo k ap travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an+. 18 Paske, gen yon pasaj nan Ekriti yo ki di: “Nou pa dwe met baboukèt pou yon towo bèf k ap bat manje angren+.” E gen yon lòt ki di: “Moun k ap travay la merite pou yo peye l+.” 19 Pa aksepte yon akizasyon kont yon ansyen, eksepte si gen de oubyen twa temwen+. 20 Reprimande+ moun k ap pratike peche yo devan je tout moun+, pou sa ka yon avètisman pou rès moun yo*. 21 Mwen ba w lòd fòmèl devan Bondye, devan Kris Jezi e devan zanj Bondye chwazi yo pou w byen egzamine bagay yo anvan w pran yon desizyon, pou w pa fè anyen nan patipri+.

22 Pa janm prese poze men w sou okenn moun*+. Pa patisipe nan peche lòt moun nonplis. Rete pwòp.

23 Pa bwè dlo ankò*, men pran yon ti diven poutèt lestomak ou a e poutèt malad w ap malad souvan an.

24 Gen kèk moun, peche yo parèt aklè pou tout moun, e yo mennen tou dwat nan kondanasyon. Men gen lòt moun, se pi devan peche yo vin parèt aklè+. 25 Menm jan an tou, bèl aksyon moun fè parèt aklè pou tout moun+, e sa ki pa parèt aklè yo pa ka ret kache nèt+.

6 Se pou tout moun ki anba jouk esklavaj kontinye konsidere mèt yo kòm moun ki merite anpil onè+, dekwa pou moun pa janm denigre non Bondye ansanm ak ansèyman l lan+. 2 Anplis de sa, se pou esklav ki gen mèt ki kwayan yo pa derespekte mèt yo poutèt se frè yo ye. Okontrè, se pou yo dispoze sèvi yo pi byen toujou, paske moun k ap benefisye bon sèvis y ap bay la se kwayan parèy yo e se moun yo renmen.

Kontinye anseye bagay sa yo e kontinye bay egzòtasyon sa yo. 3 Si yon moun ap anseye yon lòt doktrin e li pa dakò ak bonjan ansèyman*+ ki soti nan Jezi Kris, Seyè nou an, oubyen li pa dakò ak ansèyman ki makònen ak atachman moun dwe genyen pou Bondye a+, 4 se yon moun ki gonfle ak ògèy, ki pa konprann anyen+. Sèl sa k nan tèt li se fè diskisyon ak deba sou mo+. Bagay sa yo lakòz jalouzi, kont ak medizans. Yo lakòz youn sispèk lòt pou anyen, 5 e yo fè moun ki gen lespri kòwonpi+ e ki pa gen laverite ankò ap fè gwo diskisyon sou bagay ki pa gen valè. Moun sa yo panse atachman pou Bondye se yon mwayen pou yon moun jwenn avantaj+. 6 Se vre, n ap jwenn gwo avantaj si nou gen atachman pou Bondye+ lè nou kontante nou ak sa nou genyen*. 7 Paske, nou pa t pote anyen nan monn nan, e nou pa ka ale ak anyen nonplis+. 8 Se sa k fè, si nou gen manje ak rad*, n ap kontante nou ak bagay sa yo+.

9 Men, moun ki byen deside pou yo rich yo tonbe nan tantasyon, yo tonbe nan yon pyèj+ ak nan anpil anvi ki san sans e ki fè moun soufri, ki lage moun nan destriksyon ak nan dezas+. 10 Paske, lanmou pou lajan se youn nan rasin tout kalite move bagay, e gen kèk moun, piske yo kiltive lanmou sa a, yo pèdi chemen lafwa a, e yo pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans+.

11 Men, ou menm ki moun Bondye, kouri pou bagay sa yo. Men, se pou w kontinye devlope kalite tankou jistis, atachman pou Bondye, lafwa, lanmou, andirans ak dousè+. 12 Konbat nan bèl konba lafwa a. Kenbe lavi ki pap janm fini an fèm, lavi yo te rele w pou li a, lavi ou te fè bèl deklarasyon pou li devan anpil temwen an.

13 Devan Bondye, ki kenbe tout bagay an vi, e devan Kris Jezi, ki te bay yon bèl temwayaj an piblik devan Pons Pilat+, mwen mande w 14 pou w obsève kòmandman mwen ba w, yon fason ki san fay e ki san repwòch, jiskaske Jezi Kris, Seyè nou an, parèt aklè+. 15 Sila a ki gen kè kontan an e ki sèl Chèf la ap parèt nan tan ki fikse pou sa. Li se Wa moun k ap dirije antanke wa e li se Seyè moun k ap dirije antanke seyè+, 16 li menm sèl ki pa ka mouri+, li menm ki abite nan yon limyè moun pa ka pwoche+, yon limyè pèsonn pami lèzòm pa wè, ni yo pa ka wè+. Onè pou li, pisans pou li pou toutan. Amèn.

17 Anseye moun ki rich nan sistèm* ki la kounye a* pou yo pa awogan*, pou yo pa met espwa yo nan richès ki pa sèten+, men pou yo mete l nan Bondye, ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka jwi yo+. 18 Di yo pou yo travay pou sa ki byen, pou yo rich nan fè bèl aksyon, pou yo donan e pou yo dispoze pataje ak lòt moun+, 19 e konsa, y ap sere yon trezò pou yo menm, sa vle di yon bon baz pou lavni+, dekwa pou yo ka kenbe lavi toutbon an fèm+.

20 Timote, konsève sa yo konfye w la+. Vire do bay pawòl san valè ki dezonore Bondye, e vire do bay kontradiksyon ki genyen nan sa yo swadizan rele “konesans” lan+. 21 Gen moun, nan fè wè yo gen konesans sa a, ki devye kite lafwa.

Mwen swete pou favè san parèy la avèk nou.

Sa vle di: “Moun ki onore Bondye”.

Oswa: “manda; lòd”.

Lit.: “suiv li selon Lalwa”.

Oswa: “ki pa gen lanmou fidèl”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “gason k ap fè sèks ak gason”.

Oswa: “moun ki fè fo sèman”.

Oswa: “manda; lòd”.

Oswa: “moun ki gen otorite”.

Oswa: “pou tout kalite moun”.

Oswa: “apwopriye”.

Oswa: “Yo dwe fè sa avèk modesti”.

Oswa: “avèk bon jijman”.

Oswa: “aprann pandan yo rete kalm; aprann pandan yo rete trankil”.

Oswa: “ret kalm; ret trankil”.

Oswa: “avèk bon jijman”.

Oswa: “gen bon jijman”.

Oswa: “li pa dwe yon moun k ap bay moun kou”.

Oswa: “ki jere”.

Oswa: “pou l jere”.

Oswa: “Anplis de sa, li ta dwe gen bon repitasyon nan je moun ki deyò yo”.

Oswa: “nan lawont”.

Oswa: “dyak”. Mo grèk la se dyakonòs.

Oswa: “yo pa dwe twonpe moun ak pawòl yo”.

Oswa: “si yo kalifye”.

Lit.: “Sepandan, lespri a”.

Lit.: “koute lespri k ap twonpe moun”.

Oswa: “sou ankourajman”.

Oswa: “Medite”.

Lit.: “Onore”.

Oswa: “vèv ki nan nesesite toutbon yo”. Anpalan de vèv ki pa gen pèsonn pou ede yo.

Oswa: “lòd”.

Oswa: “yo pa respekte premye pwomès yo te fè a”.

Oswa: “vèv ki nan nesesite toutbon yo”. Anpalan de vèv ki pa gen pèsonn pou ede yo.

Lit.: “pou rès moun yo ka pè”.

Sa vle di pa prese nome okenn moun.

Oswa: “Sispann bwè dlo sèlman”.

Oswa: “ak ansèyman ki pwofitab”.

Lit.: “lè nou satisfè ak sa nou genyen”.

Oswa: “manje ak yon kote pou nou rete”. Lit.: “manje ak kouvèti”.

Oswa: “nan tan”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Bay moun ki rich nan sistèm ki la kounye a lòd”.

Oswa: “pou yo pa gen ògèy”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje