LÈT PÒL TE EKRI TIT LA
1 Mwen menm, Pòl, yon esklav Bondye e yon apot Jezi Kris, ann amoni ak lafwa moun Bondye chwazi yo e ann amoni ak konesans egzak sou laverite ki konfòm ak atachman pou Bondye, 2 sou baz esperans lavi ki pap janm fini an+, lavi Bondye, ki pa ka bay manti+, te pwomèt depi byen lontan an, 3 men, nan tan li te fikse a, li te fè moun konn pawòl li pa mwayen predikasyon yo te konfye m nan+, sou lòd Bondye, Sovè nou an, 4 mwen ekri w, Tit, bonjan pitit mwen, selon lafwa nou gen ansanm nan:
Mwen swete pou w gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Kris Jezi, Sovè nou an.
5 Mwen te kite w Krèt pou w ka korije bagay ki merite korije yo* e pou w ka nome ansyen nan chak vil, jan mwen te ba w lòd fè a, 6 depi moun nan pa gen akizasyon sou do l, li se mari yon sèl fi, pitit li gen lafwa e yo pa gen repitasyon moun ki lage kò yo nan debòch*, ni yo pa rebèl+. 7 Paske, antanke entandan Bondye, yon siveyan pa dwe gen akizasyon sou do l, li pa dwe gen tèt di+, li pa dwe yon moun ki renmen fè kòlè+, ni yon bwasonyè, ni yon moun ki vyolan*, ni yon moun k ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, 8 men li dwe yon moun ki renmen akeyi moun+, ki renmen sa ki byen, ki gen bonsans*+, ki jis, ki fidèl+, ki gen metriz+, 9 ki rete kole sou pawòl ki fidèl la* nan fason l ap anseye+, dekwa pou l ka ankouraje* moun grasa ansèyman ki pwofitab la+ e pou l ka reprimande+ moun k ap pale kont ansèyman sa a.
10 Paske gen anpil moun, sitou moun ki rete atache ak sikonsizyon yo, ki endisipline, k ap pale san yo pa di anyen ki pwofitab e k ap twonpe moun+. 11 Li nesesè pou w fè moun sa yo fèmen bouch yo, paske yo kontinye ap boulvèse plizyè fanmi ann antye lè y ap anseye bagay yo pa ta dwe anseye, pou yo ka jwenn avantaj nan move kondisyon. 12 Gen youn ladan yo, pwòp pwofèt pa yo, ki di: “Moun Krèt se moun ki toujou ap bay manti, yo se bèt bwa ki danjere, yo saf e yo parese.”
13 Temwayaj sa a se verite. Pou rezon sa a, kontinye reprimande yo yon fason ki fèm, dekwa pou yo ka solid nan lafwa, 14 pou yo pa okipe lejann Juif yo ak kòmandman moun ki vire do bay laverite yo. 15 Tout bagay pwòp pou moun ki pwòp+. Men, pou moun ki pa pwòp e ki pa gen lafwa, anyen pa pwòp, paske ni lespri yo, ni konsyans yo pa pwòp+. 16 An piblik, yo deklare yo konnen Bondye, men yo nye l nan aksyon yo+, paske moun sa yo bay degoutans, yo dezobeyisan e yo pa kalifye pou okenn bon travay.
2 Men ou menm, kontinye di bagay ki rete kole sou ansèyman ki pwofitab la+. 2 Se pou granmoun gason yo gen kontwòl tèt yo, se pou yo serye, se pou yo gen bonsans, se pou yo solid nan lafwa, nan lanmou ak nan andirans. 3 Menm jan an tou, se pou granmoun fi yo gen yon konduit ki montre yo gen respè pou Bondye, se pou yo pa nan fè medizans, pou yo pa esklav anpil bwason ki gen alkòl, pou yo anseye sa ki byen, 4 yon fason pou yo bay jèn medam yo konsèy* pou yo renmen mari yo, pou yo renmen pitit yo, 5 pou yo gen bonsans, pou lavi yo pwòp, pou yo fè travay nan kay yo*, pou yo se bon moun, pou yo soumèt devan mari yo+, dekwa pou moun pa pale pawòl Bondye a mal.
6 Menm jan an tou, kontinye ankouraje jèn gason yo pou yo gen bonsans+. 7 E ou menm, nan tout bagay, montre w se yon egzanp nan akonpli bèl travay. Bay yon ansèyman ki pa kontamine e montre ou serye+, 8 pale pawòl ki kòrèk, pawòl moun pa ka kritike+, yon fason pou opozan yo kapab wont, paske yo pap gen anyen mal pou yo di sou nou+. 9 Se pou esklav yo soumèt devan mèt yo nan tout bagay+, se pou yo eseye fè yo plezi, e yo pa dwe nan replike, 10 yo pa dwe vòlè mèt yo+, men yo dwe montre yo se moun ki merite pou moun fè yo konfyans totalman, dekwa pou yo ka anbeli ansèyman Bondye, Sovè nou an, nan tout bagay+.
11 Paske, favè san parèy Bondye a, ki pote delivrans pou tout kalite moun, vin parèt aklè+. 12 Li montre nou pou nou rejte konduit ki dezonore Bondye, pou nou rejte dezi ki nan monn nan+, e pou nou viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a*+, 13 pandan n ap tann esperans ki bay kè kontan an+, e pandan n ap tann pou Bondye, li menm ki gran an, ansanm ak Sovè nou an, Jezi Kris, parèt avèk glwa. 14 Kris te bay tèt li pou nou+ pou l ka delivre nou*+ anba tout sa lalwa kondane e pou l ka pirifye yon pèp pou li menm, yon pèp ki rele l pa l, ki zele pou l fè bèl travay+.
15 Kontinye pale bagay sa yo, kontinye bay ankourajman* e kontinye reprimande ak tout dwa w genyen+. Pa kite moun meprize w.
3 Kontinye fè yo sonje pou yo soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo+, e pou yo obeyi yo, pou yo pare pou yo fè tout bon travay, 2 pou yo pa pale pèsonn mal, pou yo pa renmen fè kont, men pou yo rezonab+, pou yo montre yon dousè total anvè tout kalite moun+. 3 Paske, nou menm tou, gen yon lè nou pa t gen bonsans, nou te dezobeyisan, yo t ap twonpe nou, nou te esklav divès kalite dezi ak plezi, nou t ap viv nan mechanste e nou te anvye sò moun, nou te bay moun degoutans e nou youn te rayi lòt.
4 Sepandan, lè byenveyans Bondye, Sovè nou an+, ak lanmou li pou lòm te parèt aklè 5 (se pa t poutèt nou te fè aksyon ki jis+, men se poutèt li gen mizèrikòd+), li te sove nou pa mwayen beny ki fè nou vin ap viv la+ e pa mwayen renouvèlman nou grasa lespri sen+. 6 Li te vide lespri sa a sou nou ann abondans grasa Jezi Kris, Sovè nou an+, 7 dekwa pou lè yo fin deklare nou jis grasa favè san parèy li a+, nou ka vin tounen eritye+ ki gen esperans lavi ki pap janm fini an+.
8 Pawòl sa yo se verite, e mwen ta renmen w kontinye ensiste sou bagay sa yo, dekwa pou moun ki kwè nan Bondye yo ka toujou gen nan lespri yo pou yo kontinye fè bèl travay. Bagay sa yo bèl e yo itil pou lòm.
9 Men, evite diskisyon ki san sans, evite fè rechèch sou lis zansèt, evite fè kont ak diskisyon sou Lalwa, paske bagay sa yo pa itil e yo pa gen okenn valè+. 10 Kanta pou yon moun k ap gaye fo ansèyman+, ba l yon premye avètisman* epi ba l yon dezyèm+, apre sa, ou pa dwe pran kontak avè l+, 11 piske w konnen yon moun konsa se yon moun ki kite wout la e se peche l ap peche, li kondane pwòp tèt li.
12 Lè m voye Atemas oswa Tichik+ ba ou, fè tout sa w kapab pou w vin jwenn mwen Nikopolis, paske se la mwen deside pase sezon fredi a. 13 Fè sa w kapab pou w bay Zenas, li menm ki byen konn Lalwa, ansanm ak Apolòs sa y ap bezwen pou vwayaj yo a, pou yo ka pa manke anyen+. 14 Men, se pou moun nou yo tou aprann pèsevere nan fè bèl travay pou yo ka ede lòt moun lè gen ijans+, dekwa pou yo pa rete san yo pa bay anyen*+.
15 Tout moun ki avè m yo voye salitasyon pou ou. Mwen voye salitasyon pou tout kwayan parèy nou yo ki gen afeksyon pou nou.
Mwen swete pou favè san parèy la avèk nou tout.
Oswa: “bagay ki pap mache byen yo”.
Oswa: “moun ki san kontwòl”.
Oswa: “ni yon moun k ap bay moun kou”.
Oswa: “ki gen bon jijman”.
Oswa: “sou mesaj moun ka fè konfyans”.
Oswa: “konvenk”.
Oswa: “pou yo fè jèn medam yo pran tèt yo; pou yo bay jèn medam yo fòmasyon”.
Oswa: “pou yo pran swen kay yo”.
Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pou l rachte nou”.
Oswa: “kontinye konvenk”.
Oswa: “yon premye pinga”.
Lit.: “pa bay fwi”.