LÈT JAK TE EKRI A
1 Mwen menm, Jak+, yon esklav Bondye e yon esklav Jezi Kris, Seyè a, m ap ekri 12 tribi yo ki gaye divès kote:
Mwen salye nou!
2 Frè m yo, konsidere se yon jwa total lè nou rankontre divès kalite eprèv+, 3 paske nou konnen lè lafwa nou sibi eprèv konsa, li bay andirans+. 4 Men, se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou nou ka konplè, pou nou ka san defo nan tout domèn, san nou pa manke anyen+.
5 Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l+, e l ap ba li l+, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch*+. 6 Men, se pou l kontinye mande l ak lafwa+, san l pa gen okenn dout+, paske yon moun ki gen dout sanble ak yon lanm lanmè van ap pouse, k ap fè ale vini. 7 Anfèt, moun sa a pa bezwen panse l ap resevwa anyen nan men Jewova*. 8 Se yon moun ki gen de lide+, ki anbalan nan tout sa l ap fè.
9 Yon frè afè l pa bon dwe rejwi* anpil poutèt li vin nan yon kondisyon ki elve+. 10 Yon frè ki rich dwe rejwi anpil poutèt li vin nan yon kondisyon ki ba+, paske l ap pase tankou yon flè ki nan savann. 11 Paske, menm jan solèy la leve ak yon gwo chalè, li seche plant lan, flè plant lan tonbe, e bèl aparans plant lan genyen an disparèt, se konsa tou moun ki rich la ap fennen nan mitan aktivite l+.
12 Byennere moun ki kontinye andire eprèv+, paske lè l vin yon moun yo apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a+, kouwòn Jewova* pwomèt l ap bay moun ki kontinye renmen l yo+. 13 Pèsonn pa fèt pou l di, lè l nan eprèv: “Se Bondye k ap pase m anba eprèv.” Paske, pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal. 14 Men, chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l+ sedui l*. 15 Epi dezi a, lè yo nouri l*, li bay peche, e peche a li menm, lè l fin fèt, li bay lanmò+.
16 Pa twonpe tèt nou, frè byenneme m yo. 17 Tout bèl don ak tout kado pafè sot anwo+, yo soti nan men Sila a ki Papa limyè yo ki nan syèl la+, li menm ki pa chanje, kontrèman ak lonbray k ap chanje pozisyon+. 18 Etandone se te volonte l pou nou vin premye moun li chwazi pami kreyati l yo+, li te fè nou grasa pawòl verite a+.
19 Men sa pou nou konnen, frè byenneme m yo: Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale+, ni prese fè kòlè+, 20 paske kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande+. 21 Se sa k fè, voye tout salte jete ansanm ak tout tras mechanste*+, epi, avèk dousè, aksepte pou pawòl ki ka sove nou* an anrasinen nan nou.
22 Men, se pou nou obeyi pawòl la+, se pa pou nou ret ap tande l sèlman, pou n ap twonpe tèt nou ak fo rezònman. 23 Paske, si yon moun tande pawòl la, men li pa obeyi l+, li tankou yon moun ki gade figi l* nan yon glas. 24 Lè l fin gade tèt li, li ale, epi lamenm li bliye ki jan l ye. 25 Men, yon moun k ap gade nan lwa pafè a+, lwa libète a, avèk atansyon e ki pèsevere ladan l, ap kontan nan sa l ap fè+, paske li pa yon moun ki tande pou l bliye, men li se yon moun k ap fè travay la.
26 Si yon moun panse l ap adore Bondye, epoutan li pa bride lang li+, se twonpe l ap twonpe tèt li*, e adorasyon l ap bay la pa gen valè. 27 Adorasyon* ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an ki Papa nou, men li: pran swen òfelen yo+ ak vèv yo+ nan tribilasyon yo+, epi rete san tach parapò ak monn nan+.
2 Frè m yo, ou kwè nou ta gen lafwa nan Jezi Kris, Seyè nou an, ki gen glwa a, epi pou nou ta nan patipri+? 2 Paske, sipozon yon moun ki gen bag lò nan dwèt li e ki gen bèl rad sou li vin nan reyinyon n ap fè, epi gen yon moun ki pòv ki antre tou avèk yon vye rad sal sou li. 3 Si nou byen kontan wè moun ki gen bèl rad la, nou di l: “Chita la a, nan bon plas sa a”, men nou di moun ki pòv la: “Ou menm, ou mèt ret kanpe”, oubyen nou di l: “Chita la a, bò ti ban kote m depoze pye m nan+”, 4 èske nou pa montre nou gen patipri nan mitan nou+? Èske se pa jij k ap bay move santans nou vin tounen+?
5 Koute, frè byenneme m yo. Èske se pa moun ki pòv dapre monn nan Bondye chwazi pou yo ka rich nan lafwa+, e pou yo ka benefisye* Wayòm li te pwomèt moun ki renmen l yo+? 6 Poutan nou menm, nou rabese moun ki pòv la. Èske se pa moun ki rich yo k ap toupizi nou+ e k ap trennen nou lajistis? 7 Èske se pa yo menm k ap sal bèl non nou pote a? 8 Donk, si, ann amoni ak pasaj ki nan Ekriti a, nou kontinye obeyi lwa Wa a, lwa ki di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou+” an, nou fè byen. 9 Men, si nou kontinye montre nou nan patipri+, nou peche, e lwa a kondane nou kòm moun ki vyole lalwa+.
10 Paske, si yon moun fè tout sa Lalwa mande, men li fè yon fo pa sou yon pwen, li vin koupab pou tout+. 11 Paske, Sila a ki di: “Nou pa dwe fè adiltè+” a, di tou: “Nou pa dwe asasinen moun+.” Si kounye a nou pa fè adiltè, men nou asasinen moun, nou dezobeyi Lalwa. 12 Kontinye pale tankou moun yo gen pou yo jije selon lwa yon pèp ki lib* e kontinye aji konsa tou+. 13 Paske, moun ki pa abitye fè moun mizèrikòd, se san mizèrikòd y ap jije l+. Mizèrikòd pote laviktwa sou jijman.
14 Frè m yo, sa sa itil si yon moun di li gen lafwa, men li pa fè bon aksyon+? Lafwa sa a pa ka sove l, pa vre+? 15 Si yon frè oswa yon sè touni, e li pa gen ase manje pou l manje chak jou, 16 epoutan youn nan nou di l: “Ale anpè, chofe kò w, epi kontinye byen manje”, men nou pa ba l sa li bezwen pou kò li, sa sa itil+? 17 Se menm bagay la tou pou lafwa, depi pa gen bon aksyon ki mache avè l, li mouri+.
18 Sepandan, yon moun gendwa di: “Ou menm ou gen lafwa, mwen menm mwen fè bon aksyon. Montre m lafwa pa w san w pa fè bon aksyon, epi mwen menm m ap montre w lafwa pa m grasa bon aksyon mwen fè.” 19 Ou kwè se yon sèl Bondye ki genyen, pa vre? Ou fè byen. Epoutan, demon yo kwè sa tou e yo tranble+. 20 Men, ou menm ki san konprann, èske w ta renmen jwenn prèv ki montre lafwa ki pa mache ak bon aksyon an pa itil anyen? 21 Èske se pa lè Abraram, papa nou, te fin mete Izarak, pitit gason l lan, sou lotèl la pou l ofri l kòm sakrifis yo te deklare l jis pou aksyon sa a li te fè a+? 22 Ou wè lafwa li te mache ak bon aksyon li te fè, e grasa aksyon sa yo lafwa li te vin konplè+. 23 E pasaj nan Ekriti yo ki di: “Abraram te mete lafwa nan Jewova*, e sa te fè Li konsidere l kòm yon moun ki jis+” la te jwenn akonplisman l, e yo te vin rele l “zanmi Jewova*+”.
24 Nou wè se grasa bon aksyon yon moun fè y ap deklare l jis, se pa grasa lafwa l sèlman. 25 Menm jan an tou, èske yo pa t deklare Rahab, pwostitye a, jis pou sa l te fè a, lè l te fin byen resevwa mesaje yo, e li te fè yo pase nan yon lòt wout pou yo ale+? 26 Wi, menm jan kò ki san espri a* mouri+, se konsa tou lafwa ki pa gen bon aksyon mache avè l la mouri+.
3 Frè m yo, pinga anpil nan nou vin anseyan, piske nou konnen n ap resevwa yon jijman ki pi sevè+. 2 Anfèt, nou tout nou bite* tanzantan+. Si yon moun pa bite nan pawòl li, li se yon moun pafè ki kapab bride tout kò l tou. 3 Si nou mete brid nan bouch cheval pou yo obeyi nou, n ap dirije tout kò yo tou. 4 Gade bato yo tou. Yo te mèt gwo anpil, e gwo van te mèt ap pouse yo, se yon ti gouvènay toupiti ki dirije yo kote moun ki sou ba gouvènay la vle yo ale.
5 Menm jan an tou, lang se yon pati ki toupiti nan kò a, epoutan l ap fè grandizè. Gade ki jan yon vyepti dife ka fè tout yon gwo forè pran dife! 6 Lang nan se yon dife tou+. Pami tout pati ki nan kò nou, lang nan se ak sa ki mal sèlman li fèt, paske li sal tout kò a+, li mete dife nan lavi yon moun, e se Jeyèn* nan ki mete dife nan li. 7 Anfèt, lèzòm ka donte tout kalite bèt bwa, tout kalite zwazo, tout kalite bèt k ap ranpe ak tout kalite bèt ki nan lanmè, e yo rive donte yo. 8 Men, lang nan li menm, pèsonn pa ka donte l. Se yon bagay san kontwòl ki bay soufrans, li chaje ak pwazon ki bay lanmò+. 9 Nou sèvi avè l pou nou louwe Jewova*, Papa a, epoutan se avè l nou modi moun, yo menm ki fèt “pòtre ak Bondye+”. 10 Ni benediksyon, ni malediksyon soti nan menm bouch la.
Frè m yo, li pa bon pou bagay yo kontinye fèt konsa+. 11 Yon sous pa ponpe dlo dous ak dlo anmè sot nan menm twou a, pa vre? 12 Frè m yo, yon pye fig frans pa ka bay oliv, e yon pye rezen pa ka bay fig frans, pa vre+? Konsa tou, sous dlo sale pa ka bay dlo dous.
13 Kiyès pami nou ki gen sajès ak bon konprann? Se pou l montre travay li fè nan bèl konduit li genyen, e se pou l fè sa ak yon dousè ki soti nan sajès. 14 Men, si nan kè nou, nou gen gwo jalouzi+ ak tandans pou nou fè kont*+, pa vante tèt nou+ e pa bay manti sou laverite. 15 Sa a se pa sajès ki sot anwo a, men se sajès monn nan+, sa ki sot nan tandans lachè a, sa ki nan demon yo. 16 Paske, kote ki gen jalouzi ak tandans pou moun fè kont*, ap gen dezòd ak tout kalite vye bagay+.
17 Men, sajès ki sot anwo a se yon sajès toudabò ki pwòp+, ansuit ki renmen lapè+, ki rezonab+, ki dispoze obeyi, ki chaje ak mizèrikòd ak bon fwi+, ki pa nan patipri+ e ki pa ipokrit+. 18 Anplis, moun k ap fè lapè yo ap simen semans fwi jistis la nan lapè+, e y ap rekòlte fwi li bay+.
4 Ki kote lit ak goumen ki gen nan mitan nou yo soti? Èske se pa nan gwo anvi nou genyen pou bagay lachè, anvi ki kontinye ap mennen yon konba nan nou*+? 2 Nou gen anvi, epoutan nou pa resevwa. Nou kontinye rayi* moun e nou kontinye gen tanta sou zafè moun, epoutan nou pa ka jwenn. Nou kontinye ap goumen e nou kontinye ap lite+. Nou pa resevwa, paske nou pa mande. 3 Lè nou mande, nou pa resevwa, paske n ap mande nan move entansyon, pou nou ka itilize sa n ap mande a pou nou satisfè anvi nou genyen pou bagay lachè.
4 Nou menm moun ki pa fidèl ak Bondye*, èske nou pa konnen lè yon moun fè zanmi ak monn nan li vin ènmi ak Bondye? Donk, nenpòt moun ki vle zanmi monn nan, li fè tèt li tounen ènmi Bondye+. 5 Oswa dapre nou, èske se san rezon pasaj ki nan Ekriti a di: “Mantalite* nou gen nan nou an fè nou toujou anvi divès kalite bagay+”? 6 Sepandan, favè san parèy Li bay la pi gran. Se poutèt sa, gen yon pasaj nan Ekriti yo ki di: “Bondye opoze ak moun ki gen ògèy+, men, li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la+.”
7 Donk, soumèt nou devan Bondye+, men opoze ak Dyab la+, e l ap kouri kite nou+. 8 Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou+. Netwaye men nou, nou menm pechè+, e pirifye kè nou+, nou menm ki gen de lide. 9 Kite tristès anvayi nou. Se pou nou nan lapenn e se pou nou kriye+. Se pou kout ri nou yo tounen dèy, e se pou jwa nou tounen chagren. 10 Se pou nou gen imilite nan je Jewova*+, e l ap leve nou+.
11 Frè m yo, se pou youn sispann pale lòt mal+. Yon moun k ap pale yon frè mal, oswa k ap jije frè l, se lalwa* l ap pale mal e se lalwa l ap jije. E si w ap jije lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa, men ou se yon jij. 12 Gen yon sèl Moun ki fè lwa, e se li sèl ki Jij+, se Sila a ki ka sove moun e ki ka detwi moun nan+. Men ou menm, kiyès ou ye pou w ap jije pwochen w+?
13 Kounye a, tande non, nou menm k ap di: “Jodi a oswa demen, nou pral nan tèl vil, n ap pase yon ane la, n ap fè biznis e n ap fè benefis+.” 14 Nou pa menm konnen sa k ap rive nou demen+, piske nou se yon vapè ki parèt pou yon ti tan e apre ki disparèt+. 15 Okontrè, nou te dwe di: “Si Jewova* vle+, n ap viv, epi n ap fè sesi oswa n ap fè sela.” 16 Men kounye a, nou jwenn fyète nan vante tèt nou avèk awogans. Tout mòd fyète sa yo pa bon. 17 Se poutèt sa, si yon moun konnen pou l fè sa ki jis, epoutan li pa fè l, li peche+.
5 Kounye a, tande non, nou menm moun ki rich: Se pou nou kriye, se pou nou rele akoz malè k ap vin sou nou+. 2 Richès nou yo pouri, e mit fin manje rad nou+. 3 Lò ak ajan nou yo fin wouye. Wouy ki sou yo bay temwayaj kont nou e l ap manje chè nou. Sa nou sere nan dènye jou yo pral tankou yon dife+. 4 Gade! Lajan nou dwe travayè ki te fè rekòt pou nou nan jaden nou yo kontinye rele, e rèl anmwe moun ki te fè rekòt pou nou yo rive nan zòrèy Jewova*, Chèf lame yo+. 5 Nou dèyè viv nan liks sou tè a, e n ap chèche fè tèt nou plezi. Nou angrese kè nou pou jou y ap touye nou an+. 6 Nou kondane moun, e nou asasinen moun ki jis la. Èske li pa kanpe kont nou?
7 Kidonk frè m yo, se pou nou gen pasyans, jiskaske prezans Seyè a kòmanse+. Gade! Kiltivatè a ret ap tann bonjan fwi ki sot nan tè a. Li montre pasyans pou sa, jiskaske premye sezon lapli a ak dènye sezon lapli a rive+. 8 Nou menm tou, montre nou gen pasyans+, fè kè nou fèm, paske prezans Seyè a vin pi pre+.
9 Frè m yo, pinga youn plenn* kont lòt, dekwa pou nou pa sibi kondanasyon+. Gade! Jij la kanpe devan pòt la. 10 Frè m yo, nan kesyon sipòte sa ki mal+ ak demontre pasyans+, pran pwofèt ki te pale nan non Jewova* yo kòm egzanp+. 11 Gade! Nou konsidere moun ki andire yo kòm moun ki byennere*+. Nou tande pale de andirans Jòb+, e nou wè ki jan Jewova* te fè bagay yo fini pou li+, sa ki montre Jewova* gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd+.
12 Sa ki pi enpòtan an, frè m yo, se pou nou sispann sèmante, kit se sou syèl la, kit se sou tè a oswa sou nenpòt lòt bagay la. Men, se pou “Wi” nou vle di wi, e se pou “Non” nou vle di non+, yon fason pou nou pa sibi kondanasyon.
13 Èske gen yon moun pami nou k ap soufri? Se pou l priye+. Èske gen yon moun ki gen kè kontan? Se pou l chante chan louwanj+. 14 Èske gen yon moun pami nou ki malad? Se pou l rele ansyen yo+ nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye pou li, pou yo pase luil sou li+ nan non Jewova*. 15 E lapriyè yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la* vin anfòm, e Jewova* ap mete l kanpe. Epitou, si l te fè peche, l ap jwenn padon.
16 Kidonk, se pou nou konfese peche nou yo aklè+ youn bay lòt, e se pou nou priye youn pou lòt, dekwa pou nou ka geri. Lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas+. 17 Eli te yon moun menm jan avèk nou, epoutan lè li te priye ak tout kè l pou lapli pa tonbe, lapli te fè twazan sis mwa li pa tonbe nan peyi a+. 18 Apre sa, li priye ankò, e syèl la bay lapli, epi tè a bay manje+.
19 Frè m yo, si yon moun pami nou kite chemen verite a epi yon lòt moun fè l retounen, 20 konnen kèlkeswa moun ki fè yon moun ki te peche retounen+ sot nan move chemen l ye a ap sove moun* sa a anba lanmò, e l ap kouvri yon pakèt peche+.
Oswa: “li pa jwenn fot”.
Gade Apendis A5.
Lit.: “dwe fyè”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “kite pwòp dezi l pran l nan lak”.
Lit.: “lè l ansent”.
Se kapab tou: “ak pakèt mechanste”.
Oswa: “ki ka sove nanm nou”.
Oswa: “figi nòmal li”.
Lit.: “l ap twonpe pwòp kè l”.
Oswa: “Relijyon”.
Lit.: “pou yo ka eritye”.
Lit.: “selon lwa libète a”.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Oswa: “kò ki san souf la”.
Oswa: “nou tout nou fè erè”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Apendis A5.
Se kapab tou: “tandans pou nou gen anbisyon”.
Se kapab tou: “tandans pou moun gen anbisyon”.
Lit.: “nan manm nou”.
Lit.: “kontinye asasinen”. Gade 1J 3:15.
Lit.: “ki fè adiltè”.
Gade “Lespri” nan Lis mo yo esplike yo.
Gade Apendis A5.
Sa fè referans ak lwa Bondye yo an jeneral.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Oswa: “pinga youn bougonnen; pinga youn plenyen”. Lit.: “pinga nou youn fè soupi”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “kòm moun ki beni”.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Se kapab tou: “moun ki fatige a”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “sove nanm moun”.