BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt 1 Pyè 1:1-5:14
  • 1 Pyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1 Pyè
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Pyè

PREMYE LÈT PYÈ TE EKRI A

1 Mwen menm, Pyè, yon apot+ Jezi Kris, m ap ekri moun ki depasaj yo, ki gaye nan Pon, nan Galasi, nan Kapadòs+, ann Azi* ak nan Bitini, wi, moun Bondye chwazi 2 selon konesans Bondye, Papa a+, genyen davans, moun lespri a fè vin sen+, pou yo ka vin obeyisan e pou yo ka wouze ak san Jezi Kris+:

Mwen swete pou favè san parèy ak lapè ogmante lakay nou.

3 Louwanj pou Sila a ki Bondye Seyè nou an, Jezi Kris, e ki Papa li, paske, selon mizèrikòd li ki gran, li fè nou fèt yon lòt fwa ankò+ pou nou vin gen yon esperans ki vivan+, grasa rezirèksyon Jezi Kris pami mò yo+, 4 e pou nou vin gen yon eritaj ki pa ka ni gate, ni sal, ni fennen+. Eritaj sa a rezève nan syèl la pou nou+, 5 nou menm pisans Bondye pwoteje grasa lafwa, pou nou ka delivre. Delivrans sa a pral parèt aklè nan dènye peryòd tan an. 6 Sa fè nou kontan anpil, menmsi kounye a, nou oblije gen lapenn pou yon ti tan, akoz divès eprèv nou jwenn+, 7 yon fason pou lafwa nou ki pase anba eprèv+ e ki gen plis valè lontan pase lò ki fin pase anba dife, epoutan ki toujou ka peri, ka bay louwanj, glwa ak onè kòm rezilta lè Jezi Kris ap parèt+. 8 Byenke nou pa janm wè l, nou renmen l. Byenke nou pa wè l kounye a, nou demontre nou gen lafwa nan li, e nou rejwi anpil ak yon jwa moun pa ka esplike e ki estrawòdinè, 9 piske nou jwenn rezilta lafwa nou: delivrans nou*+.

10 Konsènan delivrans sa a, pwofèt ki te bay pwofesi sou favè san parèy ki rezève pou nou an te fouye anpil e yo te fè bonjan rechèch sou sa+. 11 Yo pa t sispann chèche konnen ki sa k t ap rive e nan ki epòk bagay lespri sen ki nan yo a te fè yo konnen konsènan Kris la t ap fèt+, paske lespri sen te ba yo temwayaj davans konsènan soufrans Kris yo+ ak glwa li t ap vin genyen annapre. 12 Bondye te fè pwofèt yo konnen pwofesi yo t ap bay yo se pa t pou yo, men se te pou nou. E kounye a, moun ki anonse nou bon nouvèl la fè nou konnen bagay sa yo. Yo te fè sa grasa èd lespri sen ki soti nan syèl la+. Bagay sa yo enterese zanj yo anpil.

13 Kidonk, prepare lespri nou pou nou aji+. Rete nan bonsans nou nèt+. Mete espwa nou nan favè san parèy la, favè yo pral fè nou jwenn nan moman Jezi Kris pral fè konnen kiyès li ye a. 14 Tankou timoun ki obeyisan, sispann aji selon dezi nou te genyen anvan yo, lè nou te nan inyorans. 15 Men, se pou nou vin sen nan tout konduit nou menm jan ak Bondye ki sen an ki rele nou an+, 16 paske men sa ki ekri: “Nou dwe sen, paske mwen menm, mwen sen+.”

17 Epi, si n ap mande Papa a yon bagay, li menm ki jije san patipri+ selon sa chak moun fè, se pou nou konpòte nou avèk krent+ pandan tan n ap viv kòm moun ki depasaj nan monn nan. 18 Paske, nou konnen se pa avèk ajan ak lò, bagay ki ka depafini, yo te delivre nou*+ anba fason nou t ap viv la ki san sans nou te eritye nan men zansèt* nou yo. 19 Men, se avèk yon san ki gen anpil valè+, ki tankou san yon ti mouton ki san defo+ e ki san tach, sa vle di san Kris la+. 20 Se vre, yo te konnen l davans, anvan monn nan te fonde*+, men li te parèt nan fen tan yo, poutèt nou menm+. 21 Grasa li, nou kwè nan Bondye+, Sila a ki te resisite l sot nan lanmò+ e ki te ba l glwa a+, dekwa pou lafwa nou ak esperans nou ka nan Bondye.

22 Piske kounye a nou pirifye tèt nou* lefètke nou obeyi laverite, e sa fè nou gen yon afeksyon ki san ipokrizi pou frè yo+, se pou nou youn renmen lòt anpil ak tout kè nou+. 23 Paske, nou vin fèt yon lòt fwa ankò+. Se pa grasa yon semans ki ka gate, men se grasa yon semans* ki pa ka gate+, grasa pawòl Bondye vivan an, li menm ki la pou toutan+. 24 Paske, “tout moun tankou zèb, e tout glwa yo tankou yon flè ki nan savann. Zèb la vin sèch, epi flè a tonbe, 25 men, pawòl Jewova* rete la pou toutan+.” E “pawòl” sa a se bon nouvèl yo te anonse nou an+.

2 Se poutèt sa, rejte tout mechanste+, tout riz ak tout ipokrizi. Sispann anvye sò moun. Rejte tout kalite medizans. 2 Menm jan ak tibebe ki fèk fèt+, se pou nou gen yon gwo anvi pou lèt san melanj ki nan pawòl la, dekwa pou nou ka grandi grasa li pou delivrans lan+, 3 paske nou goute* e nou wè jan Seyè a bon.

4 Li se yon wòch vivan, yon wòch lèzòm voye jete+, se vre, men yon wòch Bondye chwazi e ki gen anpil valè pou li+. Lè nou vin jwenn li, 5 nou menm tou, antanke wòch vivan, nou se yon kay lespri Bondye ap bati*+ pou nou vin yon klas prèt ki sen, pou nou ofri sakrifis pa mwayen Jezi Kris, sakrifis lespri Bondye pouse nou fè*+ e ki akseptab nan je Bondye+. 6 Paske, men sa nou jwenn nan Ekriti a: “Gade! M ap poze yon wòch nan Siyon, yon wòch mwen chwazi, yon wòch ki nan kwen fondasyon an e ki gen anpil valè. Pa gen moun ki demontre yo gen lafwa nan li k ap janm pran desepsyon*+.”

7 Donk, se pou nou menm li gen anpil valè, paske nou kwè. Men, pou moun ki pa kwè yo, “wòch moun k ap bati yo te jete a+, se li menm ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an*+”, 8 “yon wòch k ap fè moun bite, yon mas wòch k ap fè moun tonbe+”. Moun sa yo ap bite paske yo dezobeyi pawòl la. Se pou sa menm yo te la. 9 Men nou menm, nou se “yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen+, yon pèp ki vin yon byen espesyal+, dekwa pou nou fè konnen kalite estrawòdinè*+” Sila a ki te rele nou sot nan fènwa a pou nou vin nan bèl limyè l la+. 10 Paske, te gen yon lè nou pa t yon pèp, men kounye a, nou se pèp Bondye+. Te gen yon lè yo pa t fè nou mizèrikòd, men kounye a, yo fè nou mizèrikòd+.

11 Byenneme, m ap mande nou, antanke etranje e antanke moun ki depasaj+, pou nou kontinye evite dezi lachè yo+ k ap fè lagè ak nou*+. 12 Se pou nou toujou gen bon konduit pami nasyon yo+. Konsa, lè y ap akize nou pou di nou se moun k ap fè sa ki mal, y ap wè bèl aksyon nou fè ak je yo+, e konsa, y ap ka bay Bondye glwa nan jou enspeksyon l lan.

13 Poutèt Seyè a, soumèt nou devan tout otorite* lèzòm etabli+: kit se devan yon wa+ antanke siperyè, 14 kit se devan gouvènè yo antanke moun li voye pou yo pini moun k ap fè sa ki mal, men tou, pou yo fè lwanj pou moun k ap fè sa ki byen+. 15 Paske, volonte Bondye se pou nou fè sa ki byen, dekwa pou nou ka fè moun ki derezonab k ap pale sa yo pa konnen yo fèmen* bouch yo+. 16 Se pou nou tankou moun ki lib+. Men, pa pran libète nou genyen an pou fè l sèvi kouvèti* pou nou fè sa ki mal+, men, sèvi avè l antanke esklav Bondye+. 17 Onore tout kalite moun+, renmen tout frè nou yo+, gen lakrentif pou Bondye+, onore wa a+.

18 Se pou moun k ap travay kay moun yo soumèt devan mèt yo avèk tout lakrentif yo dwe yo+. Se pou yo soumèt nonsèlman devan mèt ki bon e ki rezonab yo, men tou, se pou yo soumèt devan mèt ki difisil yo. 19 Paske, se yon bèl bagay lè yon moun andire tribilasyon* e li soufri san l pa merite sa, poutèt konsyans li devan Bondye+. 20 Paske, ki valè sa genyen si yo bat nou poutèt yon peche nou fè, epi nou andire+? Men, si nou andire lè n ap soufri poutèt nou fè sa ki byen, se yon bagay ki fè Bondye plezi+.

21 Anfèt, se nan chemen sa a yo te rele nou, paske Kris li menm te soufri pou nou+, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye+. 22 Li pa t fè peche+, e yo pa t jwenn twonpri nan bouch li+. 23 Lè yo te joure l+, li pa t joure tou+. Lè li t ap soufri+, li pa t fè menas, men, li te remèt tèt li nan men Sila a ki jije+ avèk jistis la. 24 Li te pote peche nou yo+ nan pwòp kò li sou poto a*+, yon fason pou nou mouri anrapò ak* peche, e pou nou viv pou sa ki jis. E “grasa blese li yo, nou geri+”. 25 Paske, nou te tankou mouton ki pèdi wout yo+, men kounye a, nou retounen vin jwenn bèje+ k ap veye nanm* nou an.

3 Menm jan an tou, nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou+, konsa, si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl grasa konduit nou+, 2 paske yo temwen ak je yo nou gen yon konduit ki pwòp+ e nou gen yon gwo respè. 3 Abiman nou, se pa dwe sa ki parèt pa deyò a, tankou trese cheve, met bijou annò+ oubyen met rad ki chè, 4 men, se ta dwe moun nou ye nan fon kè nou an ki abiye ak yon rad ki pa ka blaze, anpalan de yon lespri ki dou+ e ki pezib, sa ki gen anpil valè nan je Bondye. 5 Paske, lontan, se konsa medam ki sen ki te mete esperans yo nan Bondye yo te konn abiye tou. Yo te soumèt devan mari yo, 6 menm jan ak Sara ki te konn obeyi Abraram, e ki te konn rele l mèt+. E nou menm, nou vin pitit li, depi nou kontinye fè sa ki byen, e depi nou pa kite laperèz anvayi nou+.

7 Menm jan an tou, nou menm mari, se pou nou kontinye viv avèk yo dapre konesans*. Se pou nou onore yo+ tankou yon veso ki pi fèb, anpalan de fi, yon fason pou priyè nou pa bloke, piske yo menm tou, yo benefisye* lavi a ansanm avèk nou+, ki se yon favè san parèy yo fè nou.

8 Pou fini, se pou nou tout gen menm panse+, se pou nou montre nou gen senpati, se pou nou gen afeksyon pou frè yo, se pou nou gen kè sansib+ ak imilite+. 9 Pa rann mal pou mal+, pa joure moun poutèt yo joure nou+. Men okontrè, se pou nou pale avèk konsiderasyon*+, paske se nan chemen sa a yo te rele nou pou nou mache, dekwa pou nou ka jwenn* yon benediksyon.

10 Paske, “kèlkeswa moun ki renmen lavi e ki ta renmen viv ak kè kontan, li dwe veye pou l pa mal sèvi ak lang li+ e pou l pa bay manti ak bouch li. 11 Se pou l vire do bay sa ki mal+, e se pou l fè sa ki byen+. Se pou l chèche lapè, e se pou l fè tout sa l kapab pou l jwenn li+. 12 Paske, je Jewova* sou moun ki jis yo e zòrèy li ap koute siplikasyon yo fè+. Men, Jewova* vire do bay moun k ap fè sa ki mal+”.

13 An reyalite, ki moun k ap fè nou mechanste si nou vin chofe pou nou fè sa ki byen+? 14 Men, menmsi n ap soufri pou sa ki jis, nou mèt kontan+. Sepandan, pa pè sa k fè yo pè a*, e pa kite sa boulvèse nou+. 15 Men, se pou nou rekonèt nan kè nou Kris se Seyè e li sen. Se pou nou toujou pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an. Men, se pou nou fè sa avèk dousè+ e avèk gwo respè+.

16 Se pou konsyans nou rete klè+. Konsa, kèlkeswa bagay mal yo di sou nou, moun k ap pale nou mal yo ap vin wont+ lè yo wè bèl konduit nou genyen antanke disip Kris+. 17 Paske li pi bon pou nou soufri poutèt n ap fè sa ki byen+, si Bondye pèmèt sa, olye nou soufri poutèt n ap fè sa ki mal+. 18 Paske, menm Kris, yon moun ki jis, te mouri yon sèl fwa pou moun ki enjis+, pou l te ka delivre yo anba peche+, e pou l te ka mennen nou bay Bondye+. Yo te touye l nan lachè+, men li te jwenn lavi antanke espri+. 19 Se nan kondisyon sa a tou li t al preche espri ki nan prizon yo+, 20 espri ki te dezobeyi nan tan lontan yo, lè Bondye t ap tann avèk pasyans* nan epòk Noye a+, pandan yo t ap konstwi lach la+. Se ladan l kèk moun, sètadi uit nanm*, te rive sove nan dlo a+.

21 Sa k te pase a se yon senbòl ki koresponn ak batèm nan k ap sove nou tou kounye a grasa rezirèksyon Jezi Kris. (Batèm nan se pa yon bagay ki retire salte lachè, men se yon demann yon moun fè Bondye pou l gen yon konsyans ki klè+.) 22 Li adwat Bondye+, paske se nan syèl la li ale. E Bondye fè ni zanj, ni otorite, ni pisans soumèt devan l+.

4 Piske Kris te soufri nan lachè+, nou menm tou, se pou nou gen menm mantalite* sa a, paske yon moun ki soufri nan lachè fini ak peche+, 2 yon fason pou l pa viv pou dezi lèzòm ankò pandan rès tan l ap viv nan lachè a+, men pou l fè volonte Bondye+. 3 Paske, tan nou te pase ap fè volonte nasyon yo sifi+. Lè sa a, nou te lage kò nou nan konduit derespektan*, nan pasyon, nan bwè twòp bwason ki gen alkòl, nan banbòch, nan gagòt bwason ak nan idolatri, yon bagay ki repiyan*+. 4 Etandone nou pa kontinye kouri avèk yo nan chemen ki mennen nan menm ma labou debòch la, sa boulvèse yo, e yo pale nou mal+. 5 Men, moun sa yo pral rann kont devan sila a ki pare pou l jije ni moun ki vivan ni moun ki mouri+. 6 Anfèt, se pou rezon sa a yo te anonse moun ki mouri yo bon nouvèl la tou+, yon fason pou byenke yo jije yo anrapò ak lachè selon lèzòm, yo ka viv ann amoni ak lespri, selon Bondye.

7 Men, lafen tout bagay vin pi pre. Donk, se pou nou gen bonsans+, e se pou nou veye* pou nou pa neglije lapriyè+. 8 Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt+, paske lanmou kouvri yon pakèt peche+. 9 Se pou youn kontan akeyi lòt, san bougonnen+. 10 Se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun. Konsa, l ap sanble ak moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a, yon favè li demontre divès fason+. 11 Si yon moun ap pale, se pou l pale kòmsi se deklarasyon sakre Bondye l ap bay. Si yon moun ap sèvi, se pou l sèvi antanke moun ki depann de fòs Bondye bay+, dekwa pou Bondye ka jwenn glwa nan tout bagay+ pa mwayen Jezi Kris. Glwa ak pisans se pou li pou tout tan gen tan. Amèn.

12 Byenneme, nou pa bezwen sezi poutèt gwo eprèv n ap rankontre+ e ki vin sou nou tankou dife, kòmsi se yon bagay etranj ki rive nou. 13 Okontrè, se pou nou toujou kontan anpil+ poutèt n ap patisipe nan soufrans Kris yo+, dekwa pou nou ka nan lajwa e pou nou ka kontan anpil tou lè glwa li va parèt+. 14 Si yo pale nou mal* poutèt non Kris, nou mèt kontan+, paske lespri ki gen glwa a, wi, lespri Bondye, poze sou nou.

15 Sepandan, pinga okenn nan nou soufri paske l se asasen, oswa paske l se vòlè, oswa paske l ap fè sa ki mal, oswa paske l se moun k ap antre nan zafè lòt moun+. 16 Men, si yon moun soufri paske l se kretyen, li pa bezwen wont+. Okontrè, se pou l kontinye bay Bondye glwa dèske l pote non sa a. 17 Paske, tan ki fikse pou jijman an rive, e l ap kòmanse nan kay Bondye a+. Bon, si l kòmanse sou nou an premye+, kòman sa va fini pou moun ki pa obeyi bon nouvèl Bondye a+? 18 “Si moun ki jis la se ak difikilte l ap sove, e moun ki pa gen respè pou Bondye yo ak moun k ap fè peche yo, ki kote y ap pase+?” 19 Donk, se pou moun k ap soufri ann akò ak volonte Bondye yo kontinye remèt tèt yo* bay yon Kreyatè ki fidèl, toutpandan y ap fè sa ki byen+.

5 Se poutèt sa, men sa m ap mande* ansyen ki pami nou yo pou yo fè, paske mwen menm tou, mwen se yon ansyen menm jan avèk yo, mwen se yon moun ki temwen soufrans Kris yo, wi, yon moun ki patisipe nan glwa ki gen pou parèt la+: 2 Pran swen twoupo Bondye a+ ki sou kont nou, epi fè travay nou kòm siveyan*. Pa fè sa nan fòse, men fè sa ak tout kè nou devan Bondye+. Pa fè sa paske n ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon+, men fè sa avèk dilijans. 3 Pa fè sa tankou se domine n ap domine sou moun ki se eritaj Bondye konfye nou+, men se pou nou tounen egzanp pou twoupo a+. 4 E lè bèje an chèf la+ va parèt, n ap resevwa kouwòn ki bay laglwa a, kouwòn ki pa ka fennen an+.

5 Menm jan an tou, nou menm jèn gason, se pou nou soumèt devan ansyen yo*+. Men, se nou tout ki pou abiye* nou ak imilite nan relasyon nou youn ak lòt, paske Bondye kont moun ki gen ògèy yo, men li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la+.

6 Kidonk, se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan, yon fason pou l ka leve nou met byen wo lè moman an rive+, 7 toutpandan n ap lage tout tètchaje* nou genyen sou li+, paske li gen sousi pou nou+. 8 Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif+. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun*+. 9 Men, kenbe tèt ak li+, rete fèm nan lafwa, piske nou konnen se menm kalite soufrans lan tout frè nou yo nan monn nan ap jwenn+. 10 Men, apre nou fin soufri pou yon ti tan, Bondye ki bay favè san parèy tout jan an, e ki rele nou nan glwa etènèl li a+ ann inyon avèk Kris, ap fin fòme nou li menm, l ap fè nou vin fèm+, l ap fè nou vin djanm+, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid. 11 Se pou li pisans ye pou toutan. Amèn.

12 Mwen sèvi ak Silven*+, yon frè fidèl, dapre mwen menm, pou m ekri nou de ti mo, yon fason pou m ankouraje nou, e pou m sètifye se sa a ki vrè favè san parèy Bondye a. Kenbe fèm ladan l. 13 Dam* ki nan Babilòn nan, dam Bondye chwazi menm jan avèk nou an, ansanm ak Mak+, pitit gason m nan, voye salye nou. 14 Salye youn lòt ak yon bo ki demontre lanmou.

Nou swete pou nou tout ki ann inyon ak Kris gen lapè.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Oswa: “delivrans pou nanm nou”.

Lit.: “yo te bay ranson pou nou; yo te rachte nou”.

Oswa: “eritye nan tradisyon”.

Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.

Oswa: “pirifye nanm nou”.

Anpalan de semans ki ka donnen oswa ki ka bay fwi.

Gade Apendis A5.

Oswa: “nou fè eksperyans”.

Lit.: “nou se yon kay espirityèl”.

Lit.: “sakrifis espirityèl”.

Lit.: “pran wont”.

Lit.: “ki vin tounen tèt kwen an”.

Lit.: “fè konnen bèl kalite”. Anpalan de kalite ak aksyon ki merite louwanj.

Oswa: “ak nanm nan”.

Oswa: “tout òganizasyon”.

Lit.: “moun k ap pale sa yo pa konnen yo met baboukèt nan”.

Oswa: “sèvi eskiz”.

Oswa: “andire anba tristès; andire anba lapenn”.

Oswa: “sou bwa a”.

Oswa: “pou nou fini ak”.

Oswa: “k ap veye lavi”.

Oswa: “kontinye montre nou gen konsiderasyon pou yo; kontinye konprann yo”.

Lit.: “eritye”.

Lit.: “se pou nou bay benediksyon”.

Lit.: “eritye”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Se kapab tou: “pa pè menas y ap fè yo”.

Lit.: “lè pasyans Bondye t ap tann”.

Oswa: “sètadi uit moun”.

Oswa: “se pou nou gen menm detèminasyon”.

Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont.” Se fòm pliryèl mo grèk aseljeya yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “yon bagay ki kont lalwa”.

Oswa: “se pou nou vijilan”.

Oswa: “Si yo joure nou”.

Oswa: “kontinye konfye nanm yo”.

Oswa: “men sa m ap egzòte”.

Oswa: “epi, byen veye sou li”.

Oswa: “se pou nou soumèt devan gason ki granmoun yo”.

Oswa: “se nou tout ki pou mare senti”.

Oswa: “tout sousi; tout enkyetid”.

Oswa: “l ap chèche yon moun pou l devore”.

Yo rele l Silas tou.

Mo “dam” nan kapab fè referans ak yon kongregasyon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje