DEZYÈM LÈT PYÈ TE EKRI A
1 Mwen menm, Simon Pyè, yon esklav Jezi Kris, yon apot li, m ap ekri moun ki vin gen lafwa yo, yon lafwa ki gen anpil valè menm jan ak lafwa pa nou*, grasa jistis Bondye nou an ak Sovè a Jezi Kris:
2 Mwen swete pou nou vin gen plis favè san parèy ak lapè grasa yon konesans egzak+ sou Bondye e sou Jezi, Seyè nou an, 3 paske pisans li ki soti nan Bondye pèmèt nou jwenn tout bagay* ki kapab ede nou viv ak atachman pou Bondye, grasa konesans egzak sou Sila a ki sèvi ak glwa li ak bonte* li genyen pou l rele nou+. 4 Grasa bagay sa yo, li fè nou* yon seri gwo pwomès ki gen anpil valè+, dekwa pou nou kapab vin patisipe nan glwa Bondye antanke espri+. E li fè nou pwomès sa yo paske nou chape anba koripsyon ki gen nan monn nan, koripsyon move dezi lakòz.
5 Pou rezon sa a menm, fè bonjan efò+ pou nou mete bonte* sou lafwa nou+, sou bonte nou, mete konesans+, 6 sou konesans nou, mete metriz+, sou metriz nou, mete andirans, sou andirans nou, mete atachman pou Bondye+, 7 sou atachman nou gen pou Bondye, mete afeksyon pou frè yo, epi sou afeksyon nou gen pou frè yo, mete lanmou+. 8 Paske, si bagay sa yo egziste nan nou an kantite, y ap anpeche nou rete san nou pap fè anyen oswa san nou pa pwodui anyen+, anrapò ak konesans egzak sou Jezi Kris, Seyè nou an.
9 Men, yon moun ki pa gen bagay sa yo se yon moun ki avèg ki fèmen je l pou l pa wè limyè a*+, e ki vin bliye yo te pirifye l pou peche li te konn fè+ lontan yo. 10 Se pou rezon sa a, frè m yo, se pou nou fè plis efò toujou pou nou asire ni apèl nou+ ni chwazi yo chwazi nou an. Paske, si nou kontinye fè bagay sa yo, nou pa gendwa janm echwe+. 11 Anfèt, se konsa y ap fè nou antre avèk glwa nan Wayòm Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris+, yon Wayòm k ap la pou toutan+.
12 Pou rezon sa a, mwen toujou vle fè nou sonje bagay sa yo, kwak nou konnen yo, e kwak nou byen chita nan laverite ki nan nou an. 13 Men, mwen wè li bon pou m fè nou sonje bagay sa yo, toutotan mwen nan kò lachè* sa a+, pou m ka reveye nou+, 14 piske m konnen moman pou m depoze kò lachè mwen genyen an prèske rive, jan Jezi Kris, Seyè nou an, te fè m konn sa tou+. 15 M ap toujou fè tout sa m kapab, dekwa pou nou kapab sonje* bagay sa yo poukont nou apre m fin ale.
16 Se pa lejann moun envante avèk ladrès nou te suiv pou n te fè nou konnen pisans Jezi Kris, Seyè nou an, ansanm ak prezans li, non, men okontrè, nou te vin tounen temwen ki wè ak je nou jan li gran+. 17 Paske, li te resevwa onè ak glwa nan men Bondye, Papa a, Sila a ki gen kokenn glwa a, lè Bondye te fè l tande pawòl* ki di: “Se Pitit Gason m, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a+.” 18 Wi, pawòl sa yo, nou te tande yo sot nan syèl la, pandan nou te avè l sou mòn sakre a.
19 Se sa k fè, pawòl ki ekri nan pwofesi yo vin pi sèten pou nou, e nou fè byen lè nou fikse atansyon nou sou pawòl sa a tankou se sou yon lanp+ k ap klere nan yon kote ki fè nwa, nan kè nou, jiskaske l fè jou e jiskaske yon zetwal dimaten+ leve. 20 Paske toudabò nou konn sa: Pa gen okenn pwofesi nan Ekriti a ki soti nan entèpretasyon moun fè sou sa k ap pase. 21 Paske, se pa t janm volonte lòm+ ki fè vin gen pwofesi, men yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo*+.
2 Sepandan, te vin gen fo pwofèt tou pami pèp la, menm jan pral gen fo anseyan tou pami nou+. Moun sa yo ap vini anba anba ak fo ansèyman ki ka lakòz divizyon e y ap nye ata mèt ki te achte yo a+. Konsa, y ap rale yon destriksyon rapid sou tèt yo. 2 Anplis de sa, anpil moun pral suiv konduit derespektan*+ moun sa yo genyen, e akoz yo menm, moun pral pale chemen laverite a mal+. 3 Mete sou sa, nan fè ava, y ap eksplwate nou ak pawòl ki pou twonpe nou. Men, jijman ki te pwononse pou yo depi tan lontan an pap trennen+, e destriksyon k ap vin sou yo a pap dòmi+.
4 Se sèten, Bondye pa t ezite pini zanj ki te peche yo+, men, li te mete yo nan chenn* nan fènwa pwès pou l rezève yo pou jijman+ lè li te lage yo yon kote ki rele Tata*+. 5 E li pa t ezite pini yon monn nan tan lontan+, men li te fè Noye, yon moun ki t ap preche sa ki jis+, rete an vi ansanm ak sèt lòt moun+ lè l te fè yon delij vini sou yon monn kote moun yo pa t gen respè pou Bondye+. 6 Epi, li te kondane vil Sodòm ak vil Gomò+ lè l te fè yo tounen sann, e konsa, li bay moun ki pa gen respè pou Bondye yo yon egzanp sou bagay ki gen pou vini+. 7 Li te delivre Lòt, yon moun ki jis+, ki te boulvèse anpil poutèt moun ki pa t respekte lalwa te lage kò yo nan konduit derespektan*, 8 paske moun jis sa a, akoz sa l te wè ak sa l te tande jou apre jou lè l t ap viv nan mitan moun sa yo, te konn santi nanm* li toumante poutèt move aksyon moun yo t ap fè. 9 Kidonk, sa montre Jewova* konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv+, men, li konnen ki jan pou l rezève moun ki enjis yo pou jou jijman an pou l detwi* yo+, 10 sitou moun k ap kouri dèyè plezi lachè pou yo sal lòt moun+ e k ap meprize moun ki gen otorite sou yo*+.
Moun sa yo odasye epi tèt yo di, yo pa pè pale lèd devan moun ki onorab yo, 11 alòske zanj yo, byenke yo gen plis fòs ak plis pisans, yo pa di pawòl derespektan pou yo akize yo, e yo pa fè sa, paske yo montre respè pou* Jewova*+. 12 Men, menm jan ak zannimo yo ki pa ka rezone, k ap aji dapre ensten yo, ki fèt* pou moun kenbe e pou yo touye, mesye sa yo ap denigre bagay yo pa konnen+. Yo pral sibi destriksyon e se chemen yo ladan l lan menm k ap mennen yo nan destriksyon. 13 Kòm pinisyon, y ap soufri pou mal yo fè.
Pou yo menm, sa k fè yo kontan se lage kò yo nan plezi+, e yo fè sa menm lajounen. Moun sa yo tankou tach ki sou rad e yo tankou mak ki nan figi moun. Yo pran plezi yo pou yo twonpe moun ak ansèyman y ap bay, toutpandan y ap fete ansanm ak nou+. 14 Je yo plen ak adiltè+, yo pa ka sispann fè peche e y ap sedui moun* ki fèb yo. Kè yo byen antrene nan fè ava. Yo se moun ki gen madichon. 15 Yo abandone chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo. Yo suiv chemen Balaam+, pitit Beyò a, ki te renmen rekonpans li t ap jwenn pou yon move aksyon+. 16 Men, li te resevwa yon reprimann poutèt li pa t respekte sa ki jis+. Yon bèt ki konn pot chay, ki pa menm konn pale, te pale ak vwa moun, konsa li te anpeche pwofèt la fè yon aksyon moun fou+.
17 Yo se sous ki san dlo, yo se vapè yon gwo van tanpèt ap pote ale, e se yon fènwa pwès ki rezève pou yo+. 18 Y ap fè grandizè, y ap di pawòl ki pa gen sans, e yo sèvi ak dezi lachè+ ak konduit derespektan* pou yo sedui moun ki fèk chape anba moun k ap viv nan erè+. 19 Y ap pwomèt moun yo libète, alòske yo menm yo se esklav koripsyon+. Paske, si yon moun pot laviktwa sou yon lòt moun, lòt moun nan vin esklav li*+. 20 Annefè, si apre yo fin chape anba salte monn nan+, grasa yon konesans egzak sou Seyè a ak Sovè a, Jezi Kris, y al lage kò yo nan bagay sa yo ankò e yo kite bagay sa yo pot laviktwa sou yo, sitiyasyon yo vin twouve yo a pi mal pou yo pase premye a+. 21 Li t ap pi bon pou yo si yo pa t byen konnen chemen jistis la pase pou yo fin konnen l, apre sa pou yo vire do bay kòmandman sakre yo te resevwa a+. 22 Sa ki rive yo a ann amoni ak verite ki nan pwovèb la ki di: “Chen an retounen nan pwòp vomisman l, epi kochon ki fin benyen an retounen al woule nan labou+.”
3 Byenneme, sa fè dezyèm lèt m ap ekri nou. E nan lèt sa a, tankou m te fè nan premye lèt mwen an, m ap fè nou sonje kèk bagay pou m ka reveye kapasite nou genyen pou nou byen reflechi+, 2 dekwa pou nou ka sonje pawòl pwofèt ki sen yo te deja di*, e pou nou ka sonje kòmandman Seyè a, Sovè a, kòmandman apot nou yo te transmèt la. 3 Toudabò, se pou nou konnen sa: nan dènye jou yo, ap gen moun k ap pase nou nan rizib, y ap aji selon dezi pa yo+, 4 e y ap di: “Kote prezans li a li te pwomèt la+? Anfèt, depi jou zansèt nou yo kòmanse dòmi nan lanmò, tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi nan kòmansman kreyasyon an+.”
5 Paske, men yon bagay yo chwazi pou yo pa konnen: Depi nan tan lontan, te gen yon syèl e te gen yon tè byen fèm ki te soti anba dlo e ki te nan mitan dlo grasa pawòl Bondye+. 6 Pa mwayen bagay sa yo, monn nan epòk sa a te detwi lè l te kouvri anba dlo+. 7 Men, grasa menm pawòl la, syèl ak tè ki la kounye a, yo mete yo la pou dife e yo kenbe yo pou jis jou jijman ak destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo rive+.
8 Men, byenneme, gen yon bagay pou nou pa bliye: Yon jou pou Jewova* se tankou 1 000 an e 1 000 an se tankou yon jou+. 9 Jewova* pa dousman anrapò ak pwomès li fè+, jan kèk moun konprann li dousman an, men li pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti+. 10 Sepandan, jou Jewova* a+ ap vini tankou yon vòlè+. Nan jou sa a, syèl la pral disparèt+ ak yon bri ki tankou yon kout souflèt*, men, bagay ki konpoze syèl la ak tè a ap vin cho anpil e yo pral fonn, e tè a ansanm ak aksyon ki fèt ladan l yo pral parèt aklè+.
11 Piske tout bagay sa yo gen pou yo fonn konsa, reflechi sou jan de moun nou dwe ye: Nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye, 12 pandan n ap tann jou* Jewova* a+ e pandan nou toujou kenbe l nan lespri nou*. Pandan jou sa a, syèl la ap detwi+ nan dife, epi bagay ki konpoze syèl la ak tè a ap vin cho anpil e yo pral fonn tou. 13 Men, selon pwomès Bondye fè, n ap tann yon syèl tounèf ak yon tè tounèf+, e ladan yo jistis ap abite+.
14 Se poutèt sa, byenneme, piske n ap tann bagay sa yo, fè tout sa nou kapab pou alafen li ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè+. 15 Anplis de sa, konsidere pasyans Seyè nou an tankou yon delivrans, menm jan Pòl, frè byenneme nou an, dapre sajès yo te ba li, te ekri nou sa tou+, 16 kote li pale sou bagay sa yo, menm jan li fè sa nan tout lèt li yo tou. Sepandan, gen kèk nan bagay sa yo ki difisil pou moun konprann, bagay moun ki inyoran* yo ak moun ki anbalan yo ap defòme, menm jan yo fè sa ak rès Ekriti yo tou, pou pwòp destriksyon yo.
17 Kidonk, nou menm byenneme, piske nou konn sa davans, veye pou nou pa kite erè moun sa yo ki pa respekte lalwa pote nou ale ansanm avèk yo epi fè nou pa rete fèm nan bon chemen an+. 18 Non, men kontinye grandi nan favè san parèy la ak nan konesans Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris. Se pou li glwa ye depi kounye a e pou tout tan gen tan. Amèn.
Oswa: “yon lafwa ki gen menm privilèj ak lafwa pa nou”.
Oswa: “pisans li ki soti nan Bondye ban nou tout bagay gratis”.
Oswa: “bèl kalite”.
Oswa: “li ban nou gratis”.
Oswa: “bèl kalite; bon konpòtman”.
Se kapab tou: “ki avèg, ki pa wè klè”.
Lit.: “mwen nan tabènak”.
Oswa: “pou nou kapab pale”.
Lit.: “pawòl ki tankou yon vwa”.
Lit.: “t ap pote yo”.
Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont”. Se fòm pliryèl mo grèk aseljeya yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.
Se kapab tou: “nan twou”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont”. Mo grèk la se aseljeya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Apendis A5.
Lit.: “elimine”.
Oswa: “meprize mèt ki sou tèt yo”.
Oswa: “devan”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “ki fèt nòmalman”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “konduit ki montre yon moun pa konn wont.” Se fòm pliryèl mo grèk aseljeya yo itilize la a. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “si yon bagay pot laviktwa sou yon moun, moun nan vin esklav bagay la”.
Oswa: “sonje bagay pwofèt ki sen yo te anonse”.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Gade Apendis A5.
Oswa: “yon bri ki fèt byen vit”.
Lit.: “pandan n ap tann prezans jou”.
Gade Apendis A5.
Oswa: “e pandan nou gen gwo anvi pou l vini”. Lit.: “pandan nou akselere l”.
Oswa: “moun ki pap aprann”.