BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt 1 Jan 1:1-5:21
  • 1 Jan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1 Jan
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Jan

PREMYE LÈT JAN TE EKRI A

1 Anrapò ak pawòl lavi a, li menm ki te la depi okòmansman an, li menm nou te tande a, li menm nou te wè ak je nou an, li menm nou te pran san nou pou nou byen gade a, li menm nou te manyen an+ 2 (wi, lavi a te parèt aklè, e nou wè lavi ki pap janm fini an, n ap bay temwayaj sou li+ e n ap fè nou konnen l, lavi ki pap janm fini+ ki soti nan Papa a e ki te parèt aklè pou nou an), 3 li menm nou te wè e nou te tande a, n ap fè nou konnen l tou+, yon fason pou nou menm tou nou ka ini avèk nou menm jan nou ini ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezi Kris+. 4 Se sa k fè, n ap ekri bagay sa yo pou nou ka gen yon lajwa ki total.

5 Men mesaj nou te tande l bay, e n ap anonse nou li: Bondye se limyè+ e pa gen fènwa ditou nan li*. 6 Si nou deklare: “Nou ini avèk li”, epoutan nou kontinye ap mache nan fènwa, nou nan manti e nou pap pratike laverite+. 7 Sepandan, si n ap mache nan limyè menm jan li menm li nan limyè, nou ini youn ak lòt, e san Jezi, Pitit li a, pirifye nou anba tout peche+.

8 Si nou deklare: “Nou san peche”, se tèt nou n ap twonpe+, e laverite pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, l ap padone nou, e l ap pirifye nou anba tout enjistis, paske li fidèl e li jis+. 10 Si nou deklare: “Nou pa fè peche”, nou fè l pase pou yon mantè, e pawòl li a pa nan nou.

2 Timoun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou ka pa fè peche. Men, si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd* bò kot Papa a, se Jezi Kris+, yon moun ki jis+. 2 Li se yon sakrifis pou peche nou+, yon sakrifis ki rekonsilye nou ak Bondye*+, e se pa pou peche pa nou sèlman, men se pou peche lemonnantye tou+. 3 E men kòman n ap wè si nou konnen l: se si nou kontinye obeyi kòmandman l yo. 4 Yon moun ki di: “Mwen konnen l”, epoutan li pa obeyi kòmandman l yo, moun sa a se yon mantè, e laverite pa nan li. 5 Men, si yon moun obeyi pawòl li, lanmou pou Bondye vin konplè nan moun sa a toutbonvre+. Konsa, nou konnen nou ann inyon avèk li+. 6 Si yon moun di li ret ann inyon avèk li, moun sa a gen obligasyon pou l kontinye mache jan Jezi te mache a+.

7 Byenneme, m ap ekri nou yon kòmandman ki pa nouvo, se yon ansyen kòmandman, yon kòmandman nou te genyen depi okòmansman+. Ansyen kòmandman sa a se pawòl nou te tande a. 8 Epoutan, m ap ekri nou yon kòmandman ki nouvo, yon kòmandman ni li menm ni nou menm te suiv, paske fènwa a ap pase e vrè limyè a deja ap klere+.

9 Yon moun ki di li nan limyè epoutan li rayi frè l+, se yon moun ki nan fènwa toujou+. 10 Yon moun ki renmen frè l, se yon moun ki rete nan limyè+, e nan ka pa l, pa gen anyen ki ka fè l bite. 11 Men, yon moun ki rayi frè l, se yon moun ki nan fènwa, e l ap mache nan fènwa+. Li pa konn kote l prale+, paske fènwa a bouche je l.

12 Timoun mwen yo, m ap ekri nou paske peche nou yo jwenn padon poutèt non li+. 13 Papa m yo, m ap ekri nou paske nou vin konnen l, li menm ki la depi okòmansman an. Jèn yo, m ap ekri nou paske nou pot laviktwa sou Mechan an+. Timoun mwen yo, m ap ekri nou paske nou vin konnen Papa a+. 14 Papa m yo, m ap ekri nou paske nou vin konnen l, li menm ki la depi okòmansman an. Jèn yo, m ap ekri nou paske nou djanm+, pawòl Bondye a rete nan nou+ e nou pot laviktwa sou Mechan an+.

15 Pa renmen monn nan, ni bagay ki nan monn nan+. Si yon moun renmen monn nan, lanmou pou Papa a pa nan li+. 16 Paske tout sa ki nan monn nan, tankou dezi lachè+, dezi je+ ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv*, pa soti nan Papa a, men yo soti nan monn nan. 17 Anplis de sa, se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen+ ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan+.

18 Timoun mwen yo, se nan dènye èdtan an nou ye, e kòm nou te tande antikris* la ap vini+, ebyen depi kounye a gen anpil antikris ki parèt+. Se sa k fè nou konnen se nan dènye èdtan an nou ye. 19 Yo soti nan mitan nou, men yo pa t menm jan avèk nou*+. Paske si yo te menm jan avèk nou, yo t ap rete ansanm avèk nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè se pa tout moun ki menm jan avèk nou+. 20 E nou gen yon onksyon* ki soti nan Bondye ki sen an+. Nou tout gen konesans. 21 Se pa paske nou pa konnen laverite+ ki fè m ap ekri nou, men se paske nou konnen l, e se paske okenn manti pa soti nan laverite+.

22 Kiyès ki mantè a, si se pa moun ki nye se Jezi ki Kris la+? Men antikris la+: se moun ki nye Papa a ak Pitit la. 23 Tout moun ki nye Pitit la pa ann inyon ak Papa a nonplis+. Moun ki rekonèt Pitit la+, li ann inyon ak Papa a tou+. 24 Kanta pou nou menm, se pou sa nou te tande depi okòmansman an rete nan nou+. Si sa nou te tande depi okòmansman an rete nan nou, nou menm tou, n ap rete ann inyon ak Pitit la e n ap rete ann inyon ak Papa a. 25 Anplis de sa, sa li menm li te pwomèt nou an se lavi ki pap janm fini an+.

26 M ap ekri nou bagay sa yo konsènan moun k ap eseye twonpe nou yo. 27 E kanta pou nou menm, onksyon nou te resevwa nan men l +lan rete nan nou, e nou pa bezwen pèsonn anseye nou. Men, onksyon sa a anseye nou sou tout bagay+, e li se laverite, li pa yon manti. Menm jan li anseye nou an, se pou nou rete ann inyon ak sila a ki te bay li a+. 28 Donk, kounye a, timoun, rete ann inyon avèk li, pou nou ka alèz pou nou pale+ e pou nou pa rete lwen l tou wont lè l parèt aklè pandan prezans li a. 29 Si nou konnen li jis, nou konnen tou tout moun k ap pratike sa ki jis se pitit li+.

3 Gade ki kalite lanmou Papa a montre l gen pou nou+, pou yo rive rele nou pitit Bondye+. E se sa nou ye. Se sa k fè monn nan pa konnen nou+, paske li pa rive konnen l+. 2 Byenneme, kounye a nou se pitit Bondye+, men sa n ap ye a poko parèt aklè+. Men nou konnen lè sila a ap parèt aklè, n ap vin tankou l, paske n ap wè l jan l ye a. 3 E tout moun ki gen esperans sa a nan li pirifye tèt yo+, menm jan li menm li pwòp la.

4 Yon moun k ap pratike peche, se bagay lalwa kondane l ap pratike tou. Kidonk, peche se bagay lalwa kondane. 5 Epitou, nou konnen Jezi te parèt aklè pou l retire peche nou+, e pa gen peche nan li. 6 Tout moun ki rete ann inyon avèk li pa pratike peche+. Pa gen moun k ap pratike peche ki wè l ni ki rive konnen l. 7 Timoun, pa kite pèsonn twonpe nou. Yon moun k ap pratike sa ki jis se yon moun ki jis, menm jan Jezi se yon moun ki jis. 8 Yon moun k ap pratike peche, se nan Dyab la li soti, paske Dyab la ap peche depi okòmansman*+. Men pou ki sa Pitit Bondye a te parèt aklè: pou l kraze* travay Dyab la+.

9 Yon moun ki pitit Bondye pa pratike peche+, paske semans* Bondye a rete nan li, e li pa ka pratike peche, paske li se pitit Bondye+. 10 Men ki jan w ka rekonèt pitit Bondye yo ak pitit Dyab la: Yon moun ki pa pratike sa ki jis pa soti nan Bondye, ni moun ki pa renmen frè l+. 11 Paske, men mesaj nou te tande depi okòmansman an: Se pou nou youn renmen lòt+. 12 Se pa menm jan ak Kayen ki te soti nan Mechan an e ki te touye frè l la+. E poukisa l te touye l? Paske aksyon l yo se te move aksyon+, alòske pa frè l yo te jis+.

13 Pa sezi, frè m yo, poutèt monn nan rayi nou+. 14 Nou konnen nou soti anba lanmò, men kounye a nou vin gen lavi+, paske nou renmen frè yo+. Moun ki pa gen lanmou rete nan lanmò+. 15 Yon moun ki rayi frè l se yon asasen*+, e nou konnen okenn asasen pa gen lavi ki pap janm fini an nan li+. 16 Se konsa nou vin konnen lanmou, paske Jezi te bay lavi l* pou nou+, e nou gen obligasyon pou nou bay lavi nou* pou frè nou yo+. 17 Men, yon moun ki gen mwayen nan monn sa a, ki wè frè l nan nesesite, epi malgre sa li refize montre li gen pitye pou li, ki jan nou ka di moun sa a gen lanmou pou Bondye+? 18 Timoun, youn pa dwe renmen lòt nan bouch+, ni ak bèl pawòl, men se pou nou aji+ avèk senserite pou nou montre sa+.

19 Se konsa n ap konnen se pou laverite nou ye, e n ap bay kè nou asirans* devan Bondye 20 konsènan nenpòt bagay kè nou ta kondane nou pou li, paske Bondye pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay+. 21 Byenneme, si kè nou pa kondane nou, nou alèz pou n pale ak Bondye+. 22 E kèlkeswa sa nou mande, nou resevwa l nan men l+, paske nou obeyi kòmandman l yo e nou fè sa ki fè l plezi. 23 Wi, men kòmandman li bay: Se pou nou gen lafwa nan non Jezi Kris, Pitit li a+, e se pou nou youn renmen lòt+, jan l te kòmande nou an. 24 Anplis de sa, yon moun ki obeyi kòmandman l yo rete ann inyon avèk li, e li menm li rete ann inyon avèk moun sa a+. Nou konnen li rete ann inyon avèk nou grasa lespri li ban nou an+.

4 Byenneme, pa kwè nan tout mesaj ki sanble soti nan Bondye*+, men verifye mesaj yo* pou nou wè si yo soti nan Bondye toutbonvre+, paske gen anpil fo pwofèt ki lage nan monn nan+.

2 Men ki jan n ap konnen mesaj ki soti nan Bondye a: Yon mesaj ki fè konnen Jezi Kris te vini nan lachè, se yon mesaj ki soti nan Bondye+. 3 Men, yon mesaj ki pa fè konnen Jezi te vini nan lachè, se pa yon mesaj ki soti nan Bondye+. Anplis, se sa ki mesaj antikris* la, mesaj nou te tande ki t ap vini an+, e kounye a ki deja nan monn nan+.

4 Timoun, nou soti nan Bondye, e nou pot laviktwa sou yo+, paske Sila a ki ann inyon avèk nou an+ pi gran pase sila a ki ann inyon avèk monn nan+. 5 Yo soti nan monn nan+, se sa k fè yo di sa ki soti nan monn nan, e monn nan koute yo+. 6 Nou menm nou soti nan Bondye. Moun ki konnen Bondye koute nou+. Moun ki pa soti nan Bondye pa koute nou+. Se fason sa a nou rekonèt mesaj ki verite ak mesaj ki manti+.

7 Byenneme, annou kontinye gen lanmou youn pou lòt+, paske se nan Bondye lanmou soti, e tout moun ki gen lanmou se pitit Bondye, e yo konnen Bondye+. 8 Yon moun ki pa gen lanmou pa rive konn Bondye, paske Bondye se lanmou+. 9 Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a+ nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li+. 10 Nan ka sa a, men sa lanmou an ye: se pa nou menm ki te renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou e ki te voye Pitit li a kòm yon sakrifis pou peche nou+, yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li*+.

11 Byenneme, si se konsa Bondye renmen nou, ebyen nou menm tou, nou gen obligasyon pou youn renmen lòt+. 12 Pèsonn pa janm wè Bondye+. Si nou kontinye gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou e lanmou li konplè nan nou+. 13 Konsa, nou konnen nou rete ann inyon avèk li e li menm li rete ann inyon avèk nou, paske li ban nou lespri li. 14 Anplis de sa, men sa nou menm nou wè, e men temwayaj n ap bay: Papa a voye Pitit li a kòm sovè monn nan+. 15 Yon moun ki fè konnen Jezi se Pitit Bondye+, Bondye rete ann inyon avèk moun sa a, e li menm li rete ann inyon avèk Bondye+. 16 Epi nou vin konnen Bondye gen lanmou pou nou, e nou kwè sa+.

Bondye se lanmou+, e yon moun ki rete nan lanmou rete ann inyon avèk Bondye, e Bondye rete ann inyon avèk li+. 17 Se konsa lanmou vin konplè nan nou, dekwa pou nou ka pale avèk kran*+ nan Jou Jijman an, paske menm jan Jezi Kris ye a, se konsa nou menm nou ye nan monn sa a. 18 Pa gen laperèz nan lanmou+, men lanmou ki konplè a voye laperèz jete, paske laperèz bloke nou. An reyalite, moun k ap viv nan laperèz pa vin konplè nan lanmou+. 19 Nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye+.

20 Si yon moun di: “Mwen renmen Bondye” epoutan li rayi frè l, li se yon mantè+. Paske, yon moun ki pa renmen frè l li+ wè pa ka renmen Bondye li pa wè+. 21 E men kòmandman nou resevwa nan men l: Yon moun ki renmen Bondye dwe renmen frè l tou+.

5 Tout moun ki kwè se Jezi ki Kris la, se pitit Bondye yo ye+, e tout moun ki renmen Papa a renmen pitit li tou. 2 Men ki jan nou konnen nou renmen pitit Bondye yo+: Se lè nou renmen Bondye e nou obeyi kòmandman l yo. 3 Paske, men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo+. Epoutan, kòmandman l yo pa lou+. 4 Paske, tout moun* ki pitit Bondye pot laviktwa sou monn nan+. E men sa ki pot laviktwa sou monn nan: lafwa nou+.

5 Kiyès ki ka pot laviktwa sou monn nan+, si se pa moun ki kwè Jezi se Pitit Bondye+? 6 Se li menm, Jezi Kris, ki te vini ak dlo epi ak san. Se pa t nan dlo sèlman+, men se te nan dlo ak nan san+. E se lespri a k ap bay temwayaj+, paske lespri a se laverite. 7 Paske, gen yo twa k ap bay temwayaj: 8 lespri a+, dlo a+ ak san an+, e yo twa a dakò.

9 Si nou aksepte temwayaj lèzòm bay, temwayaj Bondye bay la pi gran. Paske, temwayaj Bondye bay la se temwayaj sou Pitit li a. 10 Yon moun ki mete lafwa li nan Pitit Bondye a resevwa temwayaj Bondye ba li a. Yon moun ki pa gen lafwa nan Bondye, se yon moun ki fè Bondye pase pou yon mantè+, paske li pa mete lafwa l nan temwayaj Bondye bay sou Pitit li a. 11 E men temwayaj Bondye bay la: li ban nou lavi ki pap janm fini an+, e lavi sa a se nan Pitit li a li ye+. 12 Moun ki ann inyon ak Pitit la gen lavi sa a. Moun ki pa ann inyon ak Pitit Bondye a pa gen lavi sa a+.

13 Nou menm ki mete lafwa nou nan non Pitit Bondye a+, mwen ekri nou bagay sa yo pou nou ka konnen nou gen lavi ki pap janm fini an+. 14 E men asirans nou gen nan Bondye*+: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou+. 15 E si nou konnen li tande nou pou kèlkeswa sa nou mande l, nou konnen n ap gen bagay nou mande yo, piske nou mande l yo+.

16 Si yon moun wè frè l fè yon peche ki pa mennen nan lanmò, li dwe priye pou li, e Bondye ap bay frè a lavi+. Sa valab pou nenpòt moun ki pa fè peche ki mennen nan lanmò a+. Gen yon peche ki mennen nan lanmò. Se pa pou peche sa a mwen di l pou l priye a. 17 Tout aksyon ki pa jis se peche+. Epoutan, gen yon peche ki pa mennen nan lanmò.

18 Nou konnen yon moun ki pitit Bondye pa pratike peche, men sila a ki Pitit Bondye a* ap veye sou li, e Mechan an pa ka fè l anyen*+. 19 Nou konnen se nan Bondye nou soti, men lemonnantye anba pouvwa Mechan an+. 20 Men, nou konnen Pitit Bondye a vini+, e li ban nou bon konprann* pou nou ka konnen Sila a ki vrè a+. E nou ann inyon ak Sila a ki vrè a pa mwayen Pitit li a, Jezi Kris. Se vrè Dye a, e se sous lavi ki pap janm fini an+. 21 Timoun, veye kò nou ak zidòl+.

Oswa: “e pa gen fènwa ann inyon avè l”.

Oswa: “nou gen yon avoka”.

Oswa: “yon sakrifis ki fè nou jwenn padon pou peche nou”.

Oswa: “ak lwanj yon moun ap fè pou sa l posede”.

Sa vle di: “sila a ki kont Kris la”.

Oswa: “yo pa t pou nou”.

Mo grèk la fè referans ak “pase luil sou” oswa “vide luil sou”.

Oswa: “depi lè l te kòmanse”.

Oswa: “pou l detwi”.

Anpalan de semans ki kapab donnen oswa ki kapab bay fwi.

Oswa: “se yon moun k ap touye moun”.

Oswa: “te bay nanm li”.

Oswa: “pou nou bay nanm nou”.

Oswa: “n ap konvenk kè nou”.

Lit.: “pa kwè tout espri”.

Lit.: “verifye espri yo”.

Sa vle di: “sila a ki kont Kris la”.

Oswa: “yon sakrifis ki fè nou jwenn padon pou peche nou”.

Oswa: “pou nou ka alèz pou n pale”.

Lit.: “tout bagay”.

Oswa: “men sa nou alèz pou n di konsènan Bondye”.

Anpalan de Jezi Kris.

Oswa: “pa ka manyen l”.

Lit.: “li ban nou kapasite entèlektyèl”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje