Entwodiksyon
Èske w ap enkyete w akoz lavi chè a k ap vale teren? Èske w oblije pase plis tan ap travay di jis pou w jwenn sa k nesesè pou w viv? Èske w vin gen mwens tan pou fanmi w? Si se ka pa w, atik ki nan nimewo Reveye n! sa a kapab ede w. Yo bay bonjan konsèy sou fason pou w amelyore kalite lavi w e pou w vin gen mwens enkyetid. Dènye atik la pale sou bèl bagay ki pral rive alavni, bagay ki ka menm konsole w depi kounye a.