BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 8
  • Men jeyan sou tè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Men jeyan sou tè a
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Zanj yo : Ki wòl yo anrapò ak nou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Zanj Bondye yo ap ede nou
    Koute gran Anseyan an
  • Kiyès oswa ki sa zanj yo ye?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 8
Yon jeyan ki pral bat yon mesye.

ISTWA 8

Men jeyan sou tè a

KI SA w t ap panse si w ta wè yon moun wotè plafon kay ou a ap mache vin sou ou ? Ou t ap di se yon jeyan, pa vre ? Ebyen, yon lè te gen jeyan sou tè a toutbonvre. Bib la montre se zanj ki sot nan syèl la ki te papa yo. Men, kòman sa te fè fèt ?

Sonje byen, move zanj ki rele Satan an se dezòd li t ap plede kreye. Ata eseye li t ap eseye kòwonp zanj Bondye yo. Avèk letan, vin gen nan zanj sa yo ki kòmanse koute Satan. Yo sispann fè travay Bondye ba yo fè nan syèl la. Yo desann sou tè a, yo pran fòm kò moun. Ou konn poukisa ?

Bib la di se paske pitit Bondye sa yo te wè gen bèl medam sou tè a e yo te vle viv ansanm avèk yo. Donk, yo desann vin sou tè a epi yo te marye avèk medam yo. Bib la di konsa se yon move bagay zanj yo te fè la a, paske se nan syèl Bondye te fè yo pou yo viv.

Lè zanj yo ak madanm yo te vin fè pitit, tibebe yo fè yo te diferan. Diferans lan pa t tèlman parèt kou yo fèk fèt. Men tank y ap grandi, se tank y ap vin men gwosè, se tank y ap pran plis fòs jiskaske yo tounen jeyan.

Yon jeyan k ap vòlè nan manje yon fanmi.

Jeyan sa yo te mechan. E kòm yo te gwonèg, yo te konn fè moun mechanste. Yo t ap eseye fòse moun pou yo vin mechan menm jan avèk yo.

Enòk te gentan mouri. Men kounye a, te gen yon mesye sou tè a ki te yon bon moun. Yo te rele l Noye. Se sa Bondye te vle l fè li te toujou fè.

Yon jou, Bondye di Noye konsa lè a rive pou Li detwi tout mechan. Men, Bondye t apral sove Noye ak fanmi l ansanm ak yon bon valè bèt. Ann al wè kòman Bondye te fè sa.

Jenèz 6:1-8 ; Jid 6.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje