SEKSYON 3
“ Lanmou Kris la genyen an oblije nou ”
Ki sa ki motive nou pou nou kontinye suiv Jezi ? Apot Pòl reponn : “ Lanmou Kris la genyen an oblije nou. ” (2 Korentyen 5:14). Nan seksyon sa a, n ap etidye lanmou Jezi genyen pou Jewova, pou limanite e pou nou chak pèsonèlman. Yon etid konsa vrèman motive nou. Kè nou touche, e nou santi nou pouse pou nou aji, pou nou fè pwogrè nan fason nou suiv egzanp Mèt nou an.