Èske w ap fè volonte Jewova?
Mèsi dèske w te pran tan pou w egzamine bwochi sa a yon fason pou w ka vin pi byen konnen Temwen Jewova yo antanke pèp, pou w aprann konnen aktivite nou e pou w wè ki jan òganizasyon an fonksyone. Nou espere sa te ede w rekonèt nou kòm moun k ap fè volonte Jewova jodi a. Nou ankouraje w kontinye aprann plis bagay sou Bondye, pale de sa w aprann yo ak rès fanmi w ansanm ak zanmi w, epi asiste reyinyon nou òganize yo regilyèman. — Ebre 10:23-25.
W ap wè plis ou aprann konnen Jewova, se plis w ap wè jan l renmen w toutbon. Konsa, w ap anvi fè tout sa w kapab pou w renmen Jewova tou (1 Jan 4:8-10, 19). Men, ki jan w ka montre w renmen Bondye nan lavi w chak jou? Poukisa sa nan avantaj ou pou w obeyi prensip moral li yo? E ki sa k ap ede w anvi fè volonte Bondye ansanm avèk nou? Moun k ap etidye Labib avè w la ap byen kontan egzamine repons kesyon sa yo avè w pou ou menm ak fanmi w ka “rete nan lanmou Bondye, [...] avèk je nou fikse sou lavi ki pap janm fini an.” — Jid 21.
Se ak tout kè nou nou ankouraje w kontinye pwogrese nan laverite lè w etidye liv “Rete nan lanmou Bondye” a.