Lis sijè yo
PATI 1 POUKISA N DWE RETOUNEN?
Nan tan biblik yo, pèp Jewova a te fè fas ak menm pwoblèm avè n. Jewova te konn lonje men ba yo pou l ede yo e l ap fè menm bagay la pou nou pou l ka kenbe pwomès li. Antanke yon bèje ki gen sousi ak lanmou, Jewova ap chèche mouton ki pèdi yo e l envite yo retounen vin jwenn li.
Pati 1 “M ap chèche mouton ki pèdi yo”
PATI 2-4 KÈK BAGAY KI KA FÈ L DIFISIL POU N RETOUNEN
Pafwa, menm adoratè fidèl yo konn jwenn kèk pwoblèm ki gen efè sou aktivite yo, tankou enkyetid, lè lòt moun blese santiman yo ak lè yo santi yo koupab. Chèche wè fason Jewova ede yo retounen vin jwenn pèp li a ak fason l ede yo rejwenn jwa yo.
Pati 2 Enkyetid — “Nou nan eto tout jan”
Pati 3 Lè yo blese santiman w — Lè n gen ‘dekwa pou n plenyen’
Pati 4 Lè w santi w koupab — “Netwaye m pou w efase peche m nan”
PATI 5 FASON POU N RETOUNEN
Analize kèk prèv ki montre Jewova vle w retounen vin jwenn li. Aprann kòman anpil kretyen te retounen vin jwenn Jewova, fason kongregasyon an te akeyi yo ak fason ansyen yo te ede yo retounen zele nan aktivite yo.