BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 9 p. 28-p. 29 par. 1
  • Sara resi fè yon pitit!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sara resi fè yon pitit!
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Bondye te rele l “Prensès”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • “Ou se yon dam ki bèl anpil”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Bondye teste lafwa Abraram
    Liv istwa biblik mwen an
  • Abraram ak Sara te obeyi Bondye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 9 p. 28-p. 29 par. 1
Sara ki anndan tant lan k ap tande zanj yo k ap pale ak Abraram.

LESON 9

Sara resi fè yon pitit!

Abraram ak Sara te gen plizyè ane depi yo marye. Yo t ap viv byen alèz lakay yo nan vil Ou. Men, yo te kite vil la pou y al viv anba tant. Aktout sa, Sara pa t plenyen paske l te gen konfyans nan Jewova.

Sara te tèlman vle gen pitit, li te di Abraram: ‘Si Aga, sèvant mwen an, gen yon pitit, se kòmsi m gen yon pitit tou.’ Rive yon lè, Aga te vin fè yon pitit gason. Li te rele Izmayèl.

Sara ansent.

Yon pakèt ane apre, lè Abraram te gen 99 an e Sara te gen 89 an, twa moun te vizite yo. Abraram te envite yo pran yon ti repo anba yon pyebwa, epi manje avè l. Èske w konn kiyès moun ki te vizite l yo te ye? Se zanj yo te ye! Yo te di Abraram: ‘Ane k ap vini an, nan menm epòk sa a, ou menm ak madanm ou ap gen yon pitit gason.’ Sara t ap koute pandan l te anndan tant lan. Li tonbe ri poukont li, epi l di tèt li: ‘Kounye a, mwen fin granmoun, èske m ap ka fè pitit vre?’

Ane apre a, pwomès zanj lan te fè Sara a te reyalize: Sara te fè yon pitit gason. Abraram te rele l Izarak ki vle di “Ri”.

Lè Izarak te prèske gen senkan, Sara te wè Izmayèl k ap pase l nan rizib. Sara te vle pwoteje pitit gason l lan, se sa k fè li t al kot Abraram e li te mande l pou l voye Aga ak Izmayèl ale. Okòmansman, Abraram pa t dakò fè sa. Men, Jewova te di Abraram: ‘Koute Sara. M ap pran swen Izmayèl, men se grasa Izarak pwomès mwen yo ap reyalize.’

Sara ki kenbe Izarak pandan Aga ak Izmayèl prale.

“Grasa lafwa Sara te genyen tou, li te resevwa pisans pou l te vin ansent [...], piske li te konsidere Sila a ki fè pwomès la fidèl.” — Ebre 11:11.

Kesyon: Ki sa Sara te tande zanj lan ap di Abraram? Ki jan Jewova te pwoteje Izarak?

Jenèz 16:1-4, 15, 16; 17:25-27; 18:1-15; 21:1-14; Ebre 11:11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje