BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 24 p. 62-p. 63 par. 2
  • Yo pa t kenbe pwomès yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo pa t kenbe pwomès yo
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Ti bèf annò a
    Liv istwa biblik mwen an
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Aprann konnen fason Jewova aji
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Yon pye pikan ki gen dife ladan l
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 24 p. 62-p. 63 par. 2
Izrayelit yo k ap chante e k ap fè wonn ti bèf annò a pandan y ap danse.

LESON 24

Yo pa t kenbe pwomès yo

Jewova te di Moyiz: ‘Monte vin jwenn mwen nan mòn nan. M ap ekri lwa m yo sou de wòch plat e m ap ba ou yo.’ Moyiz monte mòn nan e li pase 40 jou ak 40 nuit la. Pandan li sou mòn nan, Jewova ekri Dis Kòmandman yo sou de wòch plat, epi li bay Moyiz yo.

Moyiz k ap voye wòch plat yo atè.

Apre kèk tan, Izrayelit yo te panse Moyiz bliye yo. Yo di Arawon: ‘Nou bezwen yon moun pou dirije nou! Fè yon dye pou nou!’ Arawon di yo: ‘Pote lò nou genyen yo ban mwen.’ Li fonn lò a e li fè estati yon ti bèf avè l. Pèp la di: ‘Ti bèf sa a se Bondye nou an ki te fè nou soti nan peyi Ejip la.’ Yo tonbe adore ti bèf annò a e yo fè yon gwo fèt. Èske sa yo te fè a te mal? Wi, paske pèp la te pwomèt se Jewova sèlman y ap adore. Men, kounye a, yo pa respekte pwomès yo fè a.

Jewova te wè sa k pase a. Se sa k fè l te di Moyiz: ‘Desann al jwenn pèp la. Yo dezobeyi m e y ap adore yon fo dye.’ Moyiz desann mòn nan ak de wòch plat yo nan men l.

Tank Moyiz t ap pwoche pi pre kan an, se tank li t ap tande moun yo k ap chante. Epi, li wè yo k ap danse e k ap bese byen ba devan ti bèf la. Moyiz te fache anpil. Li voye de wòch plat yo atè, epi yo kraze fè miyèt moso. Menm kote a, li kraze estati a. Apre sa, li mande Arawon: ‘Ki jan w fè kite pèp la fè w fè vye bagay sa a?’ Arawon di l: ‘Pa fache. Ou konn ki jan moun sa yo ye! Yo te vle yon dye. Se sa k fè m te lage lò yo te genyen an nan dife, epi ti bèf sa a parèt.’ Arawon pa t dwe janm fè yon bagay konsa. Apre sa, Moyiz te retounen sou mòn nan, l al sipliye Jewova pou l padone pèp la.

Jewova te padone moun ki te dispoze obeyi l yo. Èske w wè jan sa te enpòtan pou Izrayelit yo te suiv Moyiz, gid yo a?

“Lè w fè Bondye yon ve, pa pran tan pou w fè sa w di a, paske li pa renmen moun ki sòt. Lè w fè yon ve, kenbe pawòl ou.” — Eklezyas 5:4.

Kesyon: Ki sa Izrayelit yo te fè pandan Moyiz pa t la a? Ki sa Moyiz te fè lè l te retounen?

Egzòd 24:12-18; 32:1-30.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje