BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 26 p. 66-p. 67 par. 1
  • Douz espyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Douz espyon
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Douz espyon yo
    Liv istwa biblik mwen an
  • Annou mete konfyans nou nan Jewova ak tout kè nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Suiv Jewova ak tout kè w
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 26 p. 66-p. 67 par. 1
Kèk Izrayelit ki ale kòm espyon nan peyi Kanaran.

LESON 26

Douz espyon

Izrayelit yo te soti bò Mòn Sinayi e yo travèse dezè Paran pou y al nan yon zòn yo rele Kadès. Lè yo rive Kadès, Jewova di Moyiz: ‘Pran 12 gason, youn nan chak tribi Izrayèl yo, voye yo kòm espyon nan peyi Kanaran, peyi mwen pral bay Izrayelit yo.’ Se konsa, Moyiz chwazi 12 gason e li di yo: ‘Ale Kanaran, gade pou n wè si peyi a se yon bon peyi ki ka fè bon jaden. Gade pou n wè si moun yo nan peyi a gen anpil fòs oubyen si yo fèb, si y ap viv anba tant oswa nan vil.’ Epi, 12 espyon yo t al nan peyi Kanaran. Nan 12 espyon yo, te gen Jozye ak Kalèb.

Izrayelit yo t ap plenyen e yo te vin dekouraje.

Apre 40 jou, espyon yo retounen e yo vini ak fig frans, grenad ak rezen. Espyon yo di: ‘Peyi a se yon bon peyi. Men, moun yo gen anpil fòs e miray vil yo wo anpil.’ Lè sa a, Kalèb di: ‘Nou ka bat yo. Ann ale kounye a!’ Èske w konn pou ki sa Kalèb te di sa? Se paske li menm ak Jozye te gen konfyans nan Jewova. Men, dis lòt espyon yo te di: ‘Non! Moun yo gwo anpil, yo tankou jeyan! Nou sanble ak krikèt bò kote yo.’

Izrayelit yo te vin dekouraje. Yo te kòmanse ap plenyen e youn t ap di lòt: ‘Ann chwazi yon nouvo chèf, epi ann tounen ann Ejip. Poukisa pou n al bay touye nou lòtbò a?’ Jozye ak Kalèb te di: ‘Pinga nou dezobeyi Jewova e pinga nou pè! Jewova ap pwoteje nou.’ Men, Izrayelit yo pa t vle koute yo. Yo te menm vle touye Jozye ak Kalèb!

Ki sa Jewova te fè? Li te di Moyiz: ‘Apre tout sa m fin fè pou Izrayelit yo, yo toujou pa vle obeyi m. Se sa k fè, yo pral pase 40 an nan dezè a e se la y ap mouri. Se sèl pitit yo ansanm ak Jozye ak Kalèb k ap antre vivan nan peyi mwen te pwomèt yo a.’

“Poukisa nou pè konsa? Ki jan nou fè manke lafwa konsa?” — Matye 8:26.

Kesyon: Ki sa k te pase lè 12 espyon yo te retounen sot Kanaran? Ki jan Jozye ak Kalèb te montre yo te fè Jewova konfyans?

Nonb 13:1–14:38; Detewonòm 1:22-33; Sòm 78:22; Ebre 3:17-19.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje