Ve
Ki bon rezon nou genyen pou n vwe lavi n bay Jewova?
Gade tou Eg 20:5
Si nou vle sèvi Bondye, ki jan nou dwe konsidere Bib la?
Sm 119:105; 1Te 2:13; 2Ti 3:16
Gade tou Jan 17:17; Eb 4:12
Ki sa nou dwe konnen konsènan mwayen Bondye itilize pou libere n anba peche a?
Ki sa sa vle di repanti pou bagay mal nou fè?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Lk 19:1-10 — Zache, yon pèseptè an chèf, te repanti pou bagay malonèt li te konn fè yo e li te remèt kòb li te pran yo.
1Ti 1:12-16 — Apot Pòl te esplike ki jan li te sispann pratike sa ki mal e li te jwenn padon grasa mizèrikòd Bondye ak Kris.
Nonsèlman nou dwe sispann fè move bagay nou te konn fè yo, men tou, ki lòt bagay nou dwe fè?
Ki prensip moral nou dwe obeyi pou n sèvi Jewova yon fason ki fè l plezi?
1Ko 6:9-11; Kl 3:5-9; 1P 1:14, 15; 4:3, 4
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
1Ko 5:1-13 — Apot Pòl te bay kongregasyon Korent lan lòd pou yo retire yon mesye ki t ap fè imoralite seksyèl nan mitan yo.
2Ti 2:16-19 — Apot Pòl te avèti Timote pou l evite pawòl aposta yo k ap gaye tankou maladi gangrenn.
Poukisa sèvitè Bondye yo pa dwe mele nan zafè politik monn sa a?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jan 6:10-15 — Apre mirak Jezi te fè pou l bay yon foul moun manje, moun yo t ap chèche l pou yo te ka mete l wa, men, Jezi te wete kò l.
Jan 18:33-36 — Jezi te esplike Wayòm li an pa gen anyen pou l wè ak bagay politik ki gen nan monn sa a.
Ki jan lespri sen ede nou sèvi Bondye?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Tr 15:28, 29 — Lespri sen te ede kolèj santral ki te nan Jerizalèm nan pran yon desizyon enpòtan anrapò ak sikonsizyon.
Ki sa nou dwe fè pou nou bay Bondye yon sèvis sakre menm jan ak Jezi Kris?
Poukisa yon kretyen ki vwe lavi l bay Bondye dwe batize?
Mt 28:19, 20; Tr 2:40, 41; 8:12; 1P 3:21
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Mt 3:13-17 — Jezi te vini pou l fè volonte Papa l e l te demontre sa lè l te batize.
Tr 8:26-39 — Yon Etyopyen ki te nan gwo pozisyon e ki te konn adore Bondye nan relijyon juif la te pare pou l batize apre l te fin tande bon nouvèl konsènan Jezi Kris.