BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w03 1/4 p. 32
  • Se pa ti kontan n ap kontan si w vini

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pa ti kontan n ap kontan si w vini
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
w03 1/4 p. 32

Se pa ti kontan n ap kontan si w vini

SA GEN 2 000 an depi Jezi te selebre Soupe Seyè a pou premye fwa. Soupe sa a pa sèlman yon evènman istorik. Annefè, depi lè Jezi te vini avèk li, li egzèse gwo enfliyans sou moun. Wi, gen anpil moun ki te sitèlman touche lè yo te li sa Evanjil yo di sou sa k te pase jou swa sa a, yo te fè tout sa yo kapab pou yo selebre Soupe Seyè a, e yo te fè sa divès fason.

Nou ka konprann sa, piske se Jezi Kris an pèsòn ki te bay disip li yo lòd pou yo selebre evènman sa a, e pou yo fè sa regilyèman. Li te di yo sa byen klè : “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. ” — Lik 22:19 ; 1 Korentyen 11:23-25.

Natirèlman, pou yon moun byen pwofite de selebrasyon sa a, fòk li byen konprann siyifikasyon li genyen dapre Bib la, Pawòl Bondye a. Anplis de sa, li enpòtan pou nou konnen sa Bib la di konsènan moman ak fason nou dwe selebre evènman sa a.

Etandone Temwen Jewova yo vle obeyi lòd Jezi te bay la, mèkredi k ap 16 avril 2003 a, nan aswè, y ap rasanble sou tout kwen tè a pou yo komemore lanmò Jezi. Se ap yon okazyon pou yo egzamine Bib la e pou yo fòtifye fwa yo nan Jezi Kris, Seyè a, e yo renmen l anpil. Se li menm ki te di : “ Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li fè a, poutèt pou nenpòt moun ki mete lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl. ” ​(Jan 3:16). Temwen Jewova yo ta renmen ou la avèk yo, jou swa sa a. Konsa, ou menm tou, w ap ranfòse fwa w nan Jezi Kris ak Papa l ki nan syèl la, Jewova Dye, e w ap vin renmen yo plis. Se pa ti kontan n ap kontan si w vini.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje