BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w06 1/12 p. 32
  • Èske yo ka “ korije ” yon jij ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske yo ka “ korije ” yon jij ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
w06 1/12 p. 32

Èske yo ka “ korije ” yon jij ?

SLADJANA, yon Temwen Jewova nan peyi Kwowasi, te gen pou l parèt devan tribinal pou yon kesyon finansye. Li te parèt alè devan jij la. Sepandan, youn nan moun ki te konsène nan afè a te anreta. Sladjana te anvi bay yon temwayaj. Donk, pandan tout moun ap tann, li ranmase kouraj li pou l pale ak jij la.

Li di l : “ Mesye, èske w konnen talè konsa pap gen ni jij ni tribinal ankò sou tè a ? ” Natirèlman, li te vle pale de jij jan sa ye jodi a.

Jij la sezi e li sèlman gade l li pa di yon mo. Tousuit apre, jijman an vin kòmanse. Lè yo fini, Sladjana kanpe pou l siyen yon dokiman, epi jij la panche li mande l tou ba : “ Èske w sèten de sa ou sot di m la a, talè konsa pap gen jij ak tribinal ankò sou tè a ? ”

Sladjana reponn : “ Wi, mesye. Mwen si e sèten ! ”

Jij la mande l : “ Ki prèv ou gen sou sa ? ”

Sladjana reponn : “ Ou ka jwenn yo nan Bib la. ”

Jij la di li ta renmen li prèv sa yo, men li pa gen bib. Donk, Sladjana di li l ap fè l jwenn youn. Temwen yo t al vizite jij la, yo ba l yon bib, e yo ankouraje l pou l fè yon etid biblik chak semèn. Jij la aksepte e nan yon tikras tan li vin Temwen Jewova.

Nan yon sans pwofetik, Sòm 2:10 di : “ E kounye a, o wa, montre nou gen klèvwayans. Kite yo korije nou, o nou menm jij sou tè a. ” Se vrèman touchan lè moun sa yo aksepte avèk imilite direksyon plen lanmou Jewova bay !

[Foto nan paj 32]

Sladjana ak jij la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje