BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w07 1/7 p. 32
  • Leson ki enpòtan pou timoun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Leson ki enpòtan pou timoun
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
w07 1/7 p. 32

Leson ki enpòtan pou timoun

GLADYS ap travay nan yon lekòl nan pwovens Mendoza ann Ajantin. Yon jou, pandan li t ap pase bò kote yon klas katriyèm ane fondamantal, li te wè yon matmwazèl ki t ap li Liv istwa biblik mwen ana pou elèv li yo. Gladys te prezante tèt li bay matmwazèl la kòm yon Temwen Jewova e li te ofri l pou l montre l fason yo ka tire plis pwofi nan liv sa a. Sa Gladys te di matmwazèl la te gen yon gwo efè sou li, e sa te fè l vle mete liv la nan aktivite nòmal ki nan pwogram klas la. Sepandan, li te bezwen gen pèmisyon direksyon lekòl la. Yo te ba l pèmisyon, e sa te fè l anpil plezi.

Yon ti tan apre, nan yon jounen liv yo t ap òganize pou elèv lekòl la pou yo ankouraje yo fè lekti, pwofesè a te fè elèv li yo li yon chapit nan liv la devan lòt elèv lekòl la. Pwogram nan te tèlman fè bon enpresyon sou yo, sa te fè yo envite pwofesè a nan yon emisyon ki te fèt sou yon televizyon nan zòn nan. Lè yo te rive sou kesyon ki gen rapò ak konduit elèv lekòl, animatè emisyon an te poze l kesyon sa a : “ Ki jan w fè pou elèv ou yo gen bon konpòtman lè yo nan klas ? ” Pwofesè a te esplike li itilize yon liv ki rele Liv istwa biblik mwen an. Li te esplike menm lè se pa yon kou relijyon li fè nan klas li a, grasa liv sa a, li anseye timoun yo prensip moral tankou respè, tolerans, inite, kolaborasyon, obeyisans ak lanmou. Tout moun ki te la yo te dakò prensip sa yo se leson ki enpòtan pou timoun yo aprann.

Èske w ta renmen transmèt pitit ou prensip sa yo ? Ou mèt mande yon Temwen Jewova pou l fè w jwenn Liv istwa biblik mwen an, yon liv ki vrèman enteresan.

[Nòt anba paj]

a Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje