BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w09 15/5 p. 18
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Montre w veyatif — Satan vle devore w!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Chèche konn ènmi w lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
w09 15/5 p. 18

Kesyon lektè yo poze

Ki lè yo te mete Satan deyò nan syèl la?—Rev. 12:1-9.

Byenke liv Revelasyon an pa bay lè egzak yo te mete Satan deyò nan syèl la, li mansyone yon seri evènman ki kapab ede nou gen yon ide sou ki lè sa te fèt. Premye evènman an se Wayòm Mesi a ki te etabli nan syèl la. Se apre sa “batay pete nan syèl la”. E se nan batay sa a yo te mete Satan deyò nan syèl la.

Ekriti yo montre aklè se nan ane 1914 ‘dèle lòt nasyon yo te genyen pou yo pase Jerizalèm anba pye yo a te bout’ e Wayòm Bondye a te etablia (Lik 21:24). Men, konbyen tan apre sa lagè ki te pèmèt yo met Satan deyò nan syèl la te eklate?

Revelasyon 12:4 fè konnen “[dragon an, Satan,] te kanpe la devan fanm ki ta pral akouche a, pou l te ka devore ti pitit la kou l fèt”. Sa montre Satan te vle kraze Wayòm ki te fèk etabli a san pèdi tan, si posib, nan moman Bondye t ap etabli l la. Byenke Jewova te anpeche Satan fè aksyon mechan li te vle fè a, Satan te detèmine pou l kraze nouvo Wayòm nan e li te kontinye chèche fè sa. Donk, li toutafè nòmal pou nou panse “Michèl [“Mikayèl”, NW] ak zanj li yo” pa t ap pran tan pou yo mete ‘dragon an ak zanj pa l yo’ deyò nan syèl la pou yo te ka pwoteje Wayòm nan. Sa fè nou konprann, Satan te pèdi batay la e yo te mete l deyò nan syèl la yon ti tan apre Wayòm nan te etabli an 1914.

Yon lòt evènman pou nou konsidere se rezirèksyon kretyen wen yo. Dapre sa Bib la montre, sa te kòmanse yon ti tan apre Wayòm nan etablib (Rev. 20:6). Piske Labib pa di frè Kris yo, sètadi kretyen wen yo, te ede Kris nan gè li te fè kont dragon an ak zanj li yo, pakonsekan, se anvan rezirèksyon frè Kris yo te kòmanse Jezi te fè gè a kont Satan ak demon l yo e li te pouse do yo deyò nan syèl la.

Se vre Bib la pa bay lè egzak yo te pouse do Satan ak demon l yo deyò nan syèl la, sepandan, li klè evènman sa a te fèt yon ti tan toukout apre Bondye te fin mete Jezi Kris sou twòn nan an 1914.

[Nòt anba paj]

a Gade nan paj 215-218 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.

b Gade nan Toudegad 1ye janvye 2007, paj 29-30, paragraf 9-13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje