BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w10 15/12 p. 25
  • Li pa janm twò ta pou yon moun sèvi Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li pa janm twò ta pou yon moun sèvi Bondye
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Bèl moman m te pase nan sèvis Wayòm nan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Nou bezwen gen andirans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Fason nou ka jwenn lajwa antanke selibatè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Ann montre nou sonje moun aje ki fidèl yo
    Ministè Wayòm nan — 2002
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
w10 15/12 p. 25

Li pa janm twò ta pou yon moun sèvi Bondye

Nan Málaga, nan sid peyi Espay, yon manman ak pitit fi l, toule de rele Ana, te batize 19 desanm 2009. Yo te pami 2 352 moun ki te batize ann Espay pandan ane 2009 la. Men, te gen yon bagay ki fè manman sa a ak pitit fi l la vrèman estrawòdinè, se laj yo! Manman an te gen 107 an e pitit fi a te gen 83 an.

Ki sa ki te pouse yo batize pou yo montre yo te vwe lavi yo bay Jewova? Nan kòmansman ane 1970 yo, yon vwazin te konn envite Ana, pitit fi a, asiste etid liv kongregasyon an ki te fèt lakay li. Ana te konn ale yon lè konsa. Men, akoz travay li, li pa t kontinye fè pwogrè.

Anviwon dizan apre, kèk nan pitit Ana yo te kòmanse etidye Labib, e avèk letan, yo te vin sèvitè Jewova. Finalman, youn nan pitit Ana yo, Mari Carmen, te ede manman l retounen vin enterese nan verite ki nan Bib la e li te ede l wè nesesite pou l aksepte etidye Labib. Apre sa, Ana, granmè Mari Carmen, te kòmanse montre li enterese nan Bib la tou. An total, dis manm nan fanmi sa a te batize.

Jou toule de Ana yo t ap batize a, yo te kontan anpil. Men sa Ana ki te gen 107 an an te di: “Se pa ti bon Jewova te montre l bon avè m paske l ban m posiblite pou m rive konnen l.” Pitit fi a li menm te ajoute: “Anvan Paradi a vini, mwen vle sèvi Jewova, mwen vle fè volonte l e m vle preche bon nouvèl la otan m kapab.”

Sa k fè kè de vèv sa yo vrèman kontan, se lè y ap asiste reyinyon yo. Men sa youn nan ansyen nan kongregasyon yo a te di de yo: “Yo pa janm rate yon sèl reyinyon. Yo toujou prèt pou yo bay kòmantè nan etid Toudegad la.”

Egzanp medam fidèl sa yo fè nou sonje yon vèv ki te rele Àn, ki “pa t janm pa nan tanp lan pou l bay Bondye yon sèvis sakre lajounen kou lannuit, [ki] te konn fè jèn e [ki] te konn fè siplikasyon”. Bèl abitid sa a te pèmèt li gen privilèj wè Jezi lè Jezi te timoun (Lik 2:36-38). A 84 an, Àn pa t twò granmoun pou l sèvi Jewova menm jan ak de Ana yo pale de yo nan atik sa a.

Èske w gen manm fanmi w ki ta renmen tande mesaj ki soti nan Bib la? Oubyen, pandan w ap preche kay an kay, èske w te rankontre yon moun aje ki dispoze koute w lè w al lakay li? Moun sa yo kapab vin menm jan ak de Ana nou pale de yo nan atik sa a paske li pa janm twò ta pou yon moun kòmanse sèvi Jewova, vrè Dye a.

[Antrefilè nan paj 25]

“Se pa ti bon Jewova te montre li bon avè m.”

[Antrefilè nan paj 25]

“Anvan Paradi a vini, mwen vle sèvi Jewova.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje