“Èske lèzòm ap rive detwi tè a?”
● Detan yon moun nan lespas, li ka wè tè a sanble ak yon bèl bijou ble e blan. Men, lè l ap gade pi pre, li ka wè kote nou abite a chaje ak pwoblèm. Poukisa? Repons lan senp: se paske lèzòm se move lokatè. Sa k pi rèd la, nonsèlman y ap detwi tè a nan yon sans literal ak polisyon, debwazman, e y ap souse tout mwèl li, men tou y ap detwi l nan domèn moral e san yo pa montre okenn respè pou Bondye. Pa egzanp, yo fè vyolans, yo touye moun e yo fè imoralite seksyèl.
Sa gen anviwon de mil an, gen yon seri pwofesi estrawòdinè nan Bib la ki te gentan anonse sitiyasyon tris sa a (2 Timote 3:1-5; Revelasyon 11:18). Labib te anonse tou se Bondye ki pral met tout bagay nan lòd, se pa lèzòm. Yo pral pale sou sijè enpòtan sa a nan yon diskou ki gen tit: “Èske lèzòm ap rive detwi tè a?” Y ap bay diskou sa a nan kongrè distri Temwen Jewova yo ap òganize ki gen tèm: ‘Se pou wayòm Bondye a vini!’ Kongrè sa a ap kòmanse nan mwa me nan kèk peyi, e l ap fèt pandan rès ane a lòt kote sou tè a.
Nou byen kontan envite w asiste kongrè k ap fèt kote ki pi pre w la. Pou plis enfòmasyon, kontakte Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou oswa ekri òganizasyon ki pibliye peryodik sa a. Ale sou sit Entènèt www.pr2711.com pou w jwenn lis tout kote kongrè sa a ap fèt ann Ayiti.