Lektè nou yo ta renmen konnen
Èske yo ta dwe batize tibebe?
▪ Men sa Victoria di: “Mwen te pè pou John, ti frè m nan, pa t kondane pou l al nan lenb.” (Selon yon ansyen kwayans katolik, lenb se kote tibebe ki mouri san yo pa batize ale.) Poukisa Victoria te pè konsa? Men sa l esplike: “John mouri san l pa batize, e gen yon prèt katolik ki te di poutèt sa John ap rete nan lenb pou toutan.” Yon ide konsa gen rezon fè moun pè, men èske se Labib ki anseye l? Èske Labib fè konnen timoun ki mouri san yo pa batize yo kondane pou yo rete nan lenb pou toutan?
Annefè, Labib fè konnen kretyen yo dwe batize. Men lòd Jezi te bay disip li yo: “Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” (Matye 28:19, 20). N ap remake moun k ap batize yo dwe disip Jezi. Sa vle di, moun ki batize yo se moun ki aprann konn Jezi e ki chwazi suiv li. E li pa posib pou yon tibebe fè chwa sa a.
Malgre sa, gen anpil moun ki ensiste pou di kòmandman Jezi te bay la valab pou timoun piti. Men sa Richard Bucher, yon pastè nan Legliz literyen, deklare: “Tout moun fèt pou batize, menm tibebe.” Ansuit li di: “Si yo anpeche tibebe yo batize, y ap anpeche yo jwenn padon e sa ka lakòz yo kondane.” Men anfèt, sa mesye sa a di a kontrè ak ansèyman Jezi yo omwen twa fason.
Premyèman, Jezi pa t fè konnen yo dwe batize tibebe. Poukisa enfòmasyon sa a enpòtan? Ann fè yon analiz: Jezi te anseye disip li yo kòmandman Bondye yo yon fason ki klè. Pafwa, li te repete ansèyman ki pi enpòtan yo. Poukisa? Li te konn fè sa pou l asire l disip li yo byen konprann pwen li te vle fè pase a (Matye 24:42; 25:13; Mak 9:34-37; 10:35-45). Poutan, pa menm yon fwa li pa t anseye yo dwe batize tibebe. Èske se bliye Jezi ta bliye pale de kòmandman sa a? Sa enposib! Si yo te dwe batize tibebe, se sèten Jezi t ap di sa.
Dezyèmman, Jezi pa t janm fè konnen moun soufri apre yon fin mouri. Li te kwè sa ki nan Ekriti yo ki di byen klè: “Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen.” (Eklezyas 9:5). Jezi te konnen moun mouri yo pa al soufri nan pigatwa, nan lenb, nan lanfè, oswa okenn lòt kote. Okontrè, li te fè konnen moun mouri yo pa konn anyen, se kòmsi se dòmi y ap dòmi. — Jan 11:1-14.
Twazyèmman, Jezi te fè konnen “tout moun ki nan tonm yo” ap retounen viv ankò (Jan 5:28, 29). Pa gen dout, pami moun sa yo ap gen plizyè milyon moun ki te mouri san yo pa t batize. Lè yo fin resisite, y ap gen posiblite aprann konn kòmandman Bondye yo e y ap ka viv pou toutan nan Paradi a sou tè aa. — Sòm 37:29.
Kidonk, li klè, Bib la pa fè konnen yo ta dwe batize tibebe.
[Nòt anba paj]
a Pou plis enfòmasyon sou tè a ki pral tounen yon paradi ak esperans rezirèksyon an, gade chapit 3 ak chapit 7 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.