ÈSKE W TE KONNEN?
Èske yo te rebati tanp Jerizalèm nan apre ane 70 epòk nou an?
JEZI te di pa t ap gen yon wòch nan tanp Jewova a ki t ap rete sou yon lòt wòch. Pwofesi sa a te reyalize lè lame women an, ki te gen Titis alatèt li, te detwi Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an (Mat. 24:2). Annapre, anperè Jilyen te vle rebati tanp lan.
Yo rekonèt Jilyen kòm dènye anperè women ki te payen. Jilyen te neve Konstanten Legran e li te resevwa yon swadizan edikasyon kretyen. Sepandan, apre yo te fin pwoklame l anperè nan ane 361 epòk nou an, li te montre aklè li te rejte edikasyon li te resevwa a ansanm ak fòm krisyanis kòwonpi ki te gen nan epòk li a. Konsa, li te apwouve relijyon payen an. Listwa pale de li kòm: “Aposta a.”
Jilyen pa t vle wè Krisyanis la menm. Youn nan rezon ki dwe te fè sa, se paske lè l te gen sizan, li te wè moun ki te swadizan kretyen k ap asasinen papa l ak lòt gason ankò nan fanmi l. Selon istoryen legliz yo, Jilyen te ankouraje Juif yo pou yo rebati tanp yo a paske li te met nan tèt li sa t ap pwouve Jezi te yon fo pwofèta.
Se sèten, Jilyen te vle rebati tanp lan. Istoryen yo te fè anpil deba pou yo te ka konnen si wi ou non Jilyen te kòmanse fè sa vre, e si l te kòmanse rebati l sa k fè l te bay sa vag. Sepandan, yon bagay ki sèten sèke yo te touye Jilyen alòske li potko menm gen dezan sou pouvwa a e pwojè l te genyen pou l rebati tanp lan te tou kanpe.
Kote tanp lan te ye a ak yon imaj ki montre jan l dwe te ye nan epòk Jezi a.
a Jezi pa t janm di tanp lan pa t ap rebati, men, li te di li t ap detwi. Sa te rive nan ane 70 epòk nou an.