BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/3 p. 12
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Jakòb ale Aràn
    Liv istwa biblik mwen an
  • Prepare nasyon yo pou “ansèyman [...] Jewova a”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/3 p. 12

ÈSKE W TE KONNEN?

Ki jan sitwayènte women apot Pòl te genyen an te yon avantaj pou li?

Apot Pòl mande pou l al devan Seza

Pòl te di: “Mwen mande pou m al devan Seza!”

Sitwayènte women an te pèmèt yon moun jwi kèk dwa ak kèk privilèj byen presi kèlkeswa kote li t ale nan anpi a. Yon sitwayen women te anba lwa women an, li pa t anba lwa vil pwovens yo. Lè yo te akize l, li te ka dakò pou yo jije l dapre lwa ki gen pou lokalite a, men, li te toujou gen dwa pou l mande yon tribinal women tande l. Nan ka kote yo te ba li pèn kapital, li te gen dwa mande pou l al devan anperè a.

Se sa k fè, men sa Sisewon, yon politisyen women ki t ap viv nan premye syèk anvan epòk nou an, te di: “Se yon krim sa ye si yo mare yon sitwayen women, se yon mechanste sa ye si yo fè l soufri, si yon moun touye l li prèske komèt yon parisid”, sa vle di li touye yon paran l oswa yon fanmi pwòch li.

Apot Pòl te preche toupatou nan Anpi women an. Jan Bib la montre sa, li te sèvi ak dwa li genyen antanke sitwayen women an nan twa okazyon: 1) Li te fè majistra ki nan vil Filip yo konnen yo te vyole dwa li genyen lè yo te fè bat li. 2) Li te fè konnen se sitwayen women li ye pou evite yo bat li nan Jerizalèm. 3) Li te mande pou l al prezante ka l la devan Seza, anperè Wòm nan, pou Seza te ka tande l dirèkteman. — Travay 16:37-39; 22:25-28; 25:10-12.

Ki jan yo te peye bèje nan tan biblik yo?

Yon ansyen kontra pou yo achte mouton ak kabrit

Yon ansyen kontra pou yo achte mouton ak kabrit, anviwon 2050 anv. e. n.

Jakòb, yon patriyach, te gade twoupo pou tonton l Labàn pandan 20 an. Jakòb te travay pandan 14 premye ane yo pou l te ka marye ak de pitit fi Labàn yo, e lòt 6 ane ki te rete yo, Labàn te peye l ak bèt (Jenèz 30:25-33). Men sa yon jounal di: “Antant ki te gen ant bèje yo, tankou sa Labàn te fè ak Jakòb la, se bagay ansyen ekriven biblik yo ak moun ki te konn li tèks biblik yo te abitye ak yo.” — Biblical Archaeology Review.

Gen kèk ansyen kontra yo dekouvri nan yon sit akeyoloji ki nan Nuzi, nan vil Larsa ak nan lòt sit ki nan peyi Irak, ki montre te konn gen antant sa yo vre. Kontra sa yo te dire yon bon ti tan soti nan peryòd yo tonn mouton nan yon ane rive nan menm peryòd la nan lòt ane a. Bèje yo te aksepte responsablite pou yo pran swen yon kantite bèt byen presi yo gen nan yon lis selon laj yo ak sèks yo. Ane ki vin apre a, mèt twoupo a te resevwa yon kantite minimòm nan lenn, pwodui yo fè ak lèt, jèn bèt ak lòt bagay ankò jan yo te prevwa sa nan akò a. Sa ki te anplis yo te ret pou bèje a.

Kantite twoupo a te konn ogmante selon kantite femèl mouton yo te konfye bèje a. An jeneral, yo te atann pou 100 femèl mouton bay 80 timouton an vi. Bèje a te dwe konble kèlkeswa defisi a oswa ranplase sa k te pèdi a. Konsa, li te gen bonjan enterè pou l byen pran swen bèt yo te konfye l yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje