BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 1 p. 3
  • Poukisa nou dwe li Labib?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa nou dwe li Labib?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa w ka fè pou sa w li nan Bib la pi itil ou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Konsantre w sou lekti w ap fè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 1ye pati: Li oswa gade videyo?
    Èd pou fanmi
  • Ki jan pou m kòmanse?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 1 p. 3
Yon dam k ap pran Bib la sou yon etajè liv

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON NOU KA PI BYEN PWOFITE LEKTI LABIB N AP FÈ

Poukisa nou dwe li Labib?

“Mwen te panse Labib te twò difisil pou moun konprann.” — Jovy

“Mwen te panse sa t ap raz.” — Queennie

“Lè m te wè gwosè Bib la, sa te dekouraje m li l.” — Ezekiel

Èske w te janm anvizaje li Bib la men w pa t rive fè sa paske w santi w menm jan ak moun yo site pi wo yo? Anpil moun dekouraje li Labib. Men, e si w vin aprann Bib la kapab ede w gen plis kè kontan epi viv yon fason ki ba w plis satisfaksyon? Anplis de sa, e si w vin aprann gen kèk fason w kapab li l ki fè lekti a parèt pi enteresan? Èske w t ap dispoze fè yon ti gade sa Bib la kapab ofri w?

Gen moun ki te jwenn anpil byenfè paske yo te kòmanse li Labib. Ann wè kèk kòmantè yo fè.

Ezekiel, yon jèn ki fèk nan ventèn li te di: “Mwen te tankou yon moun k ap kondui yon machin san m pa konn kote m prale. Men lè m vin ap li Bib la, sa bay lavi m yon sans. M jwenn anpil konsèy nan Bib la ki ede m chak jou nan lavi m.”

Frieda, ki fèk nan ventèn li tou, di: “Mwen te yon moun ki te konn fache pou dan ri. Men lefètke m te konn li Labib, mwen te vin aprann metrize tèt mwen. Li vin pi fasil pou m antann mwen ak lòt moun, sa fè m gen plis zanmi kounye a.”

Eunice, yon dam ki nan senkantèn li, te di: “Bib la ede m vin yon pi bon moun, e li ede m korije move abitid mwen gen lakay mwen.”

Jan tout moun sa yo aprann sa, san wete plizyè milyon lòt moun ankò, lè yon moun pran abitid li Labib, sa kapab ede l jwenn plis kè kontan nan lavi l (Ezayi 48:17, 18). Pami tout bagay Bib la kapab fè, li kapab ede yon moun 1) pran bon desizyon, 2) gen zanmi toutbon, 3) byen jere strès li, e 4) sa k pi bon toujou a li ede moun nan konn laverite sou Bondye. Se Bondye ki ban nou konsèy ki soti nan Bib la, donk lè yon moun suiv konsèy sa yo bagay yo pap janm pase mal pou li. Paske Bondye pa janm bay move konsèy.

Sa k pi enpòtan an se kòmanse li l. Ki teknik konsa ki kapab fè l pi fasil pou yon moun kòmanse li Labib epi pran plezi li l?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje