BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 2 p. 3-4
  • Yon kado ki pa gen parèy

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon kado ki pa gen parèy
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa k fè kado Bondye bay la gen tout valè sa a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Pi bèl kado a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Jezi Kris: Ki efè mesaj li a gen sou ou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Ranson an: pi gwo kado Bondye bay
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 2 p. 3-4
Yon mesye aje k ap bay yon tigason yon tay kreyon an fòm bato

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE W AP AKSEPTE PI GWO KADO BONDYE BAY LA?

Yon kado ki pa gen parèy

TAY kreyon ki an fòm bato ki nan men Jordan nan parèt yon ti bagay tou raz. Epoutan, se youn nan bagay li genyen li bay plis valè. Men sa Jordan esplike: “Se Russell, yon zanmi fanmi an ki te aje, ki te ban mwen l lè m te timoun.” Apre lanmò Russell, Jordan te aprann Russell te jwe yon gwo wòl nan lavi gran paran l ak paran l yo. Li te soutni yo nan moman difisil. Men sa Jordan di: “Kounye a, piske m konn plis bagay sou Russell, ti kado sa a vin gen plis valè toujou pou mwen.”

Jan eksperyans Jordan nan fè n wè sa, yon kado ka gen yon ti valè tou piti pou kèk moun oswa li ka pa gen valè ditou pou yo. Men, li gendwa gen anpil valè pou moun ki resevwa l e ki apresye l la, e li gendwa se bagay ki menm pi enpòtan pou li. Labib pale de yon kado ki gen yon valè ki san parèy, lè l di pawòl sa yo anpil moun byen konnen: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:16.

Kado sa a ka fè moun ki aksepte l yo jwenn lavi ki pap janm fini an! Èske gen yon kado ki gen plis valè pase l? Menmsi gen kèk moun ki ka pa konn valè kado sa a genyen, vrè kretyen yo ba l “anpil valè”. (Sòm 49:8; 1 Pyè 1:18, 19.) Men, poukisa Bondye te bay lavi Pitit li a kòm kado pou monn nan?

Apot Pòl te esplike rezon an nan pawòl ki vin annapre yo: “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun.” (Women 5:12). Adan, premye gason Bondye te kreye a, te peche lè l te fè espre li dezobeyi Bondye, e li te jwenn lanmò kòm pinisyon. Akoz Adan, lanmò blayi sou tout desandan l yo, anpalan de lèzòm an jeneral.

“Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò, men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an.” (Women 6:23). Pou Bondye te libere lèzòm anba kondanasyon lanmò sa a, li te voye Pitit li a, Jezi Kris, sou tè a pou l te bay lavi pafè li a kòm sakrifis pou monn nan. Grasa sakrifis sa a yo rele “ranson” an, tout moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi ap gen lavi ki pap janm fini an. — Women 3:24.

Men sa Pòl te di konsènan benediksyon Bondye ap vide sou moun k ap adore l yo pa mwayen Jezi Kris: “N ap di Bondye mèsi pou kado l bay la, yon kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l.” (2 Korentyen 9:15). Pa gen dout nan sa, ranson an tèlman estrawòdinè nou pa ka jwenn mo pou n fin esplike l. Men, pami tout bèl kado Bondye bay lèzòm, ki sa k fè se ranson an ki gen tout valè sa a? Nan ki sans, li pa menm ak okenn lòt kado Bondye ban nou?a E ki jan nou ta dwe reyaji parapò avè l? Nou ankouraje n li repons Bib la bay pou kesyon sa yo nan de atik ki vin apre yo.

a Jezi “te bay lavi l pou nou” ak tout kè l (1 Jan 3:16). Sepandan, piske sakrifis sa a te fè pati objektif Bondye, seri atik sa yo konsantre sou wòl Bondye jwe antanke Sila a ki ban nou ranson an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje