Lis sijè yo
3 Yo te ofri tèt yo volontèman
SEMÈN 27 FEVRIYE 2017–5 MAS 2017
7 “Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon”
Atik sa a pale sou fason tèks pou ane 2017 la ankouraje nou konte sou èd Jewova lè n jwenn pwoblèm. N ap itilize egzanp moun ki te fidèl nan tan lontan pou n wè ki jan nou ka gen konfyans Jewova ap ede nou toutpandan n ap fè tout sa n kapab pou n rezoud pwoblèm nou rankontre e pou n ede lòt moun.
SEMÈN 6-12 MAS 2017
12 Bay libète n genyen pou n deside a anpil valè
Nan atik sa a, nou pral aprann fason pou n bay libète Bondye ban nou pou n deside a anpil valè lè n itilize l yon fason ki fè Sila a ki ban nou kado sa a plezi. Mete sou sa, l ap ede nou wè ki jan nou ka respekte fason lòt moun itilize kado sa a anpalan de libète yo genyen pou yo deside a.
SEMÈN 13-19 MAS 2017
17 Rezon ki fè li toujou bon pou n konn limit nou
SEMÈN 20-26 MAS 2017
22 Nou ka ret nan limit nou menm lè n jwenn eprèv
Atik sa yo pral ede nou pi byen konprann jan sa bèl lè yon moun konn limit li. Premye atik la esplike ki sa konn limit vle di e ki sa l pa vle di. Dezyèm atik la anseye nou fason pou n ret nan limit nou menm lè n jwenn eprèv.
SEMÈN 27 MAS 2017–2 AVRIL 2017
27 ‘Konfye bagay sa yo bay gason ki fidèl’
Pandan yon jenerasyon ap ranplase yon lòt jenerasyon, moun ki pi jèn yo fè travay moun ki pi aje yo te konn fè. Atik sa a pale sou fason moun ki jèn yo ak moun ki aje yo kapab fè tranzisyon sa a san pwoblèm.