Lis sijè yo
SEMÈN 29 OKTÒB 2018–4 NOVANM 2018
3 “Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo”
Konesans pa gen anpil valè si nou pa sèvi avè l. Men, sa mande imilite pou n aplike sa n aprann. Atik sa a ap ankouraje n kontinye demontre imilite lè n imite egzanp kèk moun Bib la pale de yo ki te preche tout kalite moun, ki te konn priye pou lòt moun e ki te ret tann pou Jewova aji.
8 Kretyen ki granmoun yo: Jewova bay fidelite n anpil valè
SEMÈN 5-11 NOVANM 2018
12 Kontinye demontre lanmou: Li fòtifye moun
Nan tan difisil sa yo, li fasil pou n vin dekouraje oswa pou n kite tètchaje ki gen nan lavi a pote n ale. Jewova ak Jezi ede n fè fas ak yo. Men, nou tout gen responsablite pou n konsole e pou n ankouraje youn lòt. Atik sa a montre fason n ka fòtifye youn lòt nan lanmou.
SEMÈN 12-18 NOVANM 2018
17 Byennere moun k ap sèvi “Bondye ki gen kè kontan an”
Jewova se yon Bondye ki gen kè kontan ki vle pou sèvitè l yo gen kè kontan. Men, ki jan n ka gen kè kontan malgre pwoblèm ak difikilte ki gen nan monn Satan an? Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te bay bonjan konsèy pratik ki ka ede n toujou gen kè kontan.
SEMÈN 19-25 NOVANM 2018
23 Li toupisan, men l gen konsiderasyon pou moun
SEMÈN 26 NOVANM 2018–2 DESANM 2018
28 Montre n gen konsiderasyon ak bonte menm jan ak Jewova
Nan yon monn kote moun yo vin pi konsantre sou pwòp enterè yo, kongregasyon kretyen an li menm se yon kote ki gen lanmou. Youn nan aspè nan lanmou sa a se konsiderasyon nou gen pou lòt moun, e se sou sa de atik sa yo pale. Toudabò, nou pral wè ki jan Jewova kite yon bèl egzanp antanke Sila a ki gen konsiderasyon pou moun. Apre sa, n ap egzamine kèk fason pratik nou ka imite l.