Siveyan k ap dirije nou yo : Siveyan prezidan
1 Sèvi kòm siveyan nan yon kongregasyon, se yon gwo responsablite (Ak 20:28 ; 1 Timote 3:1). Atik sa a se premye nan yon seri plizyè atik ki va ba nou yon apèsi sou plizyè kalite sèvis ansyen yo ap akonpli. Kon sa, nou tout va apresye travay enpòtan y ap fè pou byen nou.
2 Lasosyete nonmen yon siveyan prezidan pou l sèvi pandan yon peryòd tan ki pa limite. Etandone se siveyan prezidan an ki kowòdone tout aktivite yo, sa ede ansyen yo konsantre tout atansyon yo sou travay yo gen pou fè yo. (Notre ministère, p. 41-2) Ki sa sa enplike ?
3 Siveyan prezidan an resevwa tout kourye yo voye bay kongregasyon an, epi li remèt sekretè a yo pou li pran yo an chaj. Lè l ap prepare reyinyon ansyen, siveyan prezidan an pran sijesyon lòt ansyen yo sou kesyon yo bezwen debat, epi li prepare yon ajenda. Se li menm ki prezide reyinyon ansyen yo. Lè ansyen yo pran desizyon, siveyan prezidan an veye pou desizyon sa yo egzekite. Se siveyan prezidan an ki an chaj preparasyon reyinyon sèvis la, e se li menm ki pwograme diskou piblik yo. Li apwouve tout kominikasyon yo bay devan kongregasyon an, li otorize tout depans nòmal ki fèt, e li veye pou kont kongregasyon an verifye chak twa mwa.
4 Antanke prezidan komite sèvis kongregasyon an, se siveyan prezidan an ki kowòdone aktivite komite sa a. Lè yon etidyan Labib vle vin yon pwoklamatè ki poko batize, oubyen lè yon pwoklamatè vle batize, siveyan prezidan an pran dispozisyon pou ansyen yo reyini avèk li. An plis de sa, siveyan prezidan an pran latèt nan prepare vizit siveyan sikonskripsyon an yon fason pou kongregasyon an benefisye anplen semèn aktivite espesyal la.
5 Siveyan prezidan an gen anpil responsabilite e yo tout pa menm. Pandan l ap okipe l “ avèk serye ” e imilite de sa l gen pou l fè, nou tout kapab fè kichòy pou patisipe lè nou kopere ak ansyen yo (Women 12:8). Si nou ‘obeyisan’ e si ‘nou soumèt nou’ devan sila k ap dirije nou yo, yo va akonpli travay yo ak plis lajwa. — Ebre 13:17.