Nou tire pwofi nan asanble “ Chemen Bondye se chemen lavi ”
1 Gen apèn kèk mwa, nou t ap fè pwojè pou nou asiste asanble distri ak asanble entènasyonal pou 1998 : “ Chemen Bondye se chemen lavi. ” Kounye a, asanble sa yo gentan vin yon souvni agreyab nan peyi nou. Nou benefisye anplen de anpil bon manje espirityèl nou te resevwa nan rasanbleman san parèy sa yo.
2 Ane sa a, asanble yo te gen yon aspè entènasyonal, e sa te vrèman pasyonan. Kit te gen misyonè ak delege lòt peyi kote nou te ye a, kit pa t genyen, nou tout te tande bèl esperyans nan diskou “ Sèvis misyonè ” ki te fèt vandredi aprèmidi. Chak jou te genyen “ Rapò sou pwogrè rekòt la ”. Rapò sa yo te soti toupatou sou tè a. Se pa ti ankourajan yo te ankourajan !
3 Nouvo piblikasyon yo fòmidab : Dènye diskou vandredi a te baze sou yon kesyon. Kesyon sa a, gen yon kantite moun nou pa ka konte e ki pa konn laverite, ki poze l : “ Èske gen lavi apre lanmò ? ” Nan fen diskou sa a, ki te enteresan anpil, yo te prezante yon nouvo bwochi : Que devient-on quand on meurt ? Rive jodi a, se sèten nou gentan li l, e nou gentan wè nan ki pwen l ap itil nou pou nou ede moun yo wè laverite sou sitiyasyon mò yo. L ap itil nou tou pou nou ede moun ki gen moun mouri jwenn rekonfò nan esperans rezireksyon an.
4 Pwogram samdi aprèmidi a te fini ak diskou sa a : “ Kreyatè a : pèsonalite li ak fason li aji ”. Li te mennen nou nan yon konklizyon lojik : fòk gen yon Kreyatè. Pou nou ka ede moun yo asepte reyalite sa a, yo te prezante liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Se yon liv ki ogmante lafwa nou nan Jewova e ki fè nou plis apresye pèsonalite li ak fason li aji. Toutfwa, li fèt espesyalman pou moun ki petèt pa kwè nan Bondye, malgre yo byen enstwi.
5 Yon rezolisyon nou adopte ak tout kè nou : Dènye diskou asanble a te chita anpil sou nesesite pou nou tout “ Kontinye mache nan chemen Jewova. ” Ala sa te apwopriye pou nou deklare piblikman nou dakò ak rezolisyon an ! Nou asepte li kòm yon detèminasyon pèsonèl pou nou rete kole ak chemen lavi Bondye a, pou nou defann ni e pou nou fè konnen li siperyè . (Izayi 30:21). Ala bon rafrechisman espirityèl nou resevwa dèske nou te asiste asanble “ Chemen Bondye se chemen lavi ”!