Yo kapab wè nou diferan
1 Ane pase, plis pase 300 000 nouvo te fè yo batize pou yo vin fè tèt ansanm avèk nou. Ki sa moun sa yo wè nan Temwen Jewova yo ki fè yo vle vin fè pati òganizasyon Bondye a ? Poukisa nou parèt tèlman diferan de tout lòt relijyon yo ? Men kèk repons byen klè :
— Nou pito kole sou Bib la pase pou nou kole sou opinyon pèsonèl : Nou adore Jewova Dye “ avèk lespri ak laverite ” jan Jezi te di pou nou fè li. Sa vle di nou rejte mansonj relijye e nou konfòme nou ak sa ki ekri nan Pawòl Bondye a. — Jan 4:23, 24 ; 2 Timote 3:15-17.
— Nou ale kote moun yo olye nou tann pou yo vin jwenn nou : Nou asepte misyon Jezi bay pou nou preche e pou nou anseye, e nou imite egzanp li nan chèche moun ki gen kè sensè. Nou al kote yo lakay yo, nan lari oubyen nenpòt lòt kote nou ka jwenn yo. — Matye 9:35 ; 10:11 ; 28:19, 20 ; Ak 10:42.
— Nou bay tout moun enstriksyon biblik la gratis : Nou bay resous nou ak kouraj nou gratis lè nou konsakre plis pase yon milya èdtan chak ane nan sèvis Bondye. San patipri, nou etidye Labib avèk tout kalite moun. — Matye 10:8 ; Ak 10:34, 35 ; Revelasyon 22:17.
— Nou byen fòme pou nou ede moun yo espirityèlman : Etid pèsonèl nou nan Labib ak enstriksyon nou resevwa nan reyinyon kongregasyon nou an, nan asanble ak gran kongrè yo, ba nou yon edikasyon teyokratik san rete ki pa gen pri. Edikasyon sa a pèmèt nou bay lòt moun yo limyè espirityèl. — Izayi 54:13 ; 2 Timote 2:15 ; 1 Pyè 3:15.
— Nou pran laverite oserye nan aplike li chak jou nan lavi nou : Akòz lanmou nou pou Bondye, nou fè yon seri chanjman pou nou ka viv ann akò ak volonte li. Nouvo pèsonalite kretyen nou an, ki sanble ak pa Kris la, fè laverite atire lòt moun. — Kolosyen 3:9, 10 ; Jak 1:22, 25 ; 1 Jan 5:3.
— Nou fè efò pou nou viv e pou nou travay ak lòt yo nan lapè : Lè nou kiltive kalite Bondye yo, sa ede nou siveye aksyon nou ak pawòl nou. Nou ‘ chèche lapè epi nou rapousuiv li ’ ak tout moun. — 1 Pyè 3:10, 11 ; Efezyen 4:1-3.
2 Egzanp lavi kretyen moun yo wè nan òganizasyon Jewova a, ankouraje anpil nan yo asepte laverite. Annou bat pou egzanp pèsonèl nou fè menm efè a sou moun ki konnen nou, e ki ap obsève nou.