Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : La Connaissance qui mène à la vie éternelle avèk Traduction du monde nouveau. Janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1985 e ki nan estòk kongregasyon an. Kongregasyon ki pa gen liv sa yo nan estòk yo kapab ofri La paix et la sécurité véritables : comment est-ce possible ? oubyen Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Fevriye : Le secret du bonheur familial. Mas : La connaissance qui mène à la vie éternelle. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Ap gen remiz diplòm Lekòl Gileyad 13 mas 1999. Donk, jou sa a, pèsonn pap ka vizite enstalasyon Sosyete a Bwouklin, Patèsonn ak Wòlkil, nan Nouyòk. Tout moun ki te prevwa fè yon vizit nan samdi sa a, ta dwe pwograme vizit la pou yon lòt lè konvnab. Jou sa a, yo pap espedye okenn piblikasyon pou kongregasyon e yo pap fè okenn livrezon sou plas.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande volim relye La Tour de Garde ak Réveillez-vous! pou 1998 nan kòmann piblikasyon y ap fè an desanm. Volim relye yo ap disponib ann angle ak an franse. Jiskaske yo disponib e jiskaske yo voye yo, n ap wè “ commande à l’avance ” make sou fakti yo. Volim relye yo se atik estoke an kantite limite.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon lòt moun li deziyen pou sa, dwe verifye kont kongregasyon an premye desanm oubyen osito sa posib, apre dat sa a. Lè verifikasyon sa a fin fèt, y ap di kongregasyon an sa, apre yo fin li pwochen rapò sou sèvis kont.
◼ Nan lane 2000, Memoryal la ap fèt mèkredi 19 avril apre solèy fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, sa ki oblije yo jwenn lòt lokal pou sikonstans sa a. Yo bay nòt sa a alavans pou frè yo ka gentan fè rezèvasyon oubyen kontra pou yo jwenn yon lokal disponib ak lòt bagay yo bezwen. Ansyen yo dwe antann yo ak moun ki reskonsab la pou pa gen bri lòt aktivite nan lokal la. Konsa, Memoryal la ap fèt nan lòd ak lapè. Etandone enpòtans evènman an, lè y ap deziyen yon oratè pou Memoryal la, kolèj ansyen yo ta dwe chwazi youn nan ansyen ki pi kalifye yo kòm oratè, olye pou yo annik fè yon woulman, oswa sèvi ak menm oratè a chak ane. Y ap fè yon esepsyon si gen yon kretyen wen ki yon ansyen kalifye e ki kapab prezante diskou a.
◼ Yon bwochi ki rele The Guidance of God—Our Way to Paradise an preparasyon pou parèt talè konsa. Bwochi sa a, yo fè li pou mizilman ki pap viv nan peyi yo, e ki gen tout libète pou yo fè yon etid biblik. Bwochi sa a ap disponib nan plis pase 20 lang. Pou kounye a, se sèlman nan lang angle nou ka kòmande li. Kou li disponib nan lòt lang, y ap fè nou konnen sa.
◼ Avèk senk wikenn antye, mwa janvye a se yon bèl okazyon pou anpil moun pyonye oksilyè.