Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an fevriye : Le secret du bonheur familial. Mas : La Connaissance qui mène à la vie éternelle. Yon efò espesyal pral fèt pou kòmanse etid biblik kay moun nou rankontre. Avril ak me : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Toujou gen bwochi Sa Bondye vle a (Attend) avèk nou, pou moun ki enterese yo, e fè efò pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Apati semèn 22 mas 1999, yo pral etidye liv Le plus grand homme de tous les temps nan etid liv kongregasyon an. Ministè Wayòm sa a gen pwogram etid la okonplè. Ou ka fè yon fotokopi ou mete l nan liv ou pou w ka genyen li sou lamen. N ap jwenn enstriksyon sou fason pou nou egzamine entwodiksyon liv la nan paragraf 5 atik “ L’étude du livre Le plus grand homme de tous les temps ” ki te parèt nan Le ministère du Royaume septanm 1992 paj 1.
◼ Sekretè a ak siveyan sèvis la dwe egzamine aktivite tout pyonye pèmanan yo. Si gen nan yo ki gen difikilte pou atenn objektif yo, ansyen yo dwe pran dispozisyon pou yo jwenn èd. N ap jwenn sijesyon nan lèt Lasosyete voye chak ane, (S-201) ki date 1e oktòb 1998. Gade tou nan paj mitan Le ministère du Royaume out 1986, paragraf 12-20.
◼ Samdi 15 me 1999 Filyal la ap fèmen pou netwayaj prentan. Konsa, nan jou sa a, li pap posib ni pou moun vizite Filyal la ni pou kongregasyon vin pran piblikasyon.
◼ Gwoup pwoklamatè ki pran dispozisyon pou y al preche nan teritwa vyèj nan mwa k ap vini yo, dwe prevwa ofri bwochi Sa Bondye vle a (Attend) ak liv Connaissance la nan predikasyon.
◼ Apati nimewo janvye-mas 1999, Réveillez-vous! ap parèt chak twa mwa nan lang pidjin Zile Salomon.
◼ Apati nimewo 1e janvye 1999, La Tour de Garde ap parèt chak mwa nan lang oumboundou.
◼ Apati nimewo 8 janvye 1999, Réveillez-vous ! ap parèt de fwa pa mwa nan lang leton.
◼ Apati nimewo 15 janvye 1999, La Tour de Garde ap parèt de fwa pa mwa nan lang oudou.