Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an mas : La Connaissance qui mène à la vie éternelle. Yon efò espesyal pral fèt pou kòmanse etid biblik. Avril ak me : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Toujou gen bwochi Sa Bondye vle avèk nou, pou moun ki enterese yo. Fè efò pou nou kòmanse etid biblik. Jen : La Connaissance qui mène à la vie éternelle.
◼ Pwoklamatè ki ta renmen pran sèvis pyonye oksilyè ann avril ak me ta dwe bati pwogram yo depi kounye a epi remèt fich la san pèdi tan. Sa ap ede ansyen yo pran dispozisyon ki nesesè pou predikasyon. E sa ap ede yo fè aranjman pou gen ase peryodik ak piblikasyon disponib. Yo ta dwe anonse kongregasyon an non tout moun yo apwouve kòm pyonye oksilyè.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon lòt moun li deziyen ta dwe verifye kont kongregasyon an 1e mas oubyen osito sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè anons la bay kongregasyon an, apre yo fin li pwochen rapò sèvis kont la.
◼ Memoryal la ap fèt jedi 1e mas 1999. Si kongregasyon nou abitye gen reyinyon jedi, yo dwe voye reyinyon yo yon lòt jou nan semèn nan, si Sal Wayòm nan disponib. E si sa afekte Reyinyon sèvis la, yo kapab mete sijè k ap itil kongregasyon an nan yon lòt Reyinyon sèvis.
◼ Tout moun ki fè pati yon kongregasyon dwe bay kongregasyon an voye tout abònman ak renouvèlman abònman La Tour de Garde ak Réveillez-vous !, menm si se abònman pèsonèl.