Repons kesyon w yo
◼ Ki prekosyon paran yo dwe pran lè pitit yo ki minè ap patisipe nan predikasyon ?
Se dwa paran kretyen yo pou yo mennen pitit yo nan predikasyon, pou yo aprann yo preche bon nouvèl Wayòm nan. Lè konsa, yo bezwen gen je sou timoun yo akòz ensekirite ki ka genyen nan tèritwa a, e se menm bagay pou katye ki parèt katye trankil yo. Deplizanpli, timoun viktim anba men moun k ap maspinen yo ak moun ava k ap detounen yo akòz koripsyon seksyèl ki gaye nan tan “ makawon ” n ap viv la (2 Timote 3:1-5). Paran yo bezwen pran bonjan prekosyon pou pwoteje timoun piti yo kont moun k ap chèche pran yo nan zatrap. Ki sa paran yo ka fè konsa ?
Bib la konseye nou aji avèk sajès, pou nou pran prekosyon defason pou nou ka gentan wè lè yon danje ap vini (Pwovèb 22:3; Matye 10:16). Nou pa gen entansyon bay règ, men li saj pou yon paran oubyen yon lòt granmoun akonpaye yon timoun ki pral nan predikasyon. Si de ti jèn pwoklamatè ki ka reskonsab tèt yo ap preche ansanm, li bon pou yon paran yo oubyen yon lòt granmoun la pou toujou voye je sou yo. Natirèlman, ofiramezi yon timoun ap devlope, epi l ap montre li majè, paran l kapab deside si yo bezwen kenbe l mwens anba je yo. — Gade nan Le ministère du Royaume oktòb 1992 la, nan ribrik Réponses à vos questions.
N ap montre nou gen sajès ankò lè n ap kondi machin ak lè nou apye. Lè nou pran bonjan prekosyon, anpil fwa sa fè nou evite aksidan, evite doulè ensipòtab, evite depanse kòb lopital san konte reskonsablite nou ka genyen devan leta sitou nan yon monn kote moun rele moun lajistis fasil.
Sa bon pou jèn yo “ fè lwanj pou non Jewova ”. (Sòm 148:12, 13.) Bèl pawòl k ap soti nan bouch yo mete sou bon konpòtman yo genyen lè yo nan predikasyon fè anpil enpresyon sou moun yo epi sa onore Jewova. Nou menm paran, fè tout mwayen posib nou pou nou ede timoun nou yo patisipe regilyèman nan predikasyon bon nouvèl la toupandan nou pap manke pa pran prekosyon pou pwoteje yo kont tout danje posib ki egziste.