BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/99 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 1999
Ministè Wayòm nan — 1999
km 11/99 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa novanm : Ki sa Bondye vle nou fè ? osinon Attend oubyen La Connaissance qui mène à la vie éternelle. Desanm : La connaissance qui mène à la vie éternelle ak Traduction du monde nouveau. Janvye : Nenpòt liv 192 paj yo te pibliye anvan 1986 kongregasyon an gen nan estòk li. Kongregasyon ki pa gen liv sa yo kapab ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Fevriye : Le secret du bonheur familial.

◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande Annuaire des Témoins de Jéhovah 2000 nan kòmann piblikasyon y ap fè pou mwa novanm nan. Annuaire la ap disponib ann anglè, an franse. Jiskaske Annuaire yo disponib, n ap make “ commande à l’avance ” sou bòdwo nou ekspedye bay kongregasyon an. Annuaire yo se atik sou kòmann espesyal.

◼ Te gen 18 moun soud ki te prezan nan asanble distri “ Pawòl pwofetik Bondye a ” ki te fèt Santo 6-8 out 1999. Te gen 14 diskou yo te entèprete nan lang siy ameriken (ASL). Dizwit moun soud yo te pwofite dram nan grasa kasèt videyo ki te prezante tout dram nan nèt nan lang siy. Te gen lòt kasèt videyo yo te pase nan lang siy, tankou “ Ce que Dieu attend de nous ” ak “ Voici je fais toutes choses nouvelles ”, lè yo pa t prevwa tradwi okenn diskou. Etidyan ki soud e ki bèbè yo te rive “ chante ” tout kantik asanble a grasa yon videyo yo te prepare pou sa. Yo te kontan dèske yo te vini e dram nan te enpresyone yo. Yo rekonèt se te yon bon kalite tradiksyon. Nou remèsi tout frè ak sè ki te bay tèt yo ak tout kè pou reyisi aspè sa a nan asanble a, e nou kontinye priye Jewova pou l beni nouvo fòm aktivite sa a ann Ayiti.

◼ Nou avèti kongregasyon yo gen yon lòt nimewo telefòn anplis sou nimewo nou gen deja a nan Filyal Santo a, ann Ayiti. Men nouvo nimewo a : 510 8801, pou apèl. Premye nimewo a anpàn, men lè yo repare l n ap prefere nou itilize l pito.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje