BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/00 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2000
Ministè Wayòm nan — 2000
km 1/00 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1986 kongregasyon an gen nan estòk li. Kongregasyon ki pa gen liv sa yo nan estòk yo kapab ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Fevriye : Le secret du bonheur familial. Mas : La connaissance qui mène à la vie éternelle. Yon efò espesyal pral fèt pou kòmanse etid biblik. Avril : Yon La Tour de Garde ak yon Réveillez-vous ! Se pou n gen bwochi Sa Bondye vle a disponib pou moun ki enterese yo, epi fè efò pou n kòmanse etid biblik.

◼ Tout pwoklamatè batize ki nan reyinyon sèvis semèn 10 janvye a ap resevwa kat “ Instructions médicales/Pas de sang ” avèk “ Carte d’identité ” pou pitit yo.

◼ Apati mwa fevriye e depi anvan 5 mas, siveyan sikonskripsyon yo ap prezante nouvo diskou piblik “ La bataille d’Harmaguédon : pourquoi et quand ? ”

◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la mèkredi 19 avril apre kouche solèy. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo pa ta dwe kòmanse pase anblèm yo anvan kouche solèy. Verifye akilè solèy la ap kouche nan zòn nou ye a. Kwak li swetab pou chak kongregasyon selebre Memoryal la apa, sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm petèt youn oswa plizyè nan yo ka jwenn lòt lokal pou sware sa a. Kote sa posib, nou sijere pou gen omwen 40 minit ant seremoni yo pou pèmèt nou salye vizitè yo, ankouraje nouvo yo epi pwofite de okazyon an o maksimòm. Epitou, nou dwe egzamine pwoblèm ki kapab genyen pou machin paking oubyen pwoblèm sa kapab bay nan monte oswa desann machin. Kolèj ansyen yo ta dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.

◼ Y ap bay diskou piblik espesyal pou epòk Memoryal 2000 la dimanch 16 avril. Men tèm nan : “ Pourquoi l’humanité a-t-elle besoin d’une rançon ? ” Yo pral voye plan diskou a. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn nou sot di a, pral gen diskou espesyal la semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 16 avril 2000.

◼ Travay pou agrandi Betèl la ap kòmanse apati mwa janvye sa a. Frè ak sè ki disponib e ki gen yon metye anrapò avèk konstriksyon kapab mande yon fòmilè QUESTIONNAIRE POUR LES VOLONTAIRES AU BÉTHEL. Y ap ranpli li epi y ap remèt li bay komite sèvis kongregasyon yo a. Komite sèvis la ap fin ranpli l epi y ap voye l prese prese nan filyal la. Apresa y ap tann yon lèt envitasyon. Nou mande pou pèsonn moun oswa kongregasyon pa vin travay san envitasyon.

◼ Apati mwa janvye sa a, tout kongregasyon nan peyi d Ayiti ap kòmanse sistèm senplifye a. N ap preche jan nou abitye fè l, men n ap ofri piblikasyon oswa peryodik san reklame yon kontribisyon fiks. Pa bliye ankouraje moun yo fè ofrann volontè. N ap fè n sonje tou pou gen bwat ki make : “ Ofrann pou travay mondyal Sosyete a — Matye 24:14 ”. Mete yon bwat bò kontwa piblikasyon, yon bwat bò kontwa peryodik.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje