Nouvèl teyokratik
◼ Nouvo kongregasyon ann Ayiti : Dèlma sid, Fonfrèd, Majofre, Maseyan.
◼ Kounye a, nou gen 739 pyonye pèmanan ann Ayiti. Sa fè plis pase 6 % nan valè pwoklamatè ki gen nan peyi a. Nou swete gen anpil lòt frè ak sè k ap vin nan mitan pyonye zele sa yo.
◼ Lasosyete nome 12 nouvo pyonye pèmanan nan kongregasyon Dekawo (Gonayiv) nan mwa septanm 1999. Sa fè vin gen 25 pyonye pèmanan nan kongregasyon sa a.
◼ Rapò analiz yo montre tout pwoklamatè nèt nan kongregasyon n ap site la a yo te preche chak mwa soti mwa mas pou rive mwa out 1999. Se : Anous, Ansafolè, Ansavo, Ansdeno, Basenble, Beladè, Benè, Bewo, Bidouz, Bonbadopolis, Bwadin, Dammari, Dechapèl, Dondon, Granbasen, Granndedin, Grangwav, Grannrivyèdinò, Hench, Hotfèy, Houk, Kafoudifò, Kanalbwa, Kòtdefè, Koto, Laba, Lakolin, Limonad, Majofre, Manich, Maseyan, Mèsan, Mibalè, Miragwàn, Moriso, Open, Pasrèn, Pestèl, Pilat, Ponsonde, Pòsali, Sanayi, Sarazen, Senjòj, Sodo, Sous Matla, Tirivyè Latibonit, Tirivyèdenip, Tomasik, Twoudinò. Nou felisite tout pwoklamatè nan kongregasyon sa yo pou efò yo fè pou bay yon rapò sèvis chak mwa.
◼ Nan kongregasyon Moriso, 26 pwoklamatè yo te byen kontan gen 75 moun nan reyinyon piblik la dènye fwa siveyan sikonskripsyon an te vizite yo. Sa prèske egal 300 % kantite pwoklamatè ki genyen an.
◼ Lasosyete nome 2 pyonye espesyal pou ede moun ki soud e ki bèbè k ap viv nan zòn Kafou. Nou swete Jewova ap kontinye beni nouvo pòt aktivite sa a ki ouvri ann Ayiti.