Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann avril ak me : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Se pou n gen bwochi Sa Bondye vle a disponib pou moun ki enterese yo, epi n ap fè efò pou n kòmanse etid biblik. Jen : Ki sa Bondye vle nou fè ? oubyen Ce que Dieu attend de nous. N ap konsantre efò nou pou nou kòmanse etid biblik. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Un livre pour tous ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? — Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! oswa Vivez éternellement heureux sur la terre ! Pou bwochi ki vin annapre yo, nou kapab ofri yo lè sa apwopriye. Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils nous aider ou nous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ?
◼ Apati mwa avril, ensiy kongrè 2000 lan ap disponib an franse. Piske y ap voye yo otomatikman ansanm ak piblikasyon yo, li pa nesesè pou nou kòmande yo. Ensiy yo ap rive nan chak kongregasyon pa pake 25, selon kantite pwoklamatè ki gen nan kongregasyon an. Si gen kongregasyon ki bezwen plis, yo ka kòmande yo sou fomilè “ Demande de publications ” (S-14) la. Si gen moun nan kongregasyon an ki vle pòt ensiy plastik, se kòmann pou kongregasyon an fè pou yo.
◼ Sosyete a gen nan estòk li volim relye La Tour de Garde ann ANGLÈ pou ane 1951 a 1955, 1987, 1995, 1996 ak Réveillez-vous ! ane 1987 e 1989. Nenpòt pwoklamatè oswa nouvo kongregasyon ki vle gen piblikasyon sa yo kapab mande yo kounye a pa mwayen reskonsab piblikasyon nan kongregasyon an.
◼ Kòm yo te anonse sa nan Ministè Wayòm mas 2000 la, Watchtower Library — Édition 1999 disponib kounye a nan nèf lang. Se pou nou sonje CD-ROM nan se pa ni pou distribye bay piblik la, ni pou bibliyotèk lekòl ni pou moun senpleman ki renmen Temwen Jewova. Watchtower Library—1999 se yon dispozisyon pou moun ki manm kongregasyon an e li fèt pou disponib sèlman anndan kongregasyon an. Jiskaske konpak disk yo disponib e jiskaske yo voye yo, n ap toujou wè “ Noté pour plus tard ” make sou “ Relevé d’expédition ” yo voye bay kongregasyon an.
◼ Nouvo kasèt ki disponib :
Fanmi : Pran abitid li Labib chak jou ! (Dram, yon sèl kasèt) —espayòl