“ Nou pa ka sispann pale ”
1 Jezi Kris ap kontwole travay predikasyon an de pre (Mat. 28:20 ; Mak 13:10). Kwak gen prèske sis milyon pwoklamatè aktif k ap preche nan 234 peyi, nou pa ka pran libète pou n di nou fin bay temwayaj la. Jiskaske Bondye di travay la fin fèt, “ nou pa ka sispann pale ” konsènan bagay nou te aprann yo. — Tra. 4:20.
2 Konte sou lespri Bondye : Satan sèvi ak gwo presyon pou dekouraje nou (Rev. 12:17). Pwòp kò pechè nou an fè nou soufri tou anba anpil pwoblèm. Jan de bagay sa yo kapab detounen atansyon nou sou travay predikasyon an ki gen yon kokennchenn enpòtans. Malgre sa, si nou gen konfyans nan Jewova, lespri l ap ede nou fè fas ak nenpòtkèl obstak.
3 Lè kretyen nan kongregasyon premye syèk la te anba gwo pèsekisyon cho, frè yo te priye Bondye pou l ede yo gen kran pou yo kontinye pale pawòl li. Jewova te reponn priyè yo a. Li te voye lespri l sou yo e li te ba yo zèl ak fòs volonte yo te bezwen an pou yo kontinye preche. Kòm rezilta, yo te kontinye pwoklame bon nouvèl la avèk kouraj e san pran souf. — Tra. 4:29, 31 ; 5:42.
4 Pa pè pawòl dekourajan : An jeneral, prejije oswa move kout lang nan piblisite kapab gen tandans entimide nou. Sepandan, sonje deklarasyon ak kran Pyè ak lòt apòt yo te fè devan Sanedren an nan Travay 5:29-32. Tankou Gamalyèl, anseyan lalwa a te admèt li, moun pa ka kraze travay Bondye. Se pa pisans pa nou k ap reyalize l. Gwo travay sa a se Bondye ki dèyè l, e se li ki kapab reyalize l ! — Zek. 4:6.
5 Annou sipliye Jewova chak jou pou lespri li ede nou pwoklame bon nouvèl la avèk zèl. Se pou nou di tankou Jeremi te di a : mesaj Wayòm nan tankou yon dife cho nan zo nou (Jer. 20:9). Nou pa ka rete an silans !